Liv Ézayi / Ésaïe / Isaiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ézayi 27  

1 Jou sa a, Seyè a pral pran gwo nepe li a ki byen file, byen solid, li pral sèvi avè l’ pou l’ pini levyatan an, gwo koulèv ki konn kouri kache a, gwo koulèv ki konn tòde kò l’ la. L’ap touye dragon k’ap viv nan lanmè a.
Jou sa a, y’a chante yon chante sou jaden rezen k’ap bay bon diven an.
Se mwen menm, Seyè a, k’ap okipe jaden an. Se chak lè m’ap wouze l’. Lajounen kou lannwit m’ap veye l’, pou pesonn pa fè l’ anyen.
Mwen pa fache avè l’ ankò. Si mwen jwenn pikan ak move raje ladan l’, m’a rache yo. M’a sanble yo, m’a boule yo nan dife.
Men, si lènmi pèp mwen an vle pou m’ pwoteje yo, se pou yo vin fè lapè ak mwen. Wi, se pou yo vin fè lapè ak mwen.
Nan jou k’ap vini yo, fanmi Jakòb la pral pouse rasin ankò, pèp Izrayèl la pral boujonnen, li pral fè flè. Li pral kouvri latè ak donn l’ap bay.
 Seyè a pa t’ pini l’ menm jan li te pini lènmi l’ yo. Li pa t’ touye moun li yo menm jan li te touye moun ki t’ap ansasinen l’ yo.
Pou l’ te pini pèp la, li mete yo deyò nan peyi a, li fè depòte yo, li voye yon move van soti nan lès pote yo ale.
Men, pou l’ padonnen peche pèp Izrayèl la, se pou tout wòch lotèl zidòl yo tounen pousyè lacho, se pou yo kraze tout estati zidòl yo ansanm ak lotèl kote yo boule lansan pou yo. Se konsa li p’ap fè yo peye pou sa yo fè a.
10 Lavil ki te gen gwo ranpa ap fin kraze. Pa gen moun ki rete la ankò. Lavil la tounen yon savann. Se la jenn bèf vin rete, se la yo manje, se la yo kouche. Y’ap manje dènye ti pous raje.
11 Branch bwa yo cheche, yo kase. Medam yo ranmase yo pou fè dife. Paske pèp la pa t’ konprann anyen, Bondye ki te kreye l’ la p’ap gen pitye pou li. Bondye ki te fè l’ la p’ap fè l’ gras.
12 Jou sa a, tankou lè y’ap bat pwa sou glasi, se Seyè a menm ki pral jije tout moun nan peyi a, depi bò larivyè Lefrat la jouk ravin ki sou fwontyè ak peyi Lejip la. Apre sa, nou menm pitit Izrayèl yo, l’ap ranmase nou grenn pa grenn, tankou lè y’ap ranmase grenn pwa sou glasi.
13 Wi, jou sa a, y’a kònen gwo twonpèt la. Tout moun ki t’ap deperi nan peyi Lasiri, tout moun yo te depòte nan peyi Lejip yo pral tounen lakay yo. Y’ap vin adore Seyè a sou mòn ki apa pou li a, nan lavil Jerizalèm.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ésaïe 27

1 En ce jour, l’Éternel frappera de sa dure, grande et forte épée Le léviathan, serpent fuyard, Le léviathan, serpent tortueux; Et il tuera le monstre qui est dans la mer.
En ce jour-là, Chantez un cantique sur la vigne.
Moi l’Éternel, j’en suis le gardien, Je l’arrose à chaque instant; De peur qu’on ne l’attaque, Nuit et jour je la garde.
Il n’y a point en moi de colère; Mais si je trouve à combattre des ronces et des épines, Je marcherai contre elles, je les consumerai toutes ensemble,
A moins qu’on ne me prenne pour refuge, Qu’on ne fasse la paix avec moi, qu’on ne fasse la paix avec moi.
Dans les temps à venir, Jacob prendra racine, Israël poussera des fleurs et des rejetons, Et il remplira le monde de ses fruits.
L’Éternel l’a-t-il frappé comme il a frappé ceux qui le frappaient? L’a-t-il tué comme il a tué ceux qui le tuaient?
C’est avec mesure que tu l’as châtié par l’exil, En l’emportant par le souffle impétueux du vent d’orient.
Ainsi le crime de Jacob a été expié, Et voici le fruit du pardon de son péché: L’Éternel a rendu toutes les pierres des autels Pareilles à des pierres de chaux réduites en poussière; Les idoles d’Astarté et les statues du soleil ne se relèveront plus.
10 Car la ville forte est solitaire, C’est une demeure délaissée et abandonnée comme le désert; Là pâture le veau, il s’y couche, et broute les branches.
11 Quand les rameaux sèchent, on les brise; Des femmes viennent, pour les brûler. C’était un peuple sans intelligence: Aussi celui qui l’a fait n’a point eu pitié de lui, Celui qui l’a formé ne lui a point fait grâce.
12 En ce temps-là, L’Éternel secouera des fruits, Depuis le cours du fleuve jusqu’au torrent d’Égypte; Et vous serez ramassés un à un, enfants d’Israël!
13 En ce jour, on sonnera de la grande trompette, Et alors reviendront ceux qui étaient exilés au pays d’Assyrie Ou fugitifs au pays d’Égypte; Et ils se prosterneront devant l’Éternel, Sur la montagne sainte, à Jérusalem.

Louis Segond {LSG}

Isaiah 27 

1 In that day the Lord with his sore and great and strong sword shall punish leviathan the piercing serpent, even leviathan that crooked serpent; and he shall slay the dragon that is in the sea.
In that day sing ye unto her, A vineyard of red wine.
I the Lord do keep it; I will water it every moment: lest any hurt it, I will keep it night and day.
Fury is not in me: who would set the briers and thorns against me in battle? I would go through them, I would burn them together.
Or let him take hold of my strength, that he may make peace with me; and he shall make peace with me.
He shall cause them that come of Jacob to take root: Israel shall blossom and bud, and fill the face of the world with fruit.
Hath he smitten him, as he smote those that smote him? or is he slain according to the slaughter of them that are slain by him?
In measure, when it shooteth forth, thou wilt debate with it: he stayeth his rough wind in the day of the east wind.
By this therefore shall the iniquity of Jacob be purged; and this is all the fruit to take away his sin; when he maketh all the stones of the altar as chalkstones that are beaten in sunder, the groves and images shall not stand up.
10 Yet the defenced city shall be desolate, and the habitation forsaken, and left like a wilderness: there shall the calf feed, and there shall he lie down, and consume the branches thereof.
11 When the boughs thereof are withered, they shall be broken off: the women come, and set them on fire: for it is a people of no understanding: therefore he that made them will not have mercy on them, and he that formed them will shew them no favour.
12 And it shall come to pass in that day, that the Lord shall beat off from the channel of the river unto the stream of Egypt, and ye shall be gathered one by one, O ye children of Israel.
13 And it shall come to pass in that day, that the great trumpet shall be blown, and they shall come which were ready to perish in the land of Assyria, and the outcasts in the land of Egypt, and shall worship the Lord in the holy mount at Jerusalem.  
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}