Liv 1 Korent / 1 Corinthiens / 1 Corinthians

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Korent 9                 

Eske m’ pa lib? Eske m’ pa yon apòt? Eske m’ pa t’ wè Jezikri, Seyè nou an? Eske nou menm, se pa rezilta travay mwen nan sèvis Seyè a nou ye?
Menm si pou lòt moun mwen pa apòt, pou nou menm se apòt mwen ye. Paske, jan n’ap viv ansanm ak Seyè a, nou se prèv se apòt mwen ye.
 Lè moun ap kritike m’, men ki jan mwen defann tèt mwen:
Mwen mande yo: Eske m’ pa gen dwa pou yo ban m’ manje, pou yo ban m’ bwè pou travay mwen?
Eske m’ pa gen dwa fè tankou tout lòt apòt yo, tankou frè Seyè yo ansanm ak Sefas, pou m’ mennen yon sè ki ta madanm mwen kote m’ prale?
Eske se Banabas avè m’ ase ki pou fè lòt travay pou n’ ka viv?
Nou janm tande yon sòlda ap fè sèvis nan lame, pou se li menm ankò ki peye tèt li? Ou ankò, èske yon moun pa gen dwa manje rezen nan pye rezen li te plante a? Osinon, èske yon gadò mouton pa gen dwa bwè lèt mouton l’ap okipe yo?
Pa konprann se sèlman nan zafè lèzòm nou jwenn egzanp konsa. Lalwa Moyiz la di menm bagay la tou.
Men sa ki ekri nan Liv lalwa a: Pa bay bèf k’ap rale kabwèt la baboukèt. Se lapenn Bondye gen konsa pou bèf yo atò?
10 Nou pa kwè se pou nou l’ap pale pito? Men wi. Se pou nou pawòl la te ekri. Se pou moun k’ap bat tè a fè travay la ak espwa y’ap ba li pa l’ nan rekòt la. Se menm jan an tou pou moun k’ap bat pwa a.
11 Nou simen grenn ki soti nan Lespri Bondye a nan kè nou. Eske se yon zafè sa ta ye si nou rekòlte nan byen materyèl nou yo?
12 Si lòt moun gen dwa sa a sou nou, èske nou menm nou pa gen plis dwa pase yo? Men nou pa t’ pwofite dwa sa a. Okontrè, nou soufri tout bagay pou n’ pa antrave mach bon nouvèl ki pale sou Kris la.
13 Nou konnen sa byen pwòp: tout moun k’ap travay pou Bondye nan tanp lan, manje yo sou kont tanp lan. Tout moun k’ap ofri bèt pou touye sou lòtèl la resevwa pa yo nan vyann bèt yo touye a.
14 Konsa tou, Seyè a bay lòd pou tout moun k’ap anonse bon nouvèl la fèt pou yo viv sou kont travay bon nouvèl la.
15  Men, poutèt pa m’, mwen pa janm pwofite dwa sa a. Se pa pou fè ankenn reklamasyon non plis kifè m’ap ekri sa. Mwen ta pito mouri pase pou m’ ta kite moun wete lwanj sa a nan men mwen!
16 Tande byen, se pa yon lwanj pou mwen dèske m’ap anonse bon nouvèl la. Sa se yon obligasyon yo fè mwen. Malè pou mwen si m’ pa anonse bon nouvèl la!
17 Si se mwen ki te chwazi tèt mwen pou fè travay sa a, mwen ta ka gen espwa resevwa lajan pou sa. Men, si se fòse yo fòse m’ fè travay sa a, lè sa a se yon reskonsablite Bondye ban mwen.
18 Ki jan yo peye m’ atò? Tout plezi m’ se pou m’ anonse bon nouvèl la gratis, san m’ pa egzije anyen nan sa yo dwe m’ pou travay m’ap fè a lè m’ap anonse bon nouvèl la.
19  Mwen lib, mwen pa esklav pesonn. Men, mwen fè tèt mwen esklav tout moun pou m’ ka mennen mezi m’ kapab vin jwenn Kris la.
20 Lè m’ap travay nan mitan moun ki jwif, mwen viv tankou yon jwif pou m’ ka mennen yo vin jwenn Kris la. Mwen pa anba lalwa Moyiz la. Men, mwen viv tankou si m’ te anba l’ lè m’ap travay nan mitan moun ki anba lalwa a, pou m’ ka mennen yo vin jwenn Kris la.
21 Konsa tou, lè m’ nan mitan moun ki pa konnen lalwa Moyiz la, mwen viv tankou yo san m’ pa okipe lalwa a, pou m’ ka mennen yo vin jwenn Kris la. Sa pa vle di pou sa mwen pa obeyi lalwa Bondye a. Paske mwen menm, mwen anba lalwa Kris la.
22 Avèk moun ki fèb nan konfyans yo, m’ap viv tankou si mwen menm tou mwen te fèb, pou m’ sa mennen yo vini. Konsa konsa, mwen fè m’ tout jan ak tout moun pou m’ ka sove kèk nan yo pa tout mwayen posib.
23 Mwen fè tou sa poutèt bon nouvèl la, pou m’ ka resevwa pa m’ nan benediksyon l’ yo.
24  Lè y’ap fè konkou pou wè kilès ki ka kouri pi vit, tout moun gen pou kouri. Men, se yon sèl ki gen premye pri a. Nou konn sa, pa vre? Enben, nou menm tou, kouri pou n’ ka genyen kous la.
25 Moun k’ap fè egzèsis pou al nan konkou, yo bay kò yo yon disiplen sevè pou yo ka byen pare. Yo fè tou sa pou yo ka genyen yon kouwòn ki p’ap konsève lontan. Men nou menm, n’ap bay kò nou yon disiplen sevè pou n’ ka genyen yon kouwòn k’ap la pou tout tan.
26 Se poutèt sa, m’ap kouri, men je m’ pa soti sou kote pou m’ rive a. Mwen tankou yon nonm k’ap tire koutpwen, men mwen pa tankou moun k’ap goumen ak lonbraj li.
27 Mwen aji di ak kò m’, mwen kenbe l’ kout, pou mwen menm yo pa voye m’ jete apre mwen fin moutre lòt yo sa pou yo fè. 

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

1 Corinthiens 9           

1 Ne suis-je pas libre? Ne suis-je pas apôtre? N’ai-je pas vu Jésus notre Seigneur? N’êtes-vous pas mon oeuvre dans le Seigneur?
Si pour d’autres je ne suis pas apôtre, je le suis au moins pour vous; car vous êtes le sceau de mon apostolat dans le Seigneur.
C’est là ma défense contre ceux qui m’accusent.
N’avons-nous pas le droit de manger et de boire?
N’avons-nous pas le droit de mener avec nous une soeur qui soit notre femme, comme font les autres apôtres, et les frères du Seigneur, et Céphas?
Ou bien, est-ce que moi seul et Barnabas nous n’avons pas le droit de ne point travailler?
Qui jamais fait le service militaire à ses propres frais? Qui est-ce qui plante une vigne, et n’en mange pas le fruit? Qui est-ce qui fait paître un troupeau, et ne se nourrit pas du lait du troupeau?
Ces choses que je dis, n’existent-elles que dans les usages des hommes? la loi ne les dit-elle pas aussi?
Car il est écrit dans la loi de Moïse: Tu n’emmuselleras point le boeuf quand il foule le grain. Dieu se met-il en peine des boeufs,
10 ou parle-t-il uniquement à cause de nous? Oui, c’est à cause de nous qu’il a été écrit que celui qui laboure doit labourer avec espérance, et celui qui foule le grain fouler avec l’espérance d’y avoir part.
11 Si nous avons semé parmi vous les biens spirituels, est-ce une grosse affaire si nous moissonnons vos biens temporels.
12 Si d’autres jouissent de ce droit sur vous, n’est-ce pas plutôt à nous d’en jouir? Mais nous n’avons point usé de ce droit; au contraire, nous souffrons tout, afin de ne pas créer d’obstacle à l’Évangile de Christ.
13 Ne savez-vous pas que ceux qui remplissent les fonctions sacrées sont nourris par le temple, que ceux qui servent à l’autel ont part à l’autel?
14 De même aussi, le Seigneur a ordonné à ceux qui annoncent l’Évangile de vivre de l’Évangile.
15 Pour moi, je n’ai usé d’aucun de ces droits, et ce n’est pas afin de les réclamer en ma faveur que j’écris ainsi; car j’aimerais mieux mourir que de me laisser enlever ce sujet de gloire.
16 Si j’annonce l’Évangile, ce n’est pas pour moi un sujet de gloire, car la nécessité m’en est imposée, et malheur à moi si je n’annonce pas l’Évangile!
17 Si je le fais de bon coeur, j’en ai la récompense; mais si je le fais malgré moi, c’est une charge qui m’est confiée.
18 Quelle est donc ma récompense? C’est d’offrir gratuitement l’Évangile que j’annonce, sans user de mon droit de prédicateur de l’Évangile.
19 Car, bien que je sois libre à l’égard de tous, je me suis rendu le serviteur de tous, afin de gagner le plus grand nombre.
20 Avec les Juifs, j’ai été comme Juif, afin de gagner les Juifs; avec ceux qui sont sous la loi, comme sous la loi (quoique je ne sois pas moi-même sous la loi), afin de gagner ceux qui sont sous la loi;
21 avec ceux qui sont sans loi, comme sans loi (quoique je ne sois point sans la loi de Dieu, étant sous la loi de Christ), afin de gagner ceux qui sont sans loi.
22 J’ai été faible avec les faibles, afin de gagner les faibles. Je me suis fait tout à tous, afin d’en sauver de toute manière quelques-uns.
23 Je fais tout à cause de l’Évangile, afin d’y avoir part.
24 Ne savez-vous pas que ceux qui courent dans le stade courent tous, mais qu’un seul remporte le prix? Courez de manière à le remporter.
25 Tous ceux qui combattent s’imposent toute espèce d’abstinences, et ils le font pour obtenir une couronne corruptible; mais nous, faisons-le pour une couronne incorruptible.
26 Moi donc, je cours, non pas comme à l’aventure; je frappe, non pas comme battant l’air.
27 Mais je traite durement mon corps et je le tiens assujetti, de peur d’être moi-même rejeté, après avoir prêché aux autres.

Louis Segond {LSG}

1 Corinthians 9        

 1 Am I am not an apostle? am I not free? have I not seen Jesus Christ our Lord? are not ye my work in the Lord?
If I be not an apostle unto others, yet doubtless I am to you: for the seal of mine apostleship are ye in the Lord.
Mine answer to them that do examine me is this,
Have we not power to eat and to drink?
Have we not power to lead about a sister, a wife, as well as other apostles, and as the brethren of the Lord, and Cephas?
Or I only and Barnabas, have not we power to forbear working?
Who goeth a warfare any time at his own charges? who planteth a vineyard, and eateth not of the fruit thereof? or who feedeth a flock, and eateth not of the milk of the flock?
Say I these things as a man? or saith not the law the same also?
For it is written in the law of Moses, thou shalt not muzzle the mouth of the ox that treadeth out the corn. Doth God take care for oxen?
10 Or saith he it altogether for our sakes? For our sakes, no doubt, this is written: that he that ploweth should plow in hope; and that he that thresheth in hope should be partaker of his hope.
11 If we have sown unto you spiritual things, is it a great thing if we shall reap your carnal things?
12 If others be partakers of this power over you, are not we rather? Nevertheless we have not used this power; but suffer all things, lest we should hinder the gospel of Christ.
13 Do ye not know that they which minister about holy things live of the things of the temple? and they which wait at the altar are partakers with the altar?
14 Even so hath the Lord ordained that they which preach the gospel should live of the gospel.
15 But I have used none of these things: neither have I written these things, that it should be so done unto me: for it were better for me to die, than that any man should make my glorying void.
16 For though I preach the gospel, I have nothing to glory of: for necessity is laid upon me; yea, woe is unto me, if I preach not the gospel!
17 For if I do this thing willingly, I have a reward: but if against my will, a dispensation of the gospel is committed unto me.
18 What is my reward then? Verily that, when I preach the gospel, I may make the gospel of Christ without charge, that I abuse not my power in the gospel.
19 For though I be free from all men, yet have I made myself servant unto all, that I might gain the more.
20 And unto the Jews I became as a Jew, that I might gain the Jews; to them that are under the law, as under the law, that I might gain them that are under the law;
21 To them that are without law, as without law, (being not without law to God, but under the law to Christ,) that I might gain them that are without law.
22 To the weak became I as weak, that I might gain the weak: I am made all things to all men, that I might by all means save some.
23 And this I do for the gospel’s sake, that I might be partaker thereof with you.
24 Know ye not that they which run in a race run all, but one receiveth the prize? So run, that ye may obtain.
25 And every man that striveth for the mastery is temperate in all things. Now they do it to obtain a corruptible crown; but we an incorruptible.
26 I therefore so run, not as uncertainly; so fight I, not as one that beateth the air:
27 But I keep under my body, and bring it into subjection: lest that by any means, when I have preached to others, I myself should be a castaway.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}