Liv Ézayi / Ésaïe / Isaiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ézayi 49  

1 Nou menm ki rete nan zile yo, koute sa m’ap di nou! Nou menm ki rete byen lwen yo, pare zòrèy nou! Depi m’ fèt, Seyè a chwazi m’! Depi nan vant manman m’, li rele m’ pou m’ sèvi l’.
Li mete nan bouch mwen pawòl ki tankou kouto byen file. Li pwoteje m’ avèk fòs li. Li pare m’ tankou yon flèch byen pwenti, li sere m’ nan sakit li.
Li di m’: Izrayèl, se sèvitè m’ ou ye! W’ap sèvi yon lwanj pou mwen!
Mwen menm, mwen t’ap di nan kè m’: Se pou dan ri m’ap fatige kò m’. Se pou gremesi mwen travay jouk mwen fèb. Men, m’ap toujou gen konfyans: Seyè a va ban m’ rezon. Rekonpans mwen la byen sere nan men Seyè a.
Se Seyè a menm ki chwazi m’ depi m’ fèt pou m’ sèvi l’, pou m’ fè fanmi Jakòb la tounen vin jwenn li, pou m’ sanble pèp Izrayèl la mennen ba li. Seyè a ban m’ bèl pozisyon sa a. Se li ki tout fòs mwen.
Seyè a di m’ konsa: Wi, sèvitè m’ lan va fè fanmi Jakòb la kanpe ankò. L’a fè ti rès pèp Izrayèl yo te depòte a tounen lakay yo. Men, se poko sa toujou. M’ap fè li sèvi tankou yon limyè pou lòt nasyon yo, pou dènye moun sou latè ka konnen ki jan mwen menm mwen delivre!
 Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa, Seyè k’ap delivre yo a, l’ap pale ak pèp tout moun ap meprize a, pèp nasyon yo pa vle wè a, pèp ki esklav chèf k’ap gouvènen yo a. Li di yo: Wa va leve kanpe lè y’a wè ou. Chèf va ajenou devan ou. Y’a fè sa poutèt Seyè a k’ap toujou kenbe pawòl li, poutèt Bondye pèp Izrayèl la ki te chwazi ou.
Men sa Seyè a di pèp li a: -Lè lè a va rive pou m’ fè ou gras, m’a reponn ou. Lè jou a va rive pou m’ delivre ou, m’a pote ou sekou. Se mwen ki te fè ou, se mwen ki te chwazi ou pou ou siyen yon kontra ak tout pèp yo. M’a fè peyi a kanpe ankò. N’a tounen viv nan peyi yo te ban nou an, peyi yo te devaste a.
M’a di prizonye yo al lakay nou! M’a di moun ki te chita nan fènwa yo: Soti vin nan limyè a. Sou tout wout yo, y’a jwenn manje pou yo manje. Tankou mouton, y’a jwenn manje sou tout ti mòn.
10 Yo p’ap janm grangou, yo p’ap janm swaf dlo. Chalè solèy ak van dezè p’ap fè yo anyen. Paske se moun ki renmen yo a k’ap kondi yo. L’a mennen yo kote ki gen sous dlo.
11 M’a louvri yon bèl chemen nan mòn yo. M’a pare wout sou tout mòn yo pou pèp la.
12 Gen ladan yo k’ap soti byen lwen. Gen sa k’ap soti nan nò. Gen sa k’ap soti bò solèy kouche. Gen lòt k’ap soti lavil Sinim nan sid.
13  Se pou syèl la kontan! Se pou tè a fè fèt! Se pou mòn yo rele tèlman yo kontan! Paske Seyè a pral bay pèp li a kouraj, l’ap gen pitye pou pèp li a ki nan lapenn.
14 Men, pèp lavil Jerizalèm lan t’ap di: -Seyè a lage nou. Mèt la bliye nou.
15 Seyè a reponn: -Eske yon manman ka bliye pitit l’ap bay tete a? Eske li ka pa sansib pou pitit li pote nan vant li a? Menm si yon manman ta rive bliye pitit li, mwen menm, mwen p’ap janm bliye nou!
16 Mwen ekri non nou nan pla men m’. Mwen toujou wè miray nou yo devan je m’.
17 Moun ki pral rebati lavil la ap vin talè konsa. Moun ki t’ap kraze nou yo, ki t’ap piye nou yo, pral kouri met deyò.
18  Voye je nou toupatou. Gade sa k’ap pase. Tout moun nou yo ap sanble, y’ap vin jwenn nou. Jan nou konnen mwen vivan an, mwen fè sèman: Nou pral kontan wè yo lakay nou, tankou lè lamarye kontan wè bèl rad nòs li sou li. Se Seyè a menm ki di sa.
19 Peyi nou an te fin kraze. Peyi a te fin ravaje. Men, koulye a li pral twò piti pou kantite moun k’ap rete ladan l’. Paske moun ki t’ap fini ak peyi a, yo pral voye yo jete byen lwen nou.
20 Yon lè, pitit nou te kwè ki te pèdi nèt yo, n’a tande yo ap pale nan zòrèy nou, y’a di nou: Peyi a twò piti pou nou. Ban nou kote pou nou rete.
21 Lè sa a, n’a di nan kè nou! -Kilès ki te fè tout pitit sa yo pou nou? Nou te pèdi tout pitit nou yo. Nou pa t’ kapab fè pitit ankò. Yo te depòte nou, yo te vire do ban nou. Ki moun ki te elve tout pitit sa yo pou nou? Nou te pou kò nou. Kote yo soti menm?
22 Men sa Seyè a, Bondye a, di ankò: M’ap fè nasyon yo siyon ak men m’. M’ap leve drapo m’ pou m’ avèti pèp yo. Se yo menm ankò ki pral pran pitit gason nou yo sou do yo, k’ap mete pitit fi nou yo sou zepòl yo pou mennen yo tounen lakay nou.
23 Wa yo pral tankou papa pou nou. Pitit fi wa yo pral sèvi nou nouris. Y’ap ajenou devan nou, y’ap bese tèt yo jouk atè, Y’a niche pousyè ki nan pye nou. Lè sa a, n’a konnen se mwen menm ki Seyè a. Moun ki mete tout espwa yo nan mwen p’ap janm wont.
24  Eske ou ka wete nan men yon vanyan gason bagay li pran nan lagè? Eske ou ka lage prizonye ki anba men gwo chèf?
25 Men sa Seyè a reponn: Wi! Yo ka wete nan men yon vanyan sòlda sa li pran nan lagè. Yo ka lage prizonye ki anba men yon gwo chèf. M’ap goumen pou nou ak tout moun k’ap fè nou lagè. M’a delivre pitit nou yo.
26 Moun k’ap fè nou pase tray yo, m’ap fè yo yonn manje lòt. Y’ap bwè pwòp san yo jouk y’a sou tankou moun ki bwè diven. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm, Seyè a, k’ap sove nou. Se mwen menm, Bondye fanmi Jakòb la, Bondye ki gen pouvwa a, k’ap delivre nou.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ésaïe 49

1 Iles, écoutez-moi! Peuples lointains, soyez attentifs! L’Éternel m’a appelé dès ma naissance, Il m’a nommé dès ma sortie des entrailles maternelles.
Il a rendu ma bouche semblable à un glaive tranchant, Il m’a couvert de l’ombre de sa main; Il a fait de moi une flèche aiguë, Il m’a caché dans son carquois.
Et il m’a dit: Tu es mon serviteur, Israël en qui je me glorifierai.
Et moi j’ai dit: C’est en vain que j’ai travaillé, C’est pour le vide et le néant que j’ai consumé ma force; Mais mon droit est auprès de l’Éternel, Et ma récompense auprès de mon Dieu.
Maintenant, l’Éternel parle, Lui qui m’a formé dès ma naissance Pour être son serviteur, Pour ramener à lui Jacob, Et Israël encore dispersé; Car je suis honoré aux yeux de l’Éternel, Et mon Dieu est ma force.
Il dit: C’est peu que tu sois mon serviteur Pour relever les tribus de Jacob Et pour ramener les restes d’Israël: Je t’établis pour être la lumière des nations, Pour porter mon salut jusqu’aux extrémités de la terre.
Ainsi parle l’Éternel, le rédempteur, le Saint d’Israël, A celui qu’on méprise, qui est en horreur au peuple, A l’esclave des puissants: Des rois le verront, et ils se lèveront, Des princes, et ils se prosterneront, A cause de l’Éternel, qui est fidèle, Du Saint d’Israël, qui t’a choisi.
Ainsi parle l’Éternel: Au temps de la grâce je t’exaucerai, Et au jour du salut je te secourrai; Je te garderai, et je t’établirai pour traiter alliance avec le peuple, Pour relever le pays, Et pour distribuer les héritages désolés;
Pour dire aux captifs: Sortez! Et à ceux qui sont dans les ténèbres: Paraissez! Ils paîtront sur les chemins, Et ils trouveront des pâturages sur tous les coteaux.
10 Ils n’auront pas faim et ils n’auront pas soif; Le mirage et le soleil ne les feront point souffrir; Car celui qui a pitié d’eux sera leur guide, Et il les conduira vers des sources d’eaux.
11 Je changerai toutes mes montagnes en chemins, Et mes routes seront frayées.
12 Les voici, ils viennent de loin, Les uns du septentrion et de l’occident, Les autres du pays de Sinim.
13 Cieux, réjouissez-vous! Terre, sois dans l’allégresse! Montagnes, éclatez en cris de joie! Car l’Éternel console son peuple, Il a pitié de ses malheureux.
14 Sion disait: L’Éternel m’abandonne, Le Seigneur m’oublie! –
15 Une femme oublie-t-elle l’enfant qu’elle allaite? N’a-t-elle pas pitié du fruit de ses entrailles? Quand elle l’oublierait, Moi je ne t’oublierai point.
16 Voici, je t’ai gravée sur mes mains; Tes murs sont toujours devant mes yeux.
17 Tes fils accourent; Ceux qui t’avaient détruite et ravagée Sortiront du milieu de toi.
18 Porte tes yeux alentour, et regarde: Tous ils s’assemblent, ils viennent vers toi. Je suis vivant! dit l’Éternel, Tu les revêtiras tous comme une parure, Tu t’en ceindras comme une fiancée.
19 Dans tes places ravagées et désertes, Dans ton pays ruiné, Tes habitants seront désormais à l’étroit; Et ceux qui te dévoraient s’éloigneront.
20 Ils répéteront à tes oreilles, Ces fils dont tu fus privée: L’espace est trop étroit pour moi; Fais-moi de la place, pour que je puisse m’établir.
21 Et tu diras en ton coeur: Qui me les a engendrés? Car j’étais sans enfants, j’étais stérile. J’étais exilée, répudiée: qui les a élevés? J’étais restée seule: ceux-ci, où étaient-ils?
22 Ainsi a parlé le Seigneur, l’Éternel: Voici: Je lèverai ma main vers les nations, Je dresserai ma bannière vers les peuples; Et ils ramèneront tes fils entre leurs bras, Ils porteront tes filles sur les épaules.
23 Des rois seront tes nourriciers, et leurs princesses tes nourrices; Ils se prosterneront devant toi la face contre terre, Et ils lécheront la poussière de tes pieds, Et tu sauras que je suis l’Éternel, Et que ceux qui espèrent en moi ne seront point confus.
24 Le butin du puissant lui sera-t-il enlevé? Et la capture faite sur le juste échappera-t-elle? –
25 Oui, dit l’Éternel, la capture du puissant lui sera enlevée, Et le butin du tyran lui échappera; Je combattrai tes ennemis, Et je sauverai tes fils.
26 Je ferai manger à tes oppresseurs leur propre chair; Ils s’enivreront de leur sang comme du moût; Et toute chair saura que je suis l’Éternel, ton sauveur, Ton rédempteur, le puissant de Jacob.

Louis Segond {LSG}

Isaiah 49 

1 Listen, O isles, unto me; and hearken, ye people, from far; The Lord hath called me from the womb; from the bowels of my mother hath he made mention of my name.
And he hath made my mouth like a sharp sword; in the shadow of his hand hath he hid me, and made me a polished shaft; in his quiver hath he hid me;
And said unto me, Thou art my servant, O Israel, in whom I will be glorified.
Then I said, I have laboured in vain, I have spent my strength for nought, and in vain: yet surely my judgment is with the Lord, and my work with my God.
And now, saith the Lord that formed me from the womb to be his servant, to bring Jacob again to him, Though Israel be not gathered, yet shall I be glorious in the eyes of the Lord, and my God shall be my strength.
And he said, It is a light thing that thou shouldest be my servant to raise up the tribes of Jacob, and to restore the preserved of Israel: I will also give thee for a light to the Gentiles, that thou mayest be my salvation unto the end of the earth.
Thus saith the Lord, the Redeemer of Israel, and his Holy One, to him whom man despiseth, to him whom the nation abhorreth, to a servant of rulers, Kings shall see and arise, princes also shall worship, because of the Lord that is faithful, and the Holy One of Israel, and he shall choose thee.
Thus saith the Lord, In an acceptable time have I heard thee, and in a day of salvation have I helped thee: and I will preserve thee, and give thee for a covenant of the people, to establish the earth, to cause to inherit the desolate heritages;
That thou mayest say to the prisoners, Go forth; to them that are in darkness, Shew yourselves. They shall feed in the ways, and their pastures shall be in all high places.
10 They shall not hunger nor thirst; neither shall the heat nor sun smite them: for he that hath mercy on them shall lead them, even by the springs of water shall he guide them.
11 And I will make all my mountains a way, and my highways shall be exalted.
12 Behold, these shall come from far: and, lo, these from the north and from the west; and these from the land of Sinim.
13 Sing, O heavens; and be joyful, O earth; and break forth into singing, O mountains: for the Lord hath comforted his people, and will have mercy upon his afflicted.
14 But Zion said, The Lord hath forsaken me, and my Lord hath forgotten me.
15 Can a woman forget her sucking child, that she should not have compassion on the son of her womb? yea, they may forget, yet will I not forget thee.
16 Behold, I have graven thee upon the palms of my hands; thy walls are continually before me.
17 Thy children shall make haste; thy destroyers and they that made thee waste shall go forth of thee.
18 Lift up thine eyes round about, and behold: all these gather themselves together, and come to thee. As I live, saith the Lord, thou shalt surely clothe thee with them all, as with an ornament, and bind them on thee, as a bride doeth.
19 For thy waste and thy desolate places, and the land of thy destruction, shall even now be too narrow by reason of the inhabitants, and they that swallowed thee up shall be far away.
20 The children which thou shalt have, after thou hast lost the other, shall say again in thine ears, The place is too strait for me: give place to me that I may dwell.
21 Then shalt thou say in thine heart, Who hath begotten me these, seeing I have lost my children, and am desolate, a captive, and removing to and fro? and who hath brought up these? Behold, I was left alone; these, where had they been?
22 Thus saith the Lord God, Behold, I will lift up mine hand to the Gentiles, and set up my standard to the people: and they shall bring thy sons in their arms, and thy daughters shall be carried upon their shoulders.
23 And kings shall be thy nursing fathers, and their queens thy nursing mothers: they shall bow down to thee with their face toward the earth, and lick up the dust of thy feet; and thou shalt know that I am the Lord: for they shall not be ashamed that wait for me.
24 Shall the prey be taken from the mighty, or the lawful captive delivered?
25 But thus saith the Lord, Even the captives of the mighty shall be taken away, and the prey of the terrible shall be delivered: for I will contend with him that contendeth with thee, and I will save thy children.
26 And I will feed them that oppress thee with their own flesh; and they shall be drunken with their own blood, as with sweet wine: and all flesh shall know that I the Lord am thy Saviour and thy Redeemer, the mighty One of Jacob.    
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}