Liv Egzòd / Exode / Exodus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Egzòd 32

1 Lè pèp la wè Moyiz te rete lontan sou mòn lan san li pa desann, yo sanble bò kote Arawon, yo di l’ konsa: -Ann debouye nou fè lòt bondye ki pou mache devan nou, paske nonm yo rele Moyiz la ki te fè nou moute soti nan peyi Lejip la, nou pa konn sa ki rive l’.
Arawon di yo: -Wete tout zanno lò ki nan zòrèy madanm nou yo ak nan zòrèy pitit fi ak pitit gason nou yo, pote yo ban mwen.
Konsa, tout pèp la wete zanno lò yo te gen nan zòrèy yo, yo pote yo bay Arawon.
Arawon pran zanno yo, li fonn yo, li koule lò a nan yon moul, li fè estati yon ti towo bèf. Pèp la di: -Pèp Izrayèl, men bondye nou an. Se li ki te fè nou soti kite peyi Lejip la.
Lè Arawon wè sa, li bati yon lòtèl devan estati ti towo bèf la, epi li di yo: -Denmen m’ap fè yon gwo fèt pou Seyè a.
Nan denmen maten yo leve byen bonè, yo touye bèt, yo boule yo nèt ofri bay Seyè a. Yo touye lòt bèt tou pou di l’ mèsi. Apre sa, pèp la chita, yo manje, yo bwè. Lèfini, yo leve pou yo pran plezi yo.
 Lè sa a, Seyè a di Moyiz: -Ale non, ou mèt desann. Paske pèp ou a, pèp ou te fè moute soti nan peyi Lejip la, gen tan deraye, yo lage tèt yo nan bwa.
Yo gen tan kite chemen mwen te mande yo swiv la. Yo pran lò, yo fonn li, yo fè estati yon ti towo bèf, yo tonbe fè sèvis pou li, yo touye bèt ofri ba li, epi yo di: Pèp Izrayèl, men bondye nou an. Se li ki te fè nou soti kite peyi Lejip la.
Seyè a di Moyiz ankò: -Mwen wè pèp sa a se yon pèp ki gen tèt di.
10 Bon, koulye a kite m’ al regle ak yo. Mwen pral fè yo konnen lè m’ an kòlè, m’ap detwi yo, m’ap boule yo. Men, ou menm, m’ap fè ou vin yon gwo nasyon.
11 Moyiz kriye nan pye Seyè a, Bondye l’ a, li di l’: -Seyè, poukisa pou ou ta koute kòlè ou pou ou fache sou pèp ki pou ou a, pèp ou menm menm te fè moute soti kite Lejip avèk gwo pouvwa ou, avèk fòs ponyèt ou?
12 Atò, sa pou moun peyi Lejip yo di? y’a di: Ala Bondye malveyan! Li fè yo soti kite Lejip pou l’ te ka touye yo nan mòn yo, pou l’ te ka disparèt yo sou latè. Seyè, pa koute kòlè ou! Chanje lide. Pa fè malè sèk sa a tonbe sou pèp ou a.
13 Chonje sèvitè ou yo, Abraram, Izarak ak Izrayèl. Chonje pwomès ou te fè yo. Ou te fè sèman sou tèt ou, ou te di yo: M’ap ban nou pitit pitit an kantite, y’ap tankou zetwal nan syèl la. M’ap bay pitit pitit nou yo tout peyi mwen te di m’ap ban nou an, pou peyi a rele yo chèmèt pou tout tan.
14 Lè sa a, Seyè a chanje lide, li pa voye malè sèk li te fè lide voye sou pèp la ankò.
15  Moyiz pran chemen pou l’ tounen. Li desann soti nan mòn lan avèk de ròch plat kontra a nan men l’. Ròch yo te ekri sou tout kò yo, devan kou dèyè.
16 Se Bondye menm ki te travay ròch plat sa yo. Se li menm tou ki te ekri sou yo ak pròp men li. Se li ki te grave tout lèt ki ekri sou ròch yo.
17 Jozye te tande pèp la ki t’ap rele byen fò anba a. Li di Moyiz: -Pou tout bri mwen tande a, gen gwo goumen nan kan an!
18 Men Moyiz reponn li: -Non! Non! Kalite chante sa a, se pa chante moun ki genyen yon batay ni chante moun ki pèdi batay. Se de gwoup moun k’ap chante: yonn ap reponn lòt.
19 Lè Moyiz rive toupre kan an, li wè estati ti towo bèf la ak moun yo ki t’ap danse. Moyiz fè yon sèl kòlè, li voye ròch plat ki te nan men l’ yo jete. Yo tonbe, y al kraze an miyèt moso anba pye mòn lan.
20 Li pran estati ti towo bèf yo te fè a, li boule l’, li kraze l’, li fè l’ tounen pousyè. Li simen pousyè a nan dlo. Lèfini, li fè moun Izrayèl yo bwè dlo a.
21  Apre sa li di Arawon: -Kisa moun sa yo fè ou menm pou ou kite yo fè kalite gwo peche sa a?
22 Arawon reponn li: -Mèt, tanpri, pa fache sou mwen! Ou menm, ou konnen jan pèp sa a toujou pare pou fè sa ki mal.
23 Se yo menm ki di m’ fè bondye pou yo, bondye ki pou mache devan yo, paske yo pa konnen sa ki rive Moyiz, nonm sa a ki te fè yo soti kite Lejip la.
24 Lè sa a, mwen mande kilès nan mitan yo ki gen lò. Tout moun ki te gen lò sou yo ban mwen l’. Mwen lage lò a nan dife, epi estati ti towo bèf sa a parèt.
25 Moyiz wè pèp la te fin dechennen, paske Arawon te lage brid ba yo, yo te lage kò yo nan sèvi zidòl. Sa fè yo pa t’ anyen ankò devan lènmi yo.
26 Moyiz kanpe nan pòtay lakou kan an, li pale byen fò, li di: -Tout moun ki pou Seyè a, vin jwenn mwen. Se konsa tout pitit Levi yo vin jwenn li.
27 Li di yo: -Men sa Seyè a, li menm ki Bondye pèp Izrayèl la di: Se pou nou chak pran nepe nou, mache nan tout kan an, depi nan pòtay sa a rive jouk lòt bò a. Touye mezi moun ki tonbe anba men nou, kit se frè nou, kit se zanmi nou, osinon vwazinaj nou.
28 Pitit Levi yo fè sa Moyiz te ba yo lòd fè a. Jou sa a, te gen twamil moun konsa nan pèp la ki te pèdi lavi yo.
29 Moyiz di pitit Levi yo: -Jòdi a, avèk san pitit gason nou yo ak san frè nou yo nou fè koule a, nou mete tèt nou apa nèt pou sèvis Seyè a. Se poutèt sa tou, Seyè a pa manke ban nou benediksyon l’ jòdi a.
30  Nan denmen, Moyiz rele pèp la, li di yo: -Nou te fè yon gwo peche. Men koulye a, mwen pral moute sou mòn lan bò kote Seyè a. m’a wè si m’ ka jwenn padon pou peche nou an.
31 Moyiz tounen bò kote Seyè a. Li di l’: -Ou wè gwosè peche pèp la fè. Yo fè yon estati an lò pou sèvi yo bondye.
32 Men, tanpri, padonnen peche yo. Si se pa sa, tanpri efase non m’ nan liv ou a.
33 Seyè a reponn Moyiz, li di l’: -Moun ki peche kont mwen an, se non l’ pou m’ efase nan liv mwen an.
34 Koulye a, ou mèt ale. W’a mennen pèp la kote mwen te di ou mennen yo a. Chonje byen. Zanj mwen an ap mache devan ou. Men, lè jou a va rive pou m’ vin fè regleman ak yo a, m’ap pini yo pou peche yo.
35 Seyè a te voye yon maladi sou pèp la pou pini l’, paske yo te fòse Arawon fè estati yon ti bèf pou yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Exode 32

1 Le peuple, voyant que Moïse tardait à descendre de la montagne, s’assembla autour d’Aaron, et lui dit: Allons! fais-nous un dieu qui marche devant nous, car ce Moïse, cet homme qui nous a fait sortir du pays d’Égypte, nous ne savons ce qu’il est devenu.
Aaron leur dit: Otez les anneaux d’or qui sont aux oreilles de vos femmes, de vos fils et de vos filles, et apportez-les-moi.
Et tous ôtèrent les anneaux d’or qui étaient à leurs oreilles, et ils les apportèrent à Aaron.
Il les reçut de leurs mains, jeta l’or dans un moule, et fit un veau en fonte. Et ils dirent: Israël! voici ton dieu, qui t’a fait sortir du pays d’Égypte.
Lorsqu’Aaron vit cela, il bâtit un autel devant lui, et il s’écria: Demain, il y aura fête en l’honneur de l’Éternel!
Le lendemain, ils se levèrent de bon matin, et ils offrirent des holocaustes et des sacrifices d’actions de grâces. Le peuple s’assit pour manger et pour boire; puis ils se levèrent pour se divertir.
L’Éternel dit à Moïse: Va, descends; car ton peuple, que tu as fait sortir du pays d’Égypte, s’est corrompu.
Ils se sont promptement écartés de la voie que je leur avais prescrite; ils se sont fait un veau en fonte, ils se sont prosternés devant lui, ils lui ont offert des sacrifices, et ils ont dit: Israël! voici ton dieu, qui t’a fait sortir du pays d’Égypte.
L’Éternel dit à Moïse: Je vois que ce peuple est un peuple au cou roide.
10 Maintenant laisse-moi; ma colère va s’enflammer contre eux, et je les consumerai; mais je ferai de toi une grande nation.
11 Moïse implora l’Éternel, son Dieu, et dit: Pourquoi, ô Éternel! ta colère s’enflammerait-elle contre ton peuple, que tu as fait sortir du pays d’Égypte par une grande puissance et par une main forte?
12 Pourquoi les Égyptiens diraient-ils: C’est pour leur malheur qu’il les a fait sortir, c’est pour les tuer dans les montagnes, et pour les exterminer de dessus la terre? Reviens de l’ardeur de ta colère, et repens-toi du mal que tu veux faire à ton peuple.
13 Souviens-toi d’Abraham, d’Isaac et d’Israël, tes serviteurs, auxquels tu as dit, en jurant par toi-même: Je multiplierai votre postérité comme les étoiles du ciel, je donnerai à vos descendants tout ce pays dont j’ai parlé, et ils le posséderont à jamais.
14 Et l’Éternel se repentit du mal qu’il avait déclaré vouloir faire à son peuple.
15 Moïse retourna et descendit de la montagne, les deux tables du témoignage dans sa main; les tables étaient écrites des deux côtés, elles étaient écrites de l’un et de l’autre côté.
16 Les tables étaient l’ouvrage de Dieu, et l’écriture était l’écriture de Dieu, gravée sur les tables.
17 Josué entendit la voix du peuple, qui poussait des cris, et il dit à Moïse: Il y a un cri de guerre dans le camp.
18 Moïse répondit: Ce n’est ni un cri de vainqueurs, ni un cri de vaincus; ce que j’entends, c’est la voix de gens qui chantent.
19 Et, comme il approchait du camp, il vit le veau et les danses. La colère de Moïse s’enflamma; il jeta de ses mains les tables, et les brisa au pied de la montagne.
20 Il prit le veau qu’ils avaient fait, et le brûla au feu; il le réduisit en poudre, répandit cette poudre à la surface de l’eau, et fit boire les enfants d’Israël.
21 Moïse dit à Aaron: Que t’a fait ce peuple, pour que tu l’aies laissé commettre un si grand péché?
22 Aaron répondit: Que la colère de mon seigneur ne s’enflamme point! Tu sais toi-même que ce peuple est porté au mal.
23 Ils m’ont dit: Fais-nous un dieu qui marche devant nous; car ce Moïse, cet homme qui nous a fait sortir du pays d’Égypte, nous ne savons ce qu’il est devenu.
24 Je leur ai dit: Que ceux qui ont de l’or, s’en dépouillent! Et ils me l’ont donné; je l’ai jeté au feu, et il en est sorti ce veau.
25 Moïse vit que le peuple était livré au désordre, et qu’Aaron l’avait laissé dans ce désordre, exposé à l’opprobre parmi ses ennemis.
26 Moïse se plaça à la porte du camp, et dit: A moi ceux qui sont pour l’Éternel! Et tous les enfants de Lévi s’assemblèrent auprès de lui.
27 Il leur dit: Ainsi parle l’Éternel, le Dieu d’Israël: Que chacun de vous mette son épée au côté; traversez et parcourez le camp d’une porte à l’autre, et que chacun tue son frère, son parent.
28 Les enfants de Lévi firent ce qu’ordonnait Moïse; et environ trois mille hommes parmi le peuple périrent en cette journée.
29 Moïse dit: Consacrez-vous aujourd’hui à l’Éternel, même en sacrifiant votre fils et votre frère, afin qu’il vous accorde aujourd’hui une bénédiction.
30 Le lendemain, Moïse dit au peuple: Vous avez commis un grand péché. Je vais maintenant monter vers l’Éternel: j’obtiendrai peut-être le pardon de votre péché.
31 Moïse retourna vers l’Éternel et dit: Ah! ce peuple a commis un grand péché. Ils se sont fait un dieu d’or.
32 Pardonne maintenant leur péché! Sinon, efface-moi de ton livre que tu as écrit.
33 L’Éternel dit à Moïse: C’est celui qui a péché contre moi que j’effacerai de mon livre.
34 Va donc, conduis le peuple où je t’ai dit. Voici, mon ange marchera devant toi, mais au jour de ma vengeance, je les punirai de leur péché.
35 L’Éternel frappa le peuple, parce qu’il avait fait le veau, fabriqué par Aaron.

Louis Segond {LSG}

Exodus 32

1 And when the people saw that Moses delayed to come down out of the mount, the people gathered themselves together unto Aaron, and said unto him, Up, make us gods, which shall go before us; for as for this Moses, the man that brought us up out of the land of Egypt, we wot not what is become of him.
And Aaron said unto them, Break off the golden earrings, which are in the ears of your wives, of your sons, and of your daughters, and bring them unto me.
And all the people brake off the golden earrings which were in their ears, and brought them unto Aaron.
And he received them at their hand, and fashioned it with a graving tool, after he had made it a molten calf: and they said, These be thy gods, O Israel, which brought thee up out of the land of Egypt.
And when Aaron saw it, he built an altar before it; and Aaron made proclamation, and said, To morrow is a feast to the Lord.
And they rose up early on the morrow, and offered burnt offerings, and brought peace offerings; and the people sat down to eat and to drink, and rose up to play.
And the Lord said unto Moses, Go, get thee down; for thy people, which thou broughtest out of the land of Egypt, have corrupted themselves:
They have turned aside quickly out of the way which I commanded them: they have made them a molten calf, and have worshipped it, and have sacrificed thereunto, and said, These be thy gods, O Israel, which have brought thee up out of the land of Egypt.
And the Lord said unto Moses, I have seen this people, and, behold, it is a stiffnecked people:
10 Now therefore let me alone, that my wrath may wax hot against them, and that I may consume them: and I will make of thee a great nation.
11 And Moses besought the Lord his God, and said, Lord, why doth thy wrath wax hot against thy people, which thou hast brought forth out of the land of Egypt with great power, and with a mighty hand?
12 Wherefore should the Egyptians speak, and say, For mischief did he bring them out, to slay them in the mountains, and to consume them from the face of the earth? Turn from thy fierce wrath, and repent of this evil against thy people.
13 Remember Abraham, Isaac, and Israel, thy servants, to whom thou swarest by thine own self, and saidst unto them, I will multiply your seed as the stars of heaven, and all this land that I have spoken of will I give unto your seed, and they shall inherit it for ever.
14 And the Lord repented of the evil which he thought to do unto his people.
15 And Moses turned, and went down from the mount, and the two tables of the testimony were in his hand: the tables were written on both their sides; on the one side and on the other were they written.
16 And the tables were the work of God, and the writing was the writing of God, graven upon the tables.
17 And when Joshua heard the noise of the people as they shouted, he said unto Moses, There is a noise of war in the camp.
18 And he said, It is not the voice of them that shout for mastery, neither is it the voice of them that cry for being overcome: but the noise of them that sing do I hear.
19 And it came to pass, as soon as he came nigh unto the camp, that he saw the calf, and the dancing: and Moses’ anger waxed hot, and he cast the tables out of his hands, and brake them beneath the mount.
20 And he took the calf which they had made, and burnt it in the fire, and ground it to powder, and strawed it upon the water, and made the children of Israel drink of it.
21 And Moses said unto Aaron, What did this people unto thee, that thou hast brought so great a sin upon them?
22 And Aaron said, Let not the anger of my lord wax hot: thou knowest the people, that they are set on mischief.
23 For they said unto me, Make us gods, which shall go before us: for as for this Moses, the man that brought us up out of the land of Egypt, we wot not what is become of him.
24 And I said unto them, Whosoever hath any gold, let them break it off. So they gave it me: then I cast it into the fire, and there came out this calf.
25 And when Moses saw that the people were naked; (for Aaron had made them naked unto their shame among their enemies:)
26 Then Moses stood in the gate of the camp, and said, Who is on the Lord‘s side? let him come unto me. And all the sons of Levi gathered themselves together unto him.
27 And he said unto them, Thus saith the Lord God of Israel, Put every man his sword by his side, and go in and out from gate to gate throughout the camp, and slay every man his brother, and every man his companion, and every man his neighbour.
28 And the children of Levi did according to the word of Moses: and there fell of the people that day about three thousand men.
29 For Moses had said, Consecrate yourselves today to the Lord, even every man upon his son, and upon his brother; that he may bestow upon you a blessing this day.
30 And it came to pass on the morrow, that Moses said unto the people, Ye have sinned a great sin: and now I will go up unto the Lord; peradventure I shall make an atonement for your sin.
31 And Moses returned unto the Lord, and said, Oh, this people have sinned a great sin, and have made them gods of gold.
32 Yet now, if thou wilt forgive their sin–; and if not, blot me, I pray thee, out of thy book which thou hast written.
33 And the Lord said unto Moses, Whosoever hath sinned against me, him will I blot out of my book.
34 Therefore now go, lead the people unto the place of which I have spoken unto thee: behold, mine Angel shall go before thee: nevertheless in the day when I visit I will visit their sin upon them.
35 And the Lord plagued the people, because they made the calf, which Aaron made.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}