Liv Jòb  / Job / Job

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jòb 13  

1 Wi, mwen wè tou sa ak de je m’. Mwen tande tou sa ak de zòrèy mwen epi mwen konprann.
Sa nou konnen an, mwen konnen l’ tou. M’ pa pi sòt pase nou.
Men, mwen menm, se ak Bondye ki gen tout pouvwa m’ annafè. Se avè l’ mwen vle pale pou m’ defann kòz mwen.
Nou menm, kote nou pa konnen nou bay manti. Nou tankou dòktè ki pa janm geri pyès moun.
Pito nou pe bouch nou! Lè sa a, n’a pase pou moun ki gen bon konprann.
Koute sa mwen gen sou kè m’. Louvri zòrèy nou pou n’ tande jan m’ pral plede kòz mwen.
Se defann nou vle defann Bondye kifè n’ap bay tout manti sa yo, kifè n’ap pale kwochi konsa?
Se pou li n’ap pran? Se kòz li nou ranmase?
Pou li, li ta bon pou nou si li t’ap chache konnen sa nou gen nan fon kè nou! Pa konprann nou ka woule Bondye tankou nou woule moun!
10 Li ta regle nou byen regle, paske li ta tou wè se figi l’ n’ap achte anba chal.
11 Nou pa pè gwo pouvwa Bondye a? Nou pa pè li kraze nou?
12 Bèl pawòl nou yo pa gen plis valè pase pousyè tè. Repons n’ap ban mwen yo pa kenbe, yo tankou miray sab.
13  Koulye a, pe bouch nou! Ban m’ yon chans pou m’ pale. Sa ki pou rive a te mèt rive!
14 Mwen mèt mouri! Zafè! M’ mare ren m’, m’ sere dan m’!
15 Bondye te mèt touye m’. Sèl chans mwen se pou m’ esplike avè l’.
16 Nou pa janm konnen, se sa ki ka sove m’, paske moun ki fè mal pa ka parèt devan Bondye.
17 Koute byen sa m’ pral di la a. Louvri zòrèy nou pou n’ tande deklarasyon mwen.
18 M’ pare pou m’ defann kòz mwen, paske mwen konnen mwen nan dwa m’.
19 Bondye, èske se ou ki pral plede avè m’? M’ tou pare pou m’ pe bouch mwen, pou m’ asepte lanmò m’.
20 De sèl ti chans ase m’ap mande ou. Apre sa, m’ p’ap kache pou ou ankò.
21 Sispann leve men ou sou mwen. 1 Sispann fè m’ pè tout pè sa a.
22 Ou mèt pale anvan, m’a reponn ou. Osinon, kite m’ pale anvan, w’a reponn mwen.
23  Konbe peche, konbe bagay mal mwen fè? Kisa m’ fè mwen pa t’ dwe fè? Kisa m’ fè ki mal?
24 Poukisa w’ap kache pou mwen konsa? Poukisa ou fè tankou si se lènmi ou mwen ye?
25 Poukisa w’ap chache fè m’ pè? Poukisa ou leve dèyè m’ konsa? M’ tou fini, m’ tankou fèy bwa, tankou pay chèch van ap pote ale.
26 W’ap akize m’ yon bann bagay k’ap fè m’ mal. W’ap fè m’ peye tou sa m’ te fè lè m’ te jenn gason.
27 Ou mete pye m’ nan sèp. Ou veye tout vire tounen m’. Ou gade tout kote m’ap mete pye m’.
28 M’ap dekale tankou bwa pouri, tankou rad sizo ap manje.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Job 13

1 Voici, mon oeil a vu tout cela, Mon oreille l’a entendu et y a pris garde.
Ce que vous savez, je le sais aussi, Je ne vous suis point inférieur.
Mais je veux parler au Tout Puissant, Je veux plaider ma cause devant Dieu;
Car vous, vous n’imaginez que des faussetés, Vous êtes tous des médecins de néant.
Que n’avez-vous gardé le silence? Vous auriez passé pour avoir de la sagesse.
Écoutez, je vous prie, ma défense, Et soyez attentifs à la réplique de mes lèvres.
Direz-vous en faveur de Dieu ce qui est injuste, Et pour le soutenir alléguerez-vous des faussetés?
Voulez-vous avoir égard à sa personne? Voulez-vous plaider pour Dieu?
S’il vous sonde, vous approuvera-t-il? Ou le tromperez-vous comme on trompe un homme?
10 Certainement il vous condamnera, Si vous n’agissez en secret que par égard pour sa personne.
11 Sa majesté ne vous épouvantera-t-elle pas? Sa terreur ne tombera-t-elle pas sur vous?
12 Vos sentences sont des sentences de cendre, Vos retranchements sont des retranchements de boue.
13 Taisez-vous, laissez-moi, je veux parler! Il m’en arrivera ce qu’il pourra.
14 Pourquoi saisirais-je ma chair entre les dents? J’exposerai plutôt ma vie.
15 Voici, il me tuera; je n’ai rien à espérer; Mais devant lui je défendrai ma conduite.
16 Cela même peut servir à mon salut, Car un impie n’ose paraître en sa présence.
17 Écoutez, écoutez mes paroles, Prêtez l’oreille à ce que je vais dire.
18 Me voici prêt à plaider ma cause; Je sais que j’ai raison.
19 Quelqu’un disputera-t-il contre moi? Alors je me tais, et je veux mourir.
20 Seulement, accorde-moi deux choses Et je ne me cacherai pas de loin de ta face:
21 Retire ta main de dessus moi, Et que tes terreurs ne me troublent plus.
22 Puis appelle, et je répondrai, Ou si je parle, réponds-moi!
23 Quel est le nombre de mes iniquités et de mes péchés? Fais-moi connaître mes transgressions et mes péchés.
24 Pourquoi caches-tu ton visage, Et me prends-tu pour ton ennemi?
25 Veux-tu frapper une feuille agitée? Veux-tu poursuivre une paille desséchée?
26 Pourquoi m’infliger d’amères souffrances, Me punir pour des fautes de jeunesse?
27 Pourquoi mettre mes pieds dans les ceps, Surveiller tous mes mouvements, Tracer une limite à mes pas,
28 Quand mon corps tombe en pourriture, Comme un vêtement que dévore la teigne?
Louis Segond {LSG}

Job 13   

1 Lo, mine eye hath seen all this, mine ear hath heard and understood it.
What ye know, the same do I know also: I am not inferior unto you.
Surely I would speak to the Almighty, and I desire to reason with God.
But ye are forgers of lies, ye are all physicians of no value.
O that ye would altogether hold your peace! and it should be your wisdom.
Hear now my reasoning, and hearken to the pleadings of my lips.
Will ye speak wickedly for God? and talk deceitfully for him?
Will ye accept his person? will ye contend for God?
Is it good that he should search you out? or as one man mocketh another, do ye so mock him?
10 He will surely reprove you, if ye do secretly accept persons.
11 Shall not his excellency make you afraid? and his dread fall upon you?
12 Your remembrances are like unto ashes, your bodies to bodies of clay.
13 Hold your peace, let me alone, that I may speak, and let come on me what will.
14 Wherefore do I take my flesh in my teeth, and put my life in mine hand?
15 Though he slay me, yet will I trust in him: but I will maintain mine own ways before him.
16 He also shall be my salvation: for an hypocrite shall not come before him.
17 Hear diligently my speech, and my declaration with your ears.
18 Behold now, I have ordered my cause; I know that I shall be justified.
19 Who is he that will plead with me? for now, if I hold my tongue, I shall give up the ghost.
20 Only do not two things unto me: then will I not hide myself from thee.
21 Withdraw thine hand far from me: and let not thy dread make me afraid.
22 Then call thou, and I will answer: or let me speak, and answer thou me.
23 How many are mine iniquities and sins? make me to know my transgression and my sin.
24 Wherefore hidest thou thy face, and holdest me for thine enemy?
25 Wilt thou break a leaf driven to and fro? and wilt thou pursue the dry stubble?
26 For thou writest bitter things against me, and makest me to possess the iniquities of my youth.
27 Thou puttest my feet also in the stocks, and lookest narrowly unto all my paths; thou settest a print upon the heels of my feet.
28 And he, as a rotten thing, consumeth, as a garment that is moth eaten.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}