Liv Deteronòm / Deuteronome / Deuteronomy

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Deteronòm 22

1 Lè nou jwenn bèf osinon kabrit yon moun pèp Izrayèl parèy nou ki kase kòd, pa fè tankou nou pa wè. Se pou nou pran l’ mennen l’ tounen ba li.
Men, si mèt bèt la rete twò lwen, osinon si nou pa konnen pou ki moun li ye, n’a pran l’, n’a mennen l’ lakay nou. N’a kenbe l’ lakay nou jouk mèt li va vin chache l’. Lè sa a n’a renmèt li li.
N’a fè menm jan an tou pou bourik, rad osinon nenpòt bagay yon moun pèp Izrayèl parèy nou ta rive pèdi epi se nou ki ta jwenn li. Pa fè tankou nou pa wè sa.
Lè nou wè bourik osinon bèf yon moun pèp Izrayèl parèy nou kouche nan chemen, pa fè tankou nou pa wè sa. Se pou nou ride l’ fè l’ kanpe ankò.
 Fanm pa gen dwa mete rad gason sou yo. Gason pa gen dwa mete rad fanm sou yo. Seyè a, Bondye nou an, pa vle wè moun k’ap fè bagay konsa.
Si sou chemen nou, nou jwenn yon nich zwazo, swa sou yon pyebwa, swa atè avèk manman zwazo a kouche sou pitit li yo, osinon sou ze l’ap kouve, piga nou pran manman zwazo a sou nich la.
N’a kite manman zwazo a vole ale, n’a pran ti zwazo yo sèlman. Se konsa Bondye va fè tout zafè nou mache byen, l’a fè nou viv lontan.
Lè n’ap bati yon kay nèf, n’a mete balistrad pou moun pa sot tonbe sou teras twati a. Konsa yo p’ap ka rann nou reskonsab si yon moun ta rive tonbe epi li mouri lakay nou.
Pa janm plante ankenn lòt kalite grenn nan jaden rezen nou. Si nou fè sa, nou p’ap ka sèvi ni avèk rezen yo ni avèk rekòt lòt grenn nou te plante yo.
10 Piga nou mete bèf ak bourik ansanm pou rale chari.
11 Piga nou janm mete sou nou rad ki fèt ak divès kalite lenn ak twal fin blan tise ansanm.
12 N’a mete yon ponpon nan kat kwen rad nou mete sou nou.
13  Sipoze yon nonm pran yon fanm pou madanm li, li kouche avè l’, epi apre sa, li vin pa renmen l’ ankò.
14 Lè sa a, li ba l’ tout kalite defo ki genyen, li avili l’ devan tout moun, li di: Fanm sa a pa di m’ anyen ankò, paske lè m’ marye avè l’, lè nou vin ansanm, mwen te jwenn li pa t’ tifi.
15 Enben, lè sa a, papa ak manman jenn madanm lan va pran dra maryaj la ki gen prèv madanm lan te tifi, y’a pote l’ nan tribinal bò pòtay lavil la, y’a moutre chèf fanmi lavil yo li.
16 Epi, papa jenn ti madanm lan va di chèf fanmi yo: mwen te bay nonm sa a pitit fi mwen pou madanm. Koulye a, li pa renmen l’ ankò,
17 li pretann di madanm lan plen defo, l’ap di: O wi, mwen pa jwenn madanm lan tifi, men mwen pote ban nou prèv li te tifi. Epi l’a louvri dra a devan tout chèf fanmi lavil la.
18 Lè sa a chèf fanmi lavil yo va pran mari a, y’a bat li byen bat.
19 Y’a fè l’ peye yon amann, y’a fè l’ bay san pyès ajan, y’a renmèt bay papa jenn fanm lan, paske li te pale yon jenn tifi moun Izrayèl yo mal. Lèfini l’a blije rete ak fanm lan, li p’ap janm ka divòse avè l’, jouk li menm li mouri.
20 Men, si sa mari a te di a se te vre, kifè yo pa t’ kapab bay prèv madanm lan te tifi,
21 y’a pran ti madanm lan, y’a mennen l’ deyò devan lakay papa l’, epi tout gason ki rete nan lavil la va kalonnen l’ wòch jouk li mouri, paske li te fè yon wont nan peyi Izrayèl la, li te lage kò l’ nan dezòd antan li te lakay papa l’. Se konsa n’a wete bagay mal k’ap fèt nan mitan nou.
22 Si nou bare yon nonm ap kouche ak yon madan marye, yo tou de fèt pou mouri, ni nèg ki te kouche ak fanm lan ni fanm lan tou. Se konsa n’a wete bagay mal k’ap fèt nan mitan nou.
23 Si yon jenn fi tifi fiyanse ak yon nonm epi yon lòt nèg kontre avè l’ nan yon lavil, li kouche avè l’ epi moun bare yo, n’a kalonnen yo wòch jouk yo mouri. Jenn fi a va mouri paske se nan mitan yon lavil li ye, li ta ka rele mande sekou.
24 Nèg la va mouri tou paske li te avili yon fi ki te fiyanse ak yon moun pèp Izrayèl parèy li. Wi, se konsa n’a wete bagay mal k’ap fèt nan mitan nou.
25 Men, si se andeyò lwen kay moun nèg la te kontre ak jenn fi fiyanse a, epi li kenbe l’, li kouche avè l’, se nèg la sèlman ki pou mouri.
26 Yo pa gen dwa fè jenn fi a anyen, paske li pa fè anyen la a pou li ta merite lanmò. Se menm jan si se te yon nonm ki atake yon lòt epi li touye l’.
27 Nèg la te kontre avè l’ andeyò lwen kay. Jenn fi a te ka rele, men pa t’ gen pesonn pou pote l’ sekou.
28 Si yon nonm kontre ak yon jenn fi ki tifi lakay papa l’, ki poko fiyanse, epi li kenbe l’, li fòse l’ kouche avè l’, si yo bare yo,
29 nèg ki te kouche avèk fi a va gen pou l’ bay papa fi a senkant pyès ajan. Li va pran fi a pou madanm li, paske li te fòse l’ kouche avè l’. Li p’ap janm ka divòse avè l’ jouk li mouri.
30 Yon nonm pa gen dwa kouche ak madanm papa l’. Li pa gen dwa avili papa l’ konsa.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Deuteronome 22

1 Si tu vois s’égarer le boeuf ou la brebis de ton frère, tu ne t’en détourneras point, tu les ramèneras à ton frère.
Si ton frère n’habite pas près de toi, et que tu ne le connaisses pas, tu recueilleras l’animal dans ta maison et il restera chez toi jusqu’à ce que ton frère le réclame; et alors tu le lui rendras.
Tu feras de même pour son âne, tu feras de même pour son vêtement, tu feras de même pour tout objet qu’il aurait perdu et que tu trouverais; tu ne devras point t’en détourner.
Si tu vois l’âne de ton frère ou son boeuf tombé dans le chemin, tu ne t’en détourneras point, tu l’aideras à le relever.
Une femme ne portera point un habillement d’homme, et un homme ne mettra point des vêtements de femme; car quiconque fait ces choses est en abomination à l’Éternel, ton Dieu.
Si tu rencontres dans ton chemin un nid d’oiseau, sur un arbre ou sur la terre, avec des petits ou des oeufs, et la mère couchée sur les petits ou sur les oeufs, tu ne prendras pas la mère et les petits,
tu laisseras aller la mère et tu ne prendras que les petits, afin que tu sois heureux et que tu prolonges tes jours.
Si tu bâtis une maison neuve, tu feras une balustrade autour de ton toit, afin de ne pas mettre du sang sur ta maison, dans le cas où il en tomberait quelqu’un.
Tu ne sèmeras point dans ta vigne diverses semences, de peur que tu ne jouisses ni du produit de ce que tu auras semé ni du produit de la vigne.
10 Tu ne laboureras point avec un boeuf et un âne attelés ensemble.
11 Tu ne porteras point un vêtement tissé de diverses espèces de fils, de laine et de lin réunis ensemble.
12 Tu mettras des franges aux quatre coins du vêtement dont tu te couvriras.
13 Si un homme, qui a pris une femme et est allé vers elle, éprouve ensuite de l’aversion pour sa personne,
14 s’il lui impute des choses criminelles et porte atteinte à sa réputation, en disant: J’ai pris cette femme, je me suis approché d’elle, et je ne l’ai pas trouvée vierge, –
15 alors le père et la mère de la jeune femme prendront les signes de sa virginité et les produiront devant les anciens de la ville, à la porte.
16 Le père de la jeune femme dira aux anciens: J’ai donné ma fille pour femme à cet homme, et il l’a prise en aversion;
17 il lui impute des choses criminelles, en disant: Je n’ai pas trouvé ta fille vierge. Or voici les signes de virginité de ma fille. Et ils déploieront son vêtement devant les anciens de la ville.
18 Les anciens de la ville saisiront alors cet homme et le châtieront;
19 et, parce qu’il a porté atteinte à la réputation d’une vierge d’Israël, ils le condamneront à une amende de cent sicles d’argent, qu’ils donneront au père de la jeune femme. Elle restera sa femme, et il ne pourra pas la renvoyer, tant qu’il vivra.
20 Mais si le fait est vrai, si la jeune femme ne s’est point trouvée vierge,
21 on fera sortir la jeune femme à l’entrée de la maison de son père; elle sera lapidée par les gens de la ville, et elle mourra, parce qu’elle a commis une infamie en Israël, en se prostituant dans la maison de son père. Tu ôteras ainsi le mal du milieu de toi.
22 Si l’on trouve un homme couché avec une femme mariée, ils mourront tous deux, l’homme qui a couché avec la femme, et la femme aussi. Tu ôteras ainsi le mal du milieu d’Israël.
23 Si une jeune fille vierge est fiancée, et qu’un homme la rencontre dans la ville et couche avec elle,
24 vous les amènerez tous deux à la porte de la ville, vous les lapiderez, et ils mourront, la jeune fille pour n’avoir pas crié dans la ville, et l’homme pour avoir déshonoré la femme de son prochain. Tu ôteras ainsi le mal du milieu de toi.
25 Mais si c’est dans les champs que cet homme rencontre la jeune femme fiancée, lui fait violence et couche avec elle, l’homme qui aura couché avec elle sera seul puni de mort.
26 Tu ne feras rien à la jeune fille; elle n’est pas coupable d’un crime digne de mort, car il en est de ce cas comme de celui où un homme se jette sur son prochain et lui ôte la vie.
27 La jeune fille fiancée, que cet homme a rencontrée dans les champs, a pu crier sans qu’il y ait eu personne pour la secourir.
28 Si un homme rencontre une jeune fille vierge non fiancée, lui fait violence et couche avec elle, et qu’on vienne à les surprendre,
29 l’homme qui aura couché avec elle donnera au père de la jeune fille cinquante sicles d’argent; et, parce qu’il l’a déshonorée, il la prendra pour femme, et il ne pourra pas la renvoyer, tant qu’il vivra.
30 Nul ne prendra la femme de son père, et ne soulèvera la couverture de son père.
Louis Segond {LSG}

Deuteronomy 22

1 Thou shalt not see thy brother’s ox or his sheep go astray, and hide thyself from them: thou shalt in any case bring them again unto thy brother.
And if thy brother be not nigh unto thee, or if thou know him not, then thou shalt bring it unto thine own house, and it shall be with thee until thy brother seek after it, and thou shalt restore it to him again.
In like manner shalt thou do with his ass; and so shalt thou do with his raiment; and with all lost thing of thy brother’s, which he hath lost, and thou hast found, shalt thou do likewise: thou mayest not hide thyself.
Thou shalt not see thy brother’s ass or his ox fall down by the way, and hide thyself from them: thou shalt surely help him to lift them up again.
The woman shall not wear that which pertaineth unto a man, neither shall a man put on a woman’s garment: for all that do so are abomination unto the Lord thy God.
If a bird’s nest chance to be before thee in the way in any tree, or on the ground, whether they be young ones, or eggs, and the dam sitting upon the young, or upon the eggs, thou shalt not take the dam with the young:
But thou shalt in any wise let the dam go, and take the young to thee; that it may be well with thee, and that thou mayest prolong thy days.
When thou buildest a new house, then thou shalt make a battlement for thy roof, that thou bring not blood upon thine house, if any man fall from thence.
Thou shalt not sow thy vineyard with divers seeds: lest the fruit of thy seed which thou hast sown, and the fruit of thy vineyard, be defiled.
10 Thou shalt not plow with an ox and an ass together.
11 Thou shalt not wear a garment of divers sorts, as of woollen and linen together.
12 Thou shalt make thee fringes upon the four quarters of thy vesture, wherewith thou coverest thyself.
13 If any man take a wife, and go in unto her, and hate her,
14 And give occasions of speech against her, and bring up an evil name upon her, and say, I took this woman, and when I came to her, I found her not a maid:
15 Then shall the father of the damsel, and her mother, take and bring forth the tokens of the damsel’s virginity unto the elders of the city in the gate:
16 And the damsel’s father shall say unto the elders, I gave my daughter unto this man to wife, and he hateth her;
17 And, lo, he hath given occasions of speech against her, saying, I found not thy daughter a maid; and yet these are the tokens of my daughter’s virginity. And they shall spread the cloth before the elders of the city.
18 And the elders of that city shall take that man and chastise him;
19 And they shall amerce him in an hundred shekels of silver, and give them unto the father of the damsel, because he hath brought up an evil name upon a virgin of Israel: and she shall be his wife; he may not put her away all his days.
20 But if this thing be true, and the tokens of virginity be not found for the damsel:
21 Then they shall bring out the damsel to the door of her father’s house, and the men of her city shall stone her with stones that she die: because she hath wrought folly in Israel, to play the whore in her father’s house: so shalt thou put evil away from among you.
22 If a man be found lying with a woman married to an husband, then they shall both of them die, both the man that lay with the woman, and the woman: so shalt thou put away evil from Israel.
23 If a damsel that is a virgin be betrothed unto an husband, and a man find her in the city, and lie with her;
24 Then ye shall bring them both out unto the gate of that city, and ye shall stone them with stones that they die; the damsel, because she cried not, being in the city; and the man, because he hath humbled his neighbour’s wife: so thou shalt put away evil from among you.
25 But if a man find a betrothed damsel in the field, and the man force her, and lie with her: then the man only that lay with her shall die.
26 But unto the damsel thou shalt do nothing; there is in the damsel no sin worthy of death: for as when a man riseth against his neighbour, and slayeth him, even so is this matter:
27 For he found her in the field, and the betrothed damsel cried, and there was none to save her.
28 If a man find a damsel that is a virgin, which is not betrothed, and lay hold on her, and lie with her, and they be found;
29 Then the man that lay with her shall give unto the damsel’s father fifty shekels of silver, and she shall be his wife; because he hath humbled her, he may not put her away all his days.
30 A man shall not take his father’s wife, nor discover his father’s skirt.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}