Liv Jòb  / Job / Job

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jòb 7  

1 Lavi yon nonm sou latè, se tankou sèvis militè l’ap fè. Li tankou moun k’ap vann jounen!
Li tankou yon esklav k’ap tann lannwit pou l’ poze, tankou yon travayè k’ap tann kòb jounen travay li.
Depi kèk mwa, m’ pa wè poukisa m’ap viv. Tout lannwit se soufri m’ap soufri.
M’ poko kouche nan kabann mwen, m’ap mande kilè pou l’ jou. Nwit la long. M’ pa ka dòmi, yon bann vye lide ap pase nan tèt mwen jouk solèy leve.
Tout kò m’ plen vè ak gwo plak bouton toupatou. Po m’ fann fann, l’ap bay postim.
Jou m’ yo pase pi vit pase zegwi nan men moun k’ap maye senn. Yo disparèt, pa gen anyen m’ap tann ankò.
 Bondye o! Pa bliye, lavi m’ tankou yon nwaj k’ap pase. Lè m’a fèmen je m’, mwen p’ap janm kapab jwi lavi a ankò.
Ou wè m’ koulye a, men ou p’ap janm wè m’ ankò. W’a chache m’, ou p’ap jwenn mwen.
Tankou yon nwaj ki ale nèt, ki disparèt, lè yon moun mouri, pa gen leve pou li ankò.
10 Li p’ap janm tounen lakay li. Moun lakay li tou bliye l’.
11 Se poutèt sa, m’ pa ka pa pale. Kè m’ sere. Kite m’ pale pale m’. Lapenn kaye nan kè m’. Kite m’ plenyen plenyen m’.
12 Poukisa ou mete moun veye m’ konsa? M’ pa lanmè. M’ pa gwo bèt lanmè.
13 M’ te di nan kè m’: M’ pral lage kò m’ yon kote. M’a pran yon ti kanpo. Si m’ dòmi, m’a jwenn yon ti soulajman!
14 Men, ou fè m’ fè yon bann vye rèv k’ap fè m’ pè. M’ap fè yon bann vye vizyon k’ap fè m’ tranble.
15 Lè konsa, pito moun te trangle m’. Pito m’ te mouri pase pou m’ soufri tout doulè sa yo.
16 Se fini m’ap fini. Fòk mwen mouri yon jou! Kite m’ pou kont mwen. Lavi m’ prèt pou bout!
17  Kisa lèzòm ye pou ou pran ka yo konsa? Kisa yo ye menm pou w’ap okipe yo konsa?
18 Chak maten ou pase wè jan yo ye. Chak lè, w’ap gade nan fon kè yo, w’ap sonde yo.
19 Kilè w’a sispann gade m’? Ban m’ yon ti souf non kont pou m’ vale krache m’!
20 Si m’ fè peche, kisa m’ fè ou? Di m’ non, ou menm k’ap veye tou sa moun ap fè? Poukisa w’ap plante tout flèch ou yo nan kò m’ konsa? Poukisa ou fè m’ tounen yon chay pou ou?
21 Se sipòte ou pa ka sipòte ankò sa mwen fè ki mal? Se padonnen ou pa ka padonnen peche m’ yo? Talè konsa mwen pral anba tè. W’a chache m’, ou p’ap jwenn mwen ankò.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Job 7

1 Le sort de l’homme sur la terre est celui d’un soldat, Et ses jours sont ceux d’un mercenaire.
Comme l’esclave soupire après l’ombre, Comme l’ouvrier attend son salaire,
Ainsi j’ai pour partage des mois de douleur, J’ai pour mon lot des nuits de souffrance.
Je me couche, et je dis: Quand me lèverai-je? quand finira la nuit? Et je suis rassasié d’agitations jusqu’au point du jour.
Mon corps se couvre de vers et d’une croûte terreuse, Ma peau se crevasse et se dissout.
Mes jours sont plus rapides que la navette du tisserand, Ils s’évanouissent: plus d’espérance!
Souviens-toi que ma vie est un souffle! Mes yeux ne reverront pas le bonheur.
L’oeil qui me regarde ne me regardera plus; Ton oeil me cherchera, et je ne serai plus.
Comme la nuée se dissipe et s’en va, Celui qui descend au séjour des morts ne remontera pas;
10 Il ne reviendra plus dans sa maison, Et le lieu qu’il habitait ne le connaîtra plus.
11 C’est pourquoi je ne retiendrai point ma bouche, Je parlerai dans l’angoisse de mon coeur, Je me plaindrai dans l’amertume de mon âme.
12 Suis-je une mer, ou un monstre marin, Pour que tu établisses des gardes autour de moi?
13 Quand je dis: Mon lit me soulagera, Ma couche calmera mes douleurs,
14 C’est alors que tu m’effraies par des songes, Que tu m’épouvantes par des visions.
15 Ah! je voudrais être étranglé! Je voudrais la mort plutôt que ces os!
16 Je les méprise!… je ne vivrai pas toujours… Laisse-moi, car ma vie n’est qu’un souffle.
17 Qu’est-ce que l’homme, pour que tu en fasses tant de cas, Pour que tu daignes prendre garde à lui,
18 Pour que tu le visites tous les matins, Pour que tu l’éprouves à tous les instants?
19 Quand cesseras-tu d’avoir le regard sur moi? Quand me laisseras-tu le temps d’avaler ma salive?
20 Si j’ai péché, qu’ai-je pu te faire, gardien des hommes? Pourquoi me mettre en butte à tes traits? Pourquoi me rendre à charge à moi-même?
21 Que ne pardonnes-tu mon péché, Et que n’oublies-tu mon iniquité? Car je vais me coucher dans la poussière; Tu me chercheras, et je ne serai plus.
Louis Segond {LSG}

Job 7   

1 Is there not an appointed time to man upon earth? are not his days also like the days of an hireling?
As a servant earnestly desireth the shadow, and as an hireling looketh for the reward of his work:
So am I made to possess months of vanity, and wearisome nights are appointed to me.
When I lie down, I say, When shall I arise, and the night be gone? and I am full of tossings to and fro unto the dawning of the day.
My flesh is clothed with worms and clods of dust; my skin is broken, and become loathsome.
My days are swifter than a weaver’s shuttle, and are spent without hope.
O remember that my life is wind: mine eye shall no more see good.
The eye of him that hath seen me shall see me no more: thine eyes are upon me, and I am not.
As the cloud is consumed and vanisheth away: so he that goeth down to the grave shall come up no more.
10 He shall return no more to his house, neither shall his place know him any more.
11 Therefore I will not refrain my mouth; I will speak in the anguish of my spirit; I will complain in the bitterness of my soul.
12 Am I a sea, or a whale, that thou settest a watch over me?
13 When I say, My bed shall comfort me, my couch shall ease my complaints;
14 Then thou scarest me with dreams, and terrifiest me through visions:
15 So that my soul chooseth strangling, and death rather than my life.
16 I loathe it; I would not live alway: let me alone; for my days are vanity.
17 What is man, that thou shouldest magnify him? and that thou shouldest set thine heart upon him?
18 And that thou shouldest visit him every morning, and try him every moment?
19 How long wilt thou not depart from me, nor let me alone till I swallow down my spittle?
20 I have sinned; what shall I do unto thee, O thou preserver of men? why hast thou set me as a mark against thee, so that I am a burden to myself?
21 And why dost thou not pardon my transgression, and take away my iniquity? for now shall I sleep in the dust; and thou shalt seek me in the morning, but I shall not be.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}