Liv 1 Korent / 1 Corinthiens / 1 Corinthians

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Korent 3                 

Men, frè m’ yo, pou di vre, mwen pa t’ kapab pale ak nou tankou ak moun ki gen Lespri Bondye a nan kè yo. Mwen te blije pale ak nou tankou ak moun k’ap viv dapre lide ki nan lèmonn, tankou ak moun ki timoun toujou nan konfyans yo nan Kris la.
Mwen te blije moutre nou ti bagay tou senp, tankou lè yo bay timoun piti lèt, yo pa ba yo gwo manje. Paske nou pa t’ ankò pare pou sa. Ata koulye a, nou poko pare.
Paske n’ap viv tankou moun k’ap viv dapre lide ki nan lemonn toujou. Depi ou tande gen jalouzi nan mitan nou, depi nou gen kont yonn ak lòt, nou tou wè se moun lemonn nou ye, se tankou moun k’ap viv dapre lide ki nan lemonn lan n’ap viv.
Lè yonn rete li di: Mwen menm, mwen se moun Pòl; yon lòt: Mwen se moun Apolòs, èske se pa tankou moun lemonn n’ap pale?
 Lè ou gade byen, ki moun ki Apolòs la? Ki moun ki Pòl la? Nou tou de se sèvitè Bondye nou ye. N’ap travay pou nou menm, moun Korent yo, nou te ka rive kwè. Chak moun te fè travay Mèt la te ba l’ fè.
Mwen plante, Apolòs wouze, men se Bondye ki fè plant lan pouse.
Konsa, moun ki plante a pa anyen, moun ki wouze a pa anyen tou. Se Bondye ki tout bagay la, se li menm ki fè plant lan pouse.
Moun ki plante a ak moun ki wouze a, se menm bagay yo ye. Bondye va ba yo sa yo merite dapre travay yo fè.
Apolòs ak mwen, se travay n’ap travay ansanm pou Bondye. Nou menm, moun Korent yo, nou se tankou yon jaden Bondye bay travay pou li. Ou ankò, nou se yon kay Bondye ap bati.
10 Dapre favè Bondye te fè m’ lan, mwen travay tankou yon bon enjenyè, mwen poze fondasyon an. Yon lòt ap bati sou li. Men, se pou chak moun veye kò yo pou yo konnen ki jan y’ap bati.
11  Paske fondasyon an deja la: se Jezikri. Pesonn pa ka poze yon lòt.
12 Gen moun k’ap sevi ak lò, osinon ak lajan, osinon ak bèl wòch ki koute chè pou bati sou fondasyon an. Gen lòt menm k’ap sèvi ak bwa, ak zèb chèch, ak pay.
13 Men, se jou jijman an n’a wè ki kalite travay chak moun te bay. Se jou sa a ki va devwale kalite travay chak moun te fè. Paske jou sa a, se nan mitan dife l’ap parèt. Dife a pral sonde travay chak moun. L’ap fè wè kalite travay yo.
14 Si dife a pa boule travay yon moun bati sou fondasyon an, moun sa a ap resevwa rekonpans li.
15 Men tou, si dife a boule travay yon moun, moun sa a ap pèdi travay li. Men li menm, l’ap sove, tankou yon moun ki chape nan yon kay k’ap boule.
16  Eske nou pa konnen se tanp Bondye a nou ye, se Lespri Bondye a ki rete nan kè nou?
17 Enben, si yon moun kraze tanp Bondye a, Bondye ap kraze l’ tou. Paske tanp Bondye a se yon bagay ki apa pou li. Se nou menm ki tanp Bondye a.
18  Piga pesonn twonpe tèt yo. Si yon moun mete nan lide l’ li gen bon konprann tankou moun k’ap viv dapre lide ki nan lemonn yo, pito li vin fou pou l’ ka gen bon konprann tout bon.
19 Paske, bon konprann moun k’ap viv dapre lide ki nan lemonn yo se bagay moun fou li ye devan Bondye. Men sa n’ jwenn ekri nan Liv la: Bondye pran moun lespri yo nan pwòp pèlen yo te tann lan.
20 Nou jwenn sa ekri tou: Bondye konnen lide moun save yo mete nan tèt yo, li konnen tou sa pa vo anyen.
21  Konsa, pesonn pa dwe chache lwanj pou tèt pa yo nan sa moun ka fè. Pou nou menm, tout bagay se pou nou yo ye.
22 Ni Pòl, ni Apolòs, ni Pyè, ni tou sa ki sou latè, se pou nou yo ye. Lavi, lanmò, bagay ki la koulye a, bagay ki gen pou vini, tou sa se pou nou yo ye tou.
23 Men nou menm, se pou Kris la nou ye. Kris la menm, se pou Bondye.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

1 Corinthiens 3             

1 Pour moi, frères, ce n’est pas comme à des hommes spirituels que j’ai pu vous parler, mais comme à des hommes charnels, comme à des enfants en Christ.
Je vous ai donné du lait, non de la nourriture solide, car vous ne pouviez pas la supporter; et vous ne le pouvez pas même à présent, parce que vous êtes encore charnels.
En effet, puisqu’il y a parmi vous de la jalousie et des disputes, n’êtes-vous pas charnels, et ne marchez-vous pas selon l’homme?
Quand l’un dit: Moi, je suis de Paul! et un autre: Moi, d’Apollos! n’êtes-vous pas des hommes?
Qu’est-ce donc qu’Apollos, et qu’est-ce que Paul? Des serviteurs, par le moyen desquels vous avez cru, selon que le Seigneur l’a donné à chacun.
J’ai planté, Apollos a arrosé, mais Dieu a fait croître,
en sorte que ce n’est pas celui qui plante qui est quelque chose, ni celui qui arrose, mais Dieu qui fait croître.
Celui qui plante et celui qui arrose sont égaux, et chacun recevra sa propre récompense selon son propre travail.
Car nous sommes ouvriers avec Dieu. Vous êtes le champ de Dieu, l’édifice de Dieu.
10 Selon la grâce de Dieu qui m’a été donnée, j’ai posé le fondement comme un sage architecte, et un autre bâtit dessus. Mais que chacun prenne garde à la manière dont il bâtit dessus.
11 Car personne ne peut poser un autre fondement que celui qui a été posé, savoir Jésus Christ.
12 Or, si quelqu’un bâtit sur ce fondement avec de l’or, de l’argent, des pierres précieuses, du bois, du foin, du chaume, l’oeuvre de chacun sera manifestée;
13 car le jour la fera connaître, parce qu’elle se révèlera dans le feu, et le feu éprouvera ce qu’est l’oeuvre de chacun.
14 Si l’oeuvre bâtie par quelqu’un sur le fondement subsiste, il recevra une récompense.
15 Si l’oeuvre de quelqu’un est consumée, il perdra sa récompense; pour lui, il sera sauvé, mais comme au travers du feu.
16 Ne savez-vous pas que vous êtes le temple de Dieu, et que l’Esprit de Dieu habite en vous?
17 Si quelqu’un détruit le temple de Dieu, Dieu le détruira; car le temple de Dieu est saint, et c’est ce que vous êtes.
18 Que nul ne s’abuse lui-même: si quelqu’un parmi vous pense être sage selon ce siècle, qu’il devienne fou, afin de devenir sage.
19 Car la sagesse de ce monde est une folie devant Dieu. Aussi est-il écrit: Il prend les sages dans leur ruse.
20 Et encore: Le Seigneur connaît les pensées des sages, Il sait qu’elles sont vaines.
21 Que personne donc ne mette sa gloire dans des hommes; car tout est à vous,
22 soit Paul, soit Apollos, soit Céphas, soit le monde, soit la vie, soit la mort, soit les choses présentes, soit les choses à venir.
23 Tout est à vous; et vous êtes à Christ, et Christ est à Dieu.

Louis Segond {LSG}

1 Corinthians 3        

1 And I, brethren, could not speak unto you as unto spiritual, but as unto carnal, even as unto babes in Christ.
I have fed you with milk, and not with meat: for hitherto ye were not able to bear it, neither yet now are ye able.
For ye are yet carnal: for whereas there is among you envying, and strife, and divisions, are ye not carnal, and walk as men?
For while one saith, I am of Paul; and another, I am of Apollos; are ye not carnal?
Who then is Paul, and who is Apollos, but ministers by whom ye believed, even as the Lord gave to every man?
I have planted, Apollos watered; but God gave the increase.
So then neither is he that planteth any thing, neither he that watereth; but God that giveth the increase.
Now he that planteth and he that watereth are one: and every man shall receive his own reward according to his own labour.
For we are labourers together with God: ye are God’s husbandry, ye are God’s building.
10 According to the grace of God which is given unto me, as a wise masterbuilder, I have laid the foundation, and another buildeth thereon. But let every man take heed how he buildeth thereupon.
11 For other foundation can no man lay than that is laid, which is Jesus Christ.
12 Now if any man build upon this foundation gold, silver, precious stones, wood, hay, stubble;
13 Every man’s work shall be made manifest: for the day shall declare it, because it shall be revealed by fire; and the fire shall try every man’s work of what sort it is.
14 If any man’s work abide which he hath built thereupon, he shall receive a reward.
15 If any man’s work shall be burned, he shall suffer loss: but he himself shall be saved; yet so as by fire.
16 Know ye not that ye are the temple of God, and that the Spirit of God dwelleth in you?
17 If any man defile the temple of God, him shall God destroy; for the temple of God is holy, which temple ye are.
18 Let no man deceive himself. If any man among you seemeth to be wise in this world, let him become a fool, that he may be wise.
19 For the wisdom of this world is foolishness with God. For it is written, He taketh the wise in their own craftiness.
20 And again, The Lord knoweth the thoughts of the wise, that they are vain.
21 Therefore let no man glory in men. For all things are your’s;
22 Whether Paul, or Apollos, or Cephas, or the world, or life, or death, or things present, or things to come; all are your’s;
23 And ye are Christ’s; and Christ is God’s.    
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}