Liv Jij / Juges / Judges

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jij 13

1 Moun pèp Izrayèl yo te rekonmanse ankò ap fè sa ki mal nan je Seyè a. Seyè a lage yo nan men moun Filisti yo pandan karantan.
Te gen yon nonm yo te rele Manoak. Se te moun lavil Zora, li te fè pati branch fanmi Dann lan. Madanm li pa t’ janm ka fè pitit.
Zanj Seyè a parèt devan madanm lan, li di l’ konsa: -Ou pa t’ janm ka fè pitit, pa vre? Men ou pral vin ansent, ou pral fè yon pitit gason.
Piga ou janm bwè diven, ni ankenn lòt bweson ki pou fè ou sou. Nitou, piga ou manje anyen ki pa bon pou moun k’ap sèvi Bondye manje.
Paske ou pral ansent, ou pral fè yon pitit gason. Piga ou janm koupe cheve nan tèt li, paske depi nan vant manman l’, se yon gason k’ap viv apa pou Bondye tankou nazirit yo l’ap ye. Se li menm ki pral konmanse travay pou delivre pèp Izrayèl la anba men moun Filisti yo.
Apre sa, madanm lan antre al di mari l’: -Yon moun Bondye te vin bò kote m’. Lè mwen gade l’, pou jan li te fè m’ pè a ou ta di yon mesaje Bondye. Mwen pa mande l’ kote l’ soti, ni li pa ban m’ non li.
Li di m’ konsa: Ou pral ansent, ou pral fè yon pitit gason. Piga ou janm bwè diven, ni ankenn lòt bweson ki pou fè ou sou. Ni piga ou manje anyen ki pa bon pou moun k’ap sèvi Bondye manje. Paske pitit gason ou lan pral viv apa pou Bondye tankou nazirit yo depi nan vant manman l’ jouk jou li mouri.
 Lè sa a, Manoak lapriyè Seyè a, li di: -Tanpri, Mèt mwen, fè moun Bondye ou te voye a vin bò kote nou ankò pou l’ ka di nou sa pou nou fè pou ti gason ki pral fèt la.
Bondye fè sa Manoak te mande l’ la vre. Epi mesaje Bondye a vin bò kote madanm lan ki te chita nan yon jaden. Manoak, mari a, pa t’ avè l’.
10 Madanm lan prese kouri al bay mari l’ nouvèl la. Li di li konsa: -Men moun ki te vin bò kote m’ lòt jou a parèt devan m’ ankò.
11 Manoak leve, li swiv madanm li. L’ al jwenn nonm lan, epi li di l’: -Se ou menm ki te pale ak madanm sa a? Li reponn: -Wi, se mwen.
12 -Manoak di l’: -Bon. Lè tou sa ou di yo va rive, kijan pou m’ elve ti pitit la? Kisa pou l’ fè ak sa pou l’ pa fè?
13 Mesaje Seyè a di Manoak konsa: -Se pou madanm ou fè tou sa mwen di l’ fè a.
14 Piga li janm manje anyen ki fèt avèk rezen. Piga li janm bwè diven ni ankenn lòt bweson ki pou fè l’ sou. Piga li janm manje anyen ki pa bon pou moun k’ap sèvi Bondye manje. Se pou li fè tou sa mwen mande l’ fè a.
15  Manoak di mesaje Seyè a: -Tanpri, poko ale. Kite nou kwit yon jenn ti kabrit pou ou.
16 Mesaje Seyè a di Manoak konsa: -Menm si mwen rete mwen p’ap manje manje w’ap ban mwen an. Men si ou vle, touye yon ti kabrit, boule l’ nan dife tankou yon ofrann pou Seyè a. Manoak pa t’ ankò konnen si se te yon mesaje Seyè a ki te devan l’.
17 Manoak di mesaje Seyè a: -Di nou ki jan ou rele pou nou ka fè lwanj pou ou lè pawòl ou di yo va rive vre.
18 Mesaje Seyè a di l’: -Poukisa nou vle konnen non m’? Non m’ se yon mèvèy.
19 Manoak pran jenn ti kabrit la ak kèk grenn jaden, li mete yo sou lotèl wòch la, li ofri yo pou Seyè a ki fè yon mèvèy devan Manoak ak madanm li ki te rete la ap gade.
20 Pandan flanm dife yo t’ap soti sou lotèl la moute nan syèl la, Manoak ak madanm li wè mesaje Seyè a moute nan syèl la nan flanm dife a. Lè yo wè sa, yo lage kò yo fas atè.
21 Manoak ak madanm li pa janm wè mesaje Bondye a ankò. Se lè sa a, Manoak vin konprann se te yon mesaje Seyè a ki te parèt devan yo a.
22 Lè sa a, Manoak di madanm li: -Nou pral mouri, paske nou wè Bondye!
23 Madanm lan di l’: -Si Seyè a te vle touye nou, li pa ta asepte ofrann nou fè pou li yo. Li pa ta fè nou wè tout bagay sa yo, ni li pa ta fè nou tande tout pawòl sa yo.
24  Apre sa, madanm lan fè yon pitit gason, li rele l’ Samson. Pitit la grandi, Seyè a te beni l’.
25 Epi lespri Seyè a konmanse travay nan li antan li te nan kan moun Dann yo, ant Soreja ak Echtawòl.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} 

Juges 13 

1 Les enfants d’Israël firent encore ce qui déplaît à l’Éternel; et l’Éternel les livra entre les mains des Philistins, pendant quarante ans.
Il y avait un homme de Tsorea, de la famille des Danites, et qui s’appelait Manoach. Sa femme était stérile, et n’enfantait pas.
Un ange de l’Éternel apparut à la femme, et lui dit: Voici, tu es stérile, et tu n’as point d’enfants; tu deviendras enceinte, et tu enfanteras un fils.
Maintenant prends bien garde, ne bois ni vin ni liqueur forte, et ne mange rien d’impur.
Car tu vas devenir enceinte et tu enfanteras un fils. Le rasoir ne passera point sur sa tête, parce que cet enfant sera consacré à Dieu dès le ventre de sa mère; et ce sera lui qui commencera à délivrer Israël de la main des Philistins.
La femme alla dire à son mari; Un homme de Dieu est venu vers moi, et il avait l’aspect d’un ange de Dieu, un aspect redoutable. Je ne lui ai pas demandé d’où il était, et il ne m’a pas fait connaître son nom.
Mais il m’a dit: Tu vas devenir enceinte, et tu enfanteras un fils; et maintenant ne bois ni vin ni liqueur forte, et ne mange rien d’impur, parce que cet enfant sera consacré à Dieu dès le ventre de sa mère jusqu’au jour de sa mort.
Manoach fit cette prière à l’Éternel: Ah! Seigneur, que l’homme de Dieu que tu as envoyé vienne encore vers nous, et qu’il nous enseigne ce que nous devons faire pour l’enfant qui naîtra!
Dieu exauça la prière de Manoach, et l’ange de Dieu vint encore vers la femme. Elle était assise dans un champ, et Manoach, son mari, n’était pas avec elle.
10 Elle courut promptement donner cette nouvelle à son mari, et lui dit: Voici, l’homme qui était venu l’autre jour vers moi m’est apparu.
11 Manoach se leva, suivit sa femme, alla vers l’homme, et lui dit: Est-ce toi qui as parlé à cette femme? Il répondit: C’est moi.
12 Manoach dit: Maintenant, si ta parole s’accomplit, que faudra-t-il observer à l’égard de l’enfant, et qu’y aura-t-il à faire?
13 L’ange de l’Éternel répondit à Manoach: La femme s’abstiendra de tout ce que je lui ai dit.
14 Elle ne goûtera d’aucun produit de la vigne, elle ne boira ni vin ni liqueur forte, et elle ne mangera rien d’impur; elle observera tout ce que je lui ai prescrit.
15 Manoach dit à l’ange de l’Éternel: Permets-nous de te retenir, et de t’apprêter un chevreau.
16 L’ange de l’Éternel répondit à Manoach: Quand tu me retiendrais, je ne mangerais pas de ton mets; mais si tu veux faire un holocauste, tu l’offriras à l’Éternel. Manoach ne savait point que ce fût un ange de l’Éternel.
17 Et Manoach dit à l’ange de l’Éternel: Quel est ton nom, afin que nous te rendions gloire, quand ta parole s’accomplira?
18 L’ange de l’Éternel lui répondit: Pourquoi demandes-tu mon nom? Il est merveilleux.
19 Manoach prit le chevreau et l’offrande, et fit un sacrifice à l’Éternel sur le rocher. Il s’opéra un prodige, pendant que Manoach et sa femme regardaient.
20 Comme la flamme montait de dessus l’autel vers le ciel, l’ange de l’Éternel monta dans la flamme de l’autel. A cette vue, Manoach et sa femme tombèrent la face contre terre.
21 L’ange de l’Éternel n’apparut plus à Manoach et à sa femme. Alors Manoach comprit que c’était l’ange de l’Éternel,
22 et il dit à sa femme: Nous allons mourir, car nous avons vu Dieu.
23 Sa femme lui répondit: Si l’Éternel eût voulu nous faire mourir, il n’aurait pas pris de nos mains l’holocauste et l’offrande, il ne nous aurait pas fait voir tout cela, et il ne nous aurait pas maintenant fait entendre pareilles choses.
24 La femme enfanta un fils, et lui donna le nom de Samson. L’enfant grandit, et l’Éternel le bénit.
25 Et l’esprit de l’Éternel commença à l’agiter à Machané Dan, entre Tsorea et Eschthaol.
Louis Segond {LSG}

Judges 13

1 And the children of Israel did evil again in the sight of the Lord; and the Lord delivered them into the hand of the Philistines forty years.
And there was a certain man of Zorah, of the family of the Danites, whose name was Manoah; and his wife was barren, and bare not.
And the angel of the Lord appeared unto the woman, and said unto her, Behold now, thou art barren, and bearest not: but thou shalt conceive, and bear a son.
Now therefore beware, I pray thee, and drink not wine nor strong drink, and eat not any unclean thing:
For, lo, thou shalt conceive, and bear a son; and no razor shall come on his head: for the child shall be a Nazarite unto God from the womb: and he shall begin to deliver Israel out of the hand of the Philistines.
Then the woman came and told her husband, saying, A man of God came unto me, and his countenance was like the countenance of an angel of God, very terrible: but I asked him not whence he was, neither told he me his name:
But he said unto me, Behold, thou shalt conceive, and bear a son; and now drink no wine nor strong drink, neither eat any unclean thing: for the child shall be a Nazarite to God from the womb to the day of his death.
Then Manoah intreated the Lord, and said, O my Lord, let the man of God which thou didst send come again unto us, and teach us what we shall do unto the child that shall be born.
And God hearkened to the voice of Manoah; and the angel of God came again unto the woman as she sat in the field: but Manoah her husband was not with her.
10 And the woman made haste, and ran, and shewed her husband, and said unto him, Behold, the man hath appeared unto me, that came unto me the other day.
11 And Manoah arose, and went after his wife, and came to the man, and said unto him, Art thou the man that spakest unto the woman? And he said, I am.
12 And Manoah said, Now let thy words come to pass. How shall we order the child, and how shall we do unto him?
13 And the angel of the Lord said unto Manoah, Of all that I said unto the woman let her beware.
14 She may not eat of any thing that cometh of the vine, neither let her drink wine or strong drink, nor eat any unclean thing: all that I commanded her let her observe.
15 And Manoah said unto the angel of the Lord, I pray thee, let us detain thee, until we shall have made ready a kid for thee.
16 And the angel of the Lord said unto Manoah, Though thou detain me, I will not eat of thy bread: and if thou wilt offer a burnt offering, thou must offer it unto the Lord. For Manoah knew not that he was an angel of the Lord.
17 And Manoah said unto the angel of the Lord, What is thy name, that when thy sayings come to pass we may do thee honour?
18 And the angel of the Lord said unto him, Why askest thou thus after my name, seeing it is secret?
19 So Manoah took a kid with a meat offering, and offered it upon a rock unto the Lord: and the angel did wonderously; and Manoah and his wife looked on.
20 For it came to pass, when the flame went up toward heaven from off the altar, that the angel of the Lord ascended in the flame of the altar. And Manoah and his wife looked on it, and fell on their faces to the ground.
21 But the angel of the Lord did no more appear to Manoah and to his wife. Then Manoah knew that he was an angel of the Lord.
22 And Manoah said unto his wife, We shall surely die, because we have seen God.
23 But his wife said unto him, If the Lord were pleased to kill us, he would not have received a burnt offering and a meat offering at our hands, neither would he have shewed us all these things, nor would as at this time have told us such things as these.
24 And the woman bare a son, and called his name Samson: and the child grew, and the Lord blessed him.
25 And the Spirit of the Lord began to move him at times in the camp of Dan between Zorah and Eshtaol.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}