Liv 2 Istwa /2 Chroniques /2 Chronicles

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Istwa 12 

1 Lè Woboram fin chita gouvènman li byen chita, lè li santi li te fò, li pa mache dapre lalwa Seyè a ankò. Lèfini, tout pèp Izrayèl la fè menm jan an tou.
Paske moun yo te vire do bay Seyè a, Chichak, wa peyi Lejip la, moute vin atake lavil Jerizalèm nan senkyèm lanne rèy wa Woboram,3 avèk mildesan (1.200) cha lagè, swasantmil (60.000) kavalye ak yon kantite sòlda moun pa t’ ka konte ki te moute avè l’ soti nan peyi Lejip. Te gen moun peyi Libi, moun peyi Soukit ak moun peyi Letiopi nan lame a.
Li pran tout lavil ak gwo ranpa peyi Jida yo, jouk li rive lavil Jerizalèm.
Chichak t’ap pwoche sou lavil la, lè Chemaya, pwofèt la, al jwenn Woboram ak tout chèf peyi Jida yo ki te reyini lavil la, li di yo konsa: -Men sa Seyè a voye di nou. Menm jan nou te lage m’ lan, se konsa m’ap lage nou tou nan men Chichak.
Wa a ansanm ak chèf yo rekonèt yo te fè sa ki mal: -Seyè a gen rezon l’ nan pla men l’!
Lè Seyè a wè jan yo rekonèt tò yo, li pale ak Chemaya ankò, li di l’ konsa: -Paske yo rekonèt yo pa t’ dwe fè sa yo fè a, mwen p’ap detwi yo nèt. Men, lè Chichak va atake, m’ap ba yo chans pou yo chape kò yo. Mwen p’ap sèvi ak Chichak pou m’ fè moun lavil Jerizalèm yo santi jan m’ fache sou yo.
Men, Chichak pral fè yo soumèt devan l’. Lè sa a, y’a wè sèvi m’ ak sèvi chèf sou latè sa ki pi dous.
Wa Chichak atake lavil Jerizalèm. Li pran tout trezò ki te nan Tanp lan ak nan palè wa a. Li pran ata gwo plak pwotèj an lò Salomon te fè fè yo.
10 Wa Woboram fè fè lòt gwo plak pwotèj an kwiv fwa sa a pou mete nan plas yo. Lèfini, li renmèt yo nan men chèf gad ki t’ap fè pòs nan pòtay palè a.
11 Chak fwa wa a t’ap antre nan Tanp lan, chèf gad yo al pran gwo plak pwotèj yo pote vini. Lè li ale, yo pote yo tounen nan chanm gad yo.
12 Paske Woboram te rekonèt li pa t’ dwe fè sa l’ te fè a devan Seyè a, kòlè Seyè a bese, li pa fini nèt avè l’. Men pou di vre, te gen bon bagay ki te pase nan peyi Jida lè sa a tou.
13  Woboram te gouvènen lavil Jerizalèm, li chita otorite l’ byen chita. Woboram te gen karanteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li gouvènen pandan disètan lavil Jerizalèm, lavil Seyè a te chwazi nan tout peyi Izrayèl pou anplasman kote pou yo fè sèvis pou li a. Manman Woboram te moun lavil Amon. Li te rele Nama.
14 Woboram te fè sa ki mal, paske li pa t’ chache fè volonte Seyè a.
15 Tou sa wa Woboram te fè, depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jou a, nou jwenn yo ekri nan liv travay pwofèt Chemaya ak nan liv vizyon pwofèt Ido ki bay lis fanmi yo. Se te yon lagè san rete ant Woboram ak Jewoboram.
16 Lè Woboram mouri, yo antere l’ nan lavil David la. Se Abija, pitit gason li, ki pran plas li sou fotèy la.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

2 Chroniques 12 

1 Lorsque Roboam se fut affermi dans son royaume et qu’il eut acquis de la force, il abandonna la loi de l’Éternel, et tout Israël l’abandonna avec lui.
La cinquième année du règne de Roboam, Schischak, roi d’Égypte, monta contre Jérusalem, parce qu’ils avaient péché contre l’Éternel.
Il avait mille deux cents chars et soixante mille cavaliers; et il vint d’Égypte avec lui un peuple innombrable, des Libyens, des Sukkiens et des Éthiopiens.
Il prit les villes fortes qui appartenaient à Juda, et arriva jusqu’à Jérusalem.
Alors Schemaeja, le prophète, se rendit auprès de Roboam et des chefs de Juda qui s’étaient retirés dans Jérusalem à l’approche de Schischak, et il leur dit: Ainsi parle l’Éternel: Vous m’avez abandonné; je vous abandonne aussi, et je vous livre entre les mains de Schischak.
Les chefs d’Israël et le roi s’humilièrent et dirent: L’Éternel est juste!
Et quand l’Éternel vit qu’ils s’humiliaient, la parole de l’Éternel fut ainsi adressée à Schemaeja: Ils se sont humiliés, je ne les détruirai pas, je ne tarderai pas à les secourir, et ma colère ne se répandra pas sur Jérusalem par Schischak;
mais ils lui seront assujettis, et ils sauront ce que c’est que me servir ou servir les royaumes des autres pays.
Schischak, roi d’Égypte, monta contre Jérusalem. Il prit les trésors de la maison de l’Éternel et les trésors de la maison du roi, il prit tout. Il prit les boucliers d’or que Salomon avait faits.
10 Le roi Roboam fit à leur place des boucliers d’airain, et il les remit aux soins des chefs des coureurs, qui gardaient l’entrée de la maison du roi.
11 Toutes les fois que le roi allait à la maison de l’Éternel, les coureurs venaient et les portaient; puis ils les rapportaient dans la chambre des coureurs.
12 Comme Roboam s’était humilié, l’Éternel détourna de lui sa colère et ne le détruisit pas entièrement. Et il y avait encore de bonnes choses en Juda.
13 Le roi Roboam s’affermit dans Jérusalem et régna. Il avait quarante et un ans lorsqu’il devint roi, et il régna dix-sept ans à Jérusalem, la ville que l’Éternel avait choisie sur toutes les tribus d’Israël pour y mettre son nom. Sa mère s’appelait Naama, l’Ammonite.
14 Il fit le mal, parce qu’il n’appliqua pas son coeur à chercher l’Éternel.
15 Les actions de Roboam, les premières et les dernières, ne sont-elles pas écrites dans les livres de Schemaeja, le prophète et d’Iddo, le prophète, parmi les registres généalogiques? Il y eut toujours guerre entre Roboam et Jéroboam.
16 Roboam se coucha avec ses pères, et il fut enterré dans la ville de David. Et Abija, son fils, régna à sa place.
Louis Segond {LSG}

2 Chronicles 12

1 And it came to pass, when Rehoboam had established the kingdom, and had strengthened himself, he forsook the law of the Lord, and all Israel with him.
And it came to pass, that in the fifth year of king Rehoboam Shishak king of Egypt came up against Jerusalem, because they had transgressed against the Lord,
With twelve hundred chariots, and threescore thousand horsemen: and the people were without number that came with him out of Egypt; the Lubims, the Sukkiims, and the Ethiopians.
And he took the fenced cities which pertained to Judah, and came to Jerusalem.
Then came Shemaiah the prophet to Rehoboam, and to the princes of Judah, that were gathered together to Jerusalem because of Shishak, and said unto them, Thus saith the Lord, Ye have forsaken me, and therefore have I also left you in the hand of Shishak.
Whereupon the princes of Israel and the king humbled themselves; and they said, The Lord is righteous.
And when the Lord saw that they humbled themselves, the word of the Lord came to Shemaiah, saying, They have humbled themselves; therefore I will not destroy them, but I will grant them some deliverance; and my wrath shall not be poured out upon Jerusalem by the hand of Shishak.
Nevertheless they shall be his servants; that they may know my service, and the service of the kingdoms of the countries.
So Shishak king of Egypt came up against Jerusalem, and took away the treasures of the house of the Lord, and the treasures of the king’s house; he took all: he carried away also the shields of gold which Solomon had made.
10 Instead of which king Rehoboam made shields of brass, and committed them to the hands of the chief of the guard, that kept the entrance of the king’s house.
11 And when the king entered into the house of the Lord, the guard came and fetched them, and brought them again into the guard chamber.
12 And when he humbled himself, the wrath of the Lord turned from him, that he would not destroy him altogether: and also in Judah things went well.
13 So king Rehoboam strengthened himself in Jerusalem, and reigned: for Rehoboam was one and forty years old when he began to reign, and he reigned seventeen years in Jerusalem, the city which the Lord had chosen out of all the tribes of Israel, to put his name there. And his mother’s name was Naamah an Ammonitess.
14 And he did evil, because he prepared not his heart to seek the Lord.
15 Now the acts of Rehoboam, first and last, are they not written in the book of Shemaiah the prophet, and of Iddo the seer concerning genealogies? And there were wars between Rehoboam and Jeroboam continually.
16 And Rehoboam slept with his fathers, and was buried in the city of David: and Abijah his son reigned in his stead.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}