Liv Matye / Mathieu / Matthew

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Matye 13           

Menm jou sa a, Jezi soti nan kay la, li al chita bò lanmè a.
Te sitèlman gen moun sanble tout bò kote Jezi, li moute nan yon kannòt, li chita. Tout foul moun yo menm te rete kanpe sou rivaj la.
Li t’ap rakonte yo kèk parabòl pou l’ te fè yo konprann anpil bagay. Li t’ap di yo konsa: Ala, yon moun soti pou l’ ale simen grenn nan jaden l’.
Antan l’ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an: zwazo vini, yo manje yo.
Yon pati grenn tonbe nan mitan wòch, kote ki pa t’ gen anpil tè. Grenn sa yo leve byen vit, paske yo pa t’ antre fon anba tè a.
Men, lè solèy la chofe, li boule ti plant yo, yo cheche, paske rasen yo pa t’ fon.
Yon lòt pati tonbe nan mitan pikan. Pikan yo grandi, yo toufe bon ti plant yo.
Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè; yo donnen. Genyen ki bay san grenn, lòt bay swasant, lòt bay trant.
Apre sa, Jezi di yo: Si nou gen zòrèy pou n’ tande, tande.
10 Disip yo pwoche bò kot Jezi, yo mande li: Poukisa ou pale an parabòl ak moun yo?
11 Jezi reponn yo: Nou menm, Bondye fè nou favè sa a pou nou konnen sekrè Peyi Wa ki nan syèl la. Men yo menm, yo pa resevwa favè sa a.
12 Paske, moun ki genyen deja a, y’a ba li ankò. Konsa, la gen plis pase sa l’ bezwen an. Men, moun ki pa gen anyen an, y’a wete nan men l’ nimm ti sa l’ te genyen an.
13 Se poutèt sa m’ap pale an parabòl ak moun sa yo. Paske, lè y’ap gade yo pa wè, lè y’ap koute yo pa tande, ni yo pa konprann.
14 Konsa, sa pwofèt Ezayi te di a rive vre pou yo: n’a tande nan zòrèy nou, men, nou p’ap konprann. n’a gade ak je nou, men, nou p’ap wè.
15 Paske, lespri pèp sa a vin lou. Yo bouche zòrèy yo, yo fèmen je yo, pou yo pa wè ak je yo, pou yo pa tande nan zòrèy yo, pou yo pa konprann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m’ geri yo. Se Bondye ki pale konsa.
16 Men, pou nou menm, benediksyon pou nou: paske nou wè ak je nou, nou tande nan zòrèy nou.
17 Sa m’ap di nou la a, se vre wi: Anpil pwofèt ak anpil moun ki mache dwat devan Bondye te anvi wè sa n’ap wè la a, men yo pa t’ wè li. Yo te anvi tande sa n’ap tande la a, men yo pa t’ tande li.
18 Koulye a, koute. Men sa parabòl moun ki t’ap simen an vle di.
19 Moun ki tande pawòl ki pale sou Peyi Wa a men ki pa konprann li, yo sanble ak tè bò chemen an, kote kèk grenn te tonbe: Satan vini, li rache pawòl ki te simen nan kè yo a.
20 Gen lòt ki tankou tè ki gen anpil wòch la. Lè yo fèk tande pawòl la, yo resevwa l’ ak kè kontan.
21 Men, yo pa kite l’ pouse rasen nan kè yo. Yo pa kenbe l’ pou lontan. Lè yo tonbe anba tèt chaje ak pèsekisyon akòz pawòl Bondye a, lamenm yo jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche.
22 Gen lòt ankò ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan mitan pikan. Yo tande pawòl la, men traka lavi ak anvi gen lajan, tou sa toufe pawòl la, kifè yo pa ka bay anyen menm.
23 Moun ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki konprann pawòl la lè yo tande li. Lè sa a, yo donnen. Gen ladan yo ki bay san, yon lòt bay swasant, yon lòt bay trant.
24  Jezi ba yo yon lòt parabòl ankò. Li di yo konsa: Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon moun ki te simen bon grenn nan jaden li.
25 Men, yon jou lannwit, pandan tout moun t’ap dòmi, yon lènmi nonm lan vini, li simen move zèb nan mitan mayi yo. Apre sa, li ale.
26 Lè mayi yo fin pouse, yo pran jete zepi. Lè sa a, move zèb la parèt tou.
27 Moun ki t’ap travay ak mèt jaden an vin di li: Mèt, se pa bon grenn ase nou te simen nan jaden ou lan? Kote move zèb sa yo soti?
28 Li reponn yo: Se yon lènmi m’ ki fè sa. Travayè yo mande li: Ou pa ta vle n’ al rache move zèb yo?
29 Li di yo: Non, poko fè sa. Paske, antan n’ap rache move zèb yo, nou ka derasinen mayi a avèk yo tou.
30 Kite yo grandi ansanm jouk lè rekòt la va rive. Lè sa a, m’a di moun k’ap ranmase rekòt la: Rache move zèb yo anvan. Mare yo fè pakèt pou n’ al boule. Mayi a menm, mete l’ nan galata mwen.
31 Li ba yo yon lòt parabòl ankò. Li di yo konsa: Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon ti grenn moutad yon nonm pran pou li al simen nan jaden li.
32 Grenn moutad, se grenn ki pi piti nan tout grenn ki genyen. Men, lè l’ pouse, li pi gwo pase tout plant menm kalite avèk li. Li vin yon gwo pyebwa. Se konsa zwazo nan syèl la vin fè nich nan branch li yo.
33 Li di yo yon lòt parabòl ankò: Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou ledven yon fanm pran, li mete nan senk mezi farin pou fè tout pa t’ la leve.
34 Se avèk parabòl konsa Jezi t’ap moutre foul moun yo tout bagay sa yo. Li pa t’ louvri bouch li pou l’ pa t’ rakonte yo yon parabòl.
35 Sa te pase konsa pou pawòl pwofèt la te di a te ka rive vre: Se an parabòl m’ap pale ak yo. m’a fè yo konnen bagay ki te kache depi anvan Bondye te kreye latè.
36 Apre sa, Jezi kite foul moun yo dèyè, li antre nan kay la. Disip li yo pwoche bò kote l’, yo di l’ konsa: Esplike nou parabòl move zèb nan jaden an.
37 Li reponn yo: Moun ki simen bon grenn lan, se Moun Bondye voye nan lachè a.
38 Jaden an se latè. Bon grenn yo, se moun ki fè pati Peyi Wa a. Move zèb yo, se moun ki patizan Satan.
39 Lènmi ki simen move zèb yo, se Satan. Sezon rekòt la, se lè tout bagay va fini nèt la. Moun k’ap ranmase rekòt la, se zanj Bondye yo.
40 Menm jan yo te rache move zèb yo pou jete yo nan dife a, se konsa tou sa pral rive, lè tout bagay va fini.
41 Moun Bondye voye nan lachè a va voye zanj li yo pou yo wete tout moun k’ap fè lòt moun fè peche, ansanm ak moun k’ap fè sa ki mal. y’a mete yo deyò nan Peyi kote l’ Wa a.
42 Zanj yo va jete yo nan gwo founo k’ap boule a. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo.
43 Men, lè sa a, moun ki te mache dwat devan Bondye yo va klere tankou solèy nan peyi Papa yo ki Wa a. Si nou gen zòrèy pou n’ tande, tande. Parabòl ja lajan an
44  Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon ja lajan ki te anba tè nan yon jaden. Yon nonm rive jwenn li, li kouvri l’ ankò. Li sitèlman kontan, li ale, li vann tou sa l’ genyen, li tounen vin achte jaden an.
45 Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon machann k’ap chache bèl grenn pèl.
46 Lè li jwenn yon bèl grenn pèl ki chè anpil, li ale, li vann tou sa l’ genyen pou l’ ka achte li.
47 Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon privye yo voye nan lanmè. Li pran tout kalite pwason.
48 Lè li fin plen, pechè pwason yo rale l’ sou bò rivaj la. Yo chita, yo triye pwason yo: yo mete bon pwason yo nan panyen, yo jete sa ki pa bon yo nan lanmè ankò.
49 Se konsa sa pral rive tou lè tout bagay va fini. Zanj Bondye yo va vini, y’ap mete mechan yo yon bò, moun ki fè sa ki byen yo yon bò.
50 y’a jete mechan yo nan gwo founo k’ap boule a. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo.
51 Jezi mande disip li yo: Eske nou konprann tou sa? Yo reponn: Wi.
52 Lè sa a, Jezi di yo: Se konsa, tout dirèktè lalwa ki tounen yon disip nan Peyi Wa ki nan syèl la ap tankou yon mèt kay k’ap rale met deyò bagay li fenk achte ak bagay li gen depi lontan nan byen l’ yo.
53  Lè Jezi fin di parabòl sa yo, li kite kote l’ te ye a.
54 li ale nan lavil kote l’ te grandi a. Li t’ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg la. Tout moun ki t’ap koute l’ te sezi anpil. Yo t’ap di konsa: Ki bò li pran konesans sa a! Kouman li fè fè tout mirak sa yo?
55 Se pa pitit bòs chapant lan? Se pa Mari ki manman li? Se pa frè Jak, Jozèf, Simon ak Jid li ye?
56 Apa tout sè l’ yo la avèk nou. Kote l’ jwenn tout bagay sa yo?
57 Se sak fè yo te jwenn nan li okazyon tonbe nan peche. Lè sa a, Jezi di yo: Yon pwofèt jwenn respè toupatou, esepte nan peyi l’ ak nan fanmi li.
58 Se konsa Jezi pa t’ fè anpil mirak la, paske yo pa t’ kwè nan li.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Mathieu 13          

1 Ce même jour, Jésus sortit de la maison, et s’assit au bord de la mer.
Une grande foule s’étant assemblée auprès de lui, il monta dans une barque, et il s’assit. Toute la foule se tenait sur le rivage.
Il leur parla en paraboles sur beaucoup de choses, et il dit:
Un semeur sortit pour semer. Comme il semait, une partie de la semence tomba le long du chemin: les oiseaux vinrent, et la mangèrent.
Une autre partie tomba dans les endroits pierreux, où elle n’avait pas beaucoup de terre: elle leva aussitôt, parce qu’elle ne trouva pas un sol profond;
mais, quand le soleil parut, elle fut brûlée et sécha, faute de racines.
Une autre partie tomba parmi les épines: les épines montèrent, et l’étouffèrent.
Une autre partie tomba dans la bonne terre: elle donna du fruit, un grain cent, un autre soixante, un autre trente.
Que celui qui a des oreilles pour entendre entende.
10 Les disciples s’approchèrent, et lui dirent: Pourquoi leur parles-tu en paraboles?
11 Jésus leur répondit: Parce qu’il vous a été donné de connaître les mystères du royaume des cieux, et que cela ne leur a pas été donné.
12 Car on donnera à celui qui a, et il sera dans l’abondance, mais à celui qui n’a pas on ôtera même ce qu’il a.
13 C’est pourquoi je leur parle en paraboles, parce qu’en voyant ils ne voient point, et qu’en entendant ils n’entendent ni ne comprennent.
14 Et pour eux s’accomplit cette prophétie d’Ésaïe: Vous entendrez de vos oreilles, et vous ne comprendrez point; Vous regarderez de vos yeux, et vous ne verrez point.
15 Car le coeur de ce peuple est devenu insensible; Ils ont endurci leurs oreilles, et ils ont fermé leurs yeux, De peur qu’ils ne voient de leurs yeux, qu’ils n’entendent de leurs oreilles, Qu’ils ne comprennent de leur coeur, Qu’ils ne se convertissent, et que je ne les guérisse.
16 Mais heureux sont vos yeux, parce qu’ils voient, et vos oreilles, parce qu’elles entendent!
17 Je vous le dis en vérité, beaucoup de prophètes et de justes ont désiré voir ce que vous voyez, et ne l’ont pas vu, entendre ce que vous entendez, et ne l’ont pas entendu.
18 Vous donc, écoutez ce que signifie la parabole du semeur.
19 Lorsqu’un homme écoute la parole du royaume et ne la comprend pas, le malin vient et enlève ce qui a été semé dans son coeur: cet homme est celui qui a reçu la semence le long du chemin.
20 Celui qui a reçu la semence dans les endroits pierreux, c’est celui qui entend la parole et la reçoit aussitôt avec joie;
21 mais il n’a pas de racines en lui-même, il manque de persistance, et, dès que survient une tribulation ou une persécution à cause de la parole, il y trouve une occasion de chute.
22 Celui qui a reçu la semence parmi les épines, c’est celui qui entend la parole, mais en qui les soucis du siècle et la séduction des richesses étouffent cette parole, et la rendent infructueuse.
23 Celui qui a reçu la semence dans la bonne terre, c’est celui qui entend la parole et la comprend; il porte du fruit, et un grain en donne cent, un autre soixante, un autre trente.
24 Il leur proposa une autre parabole, et il dit: Le royaume des cieux est semblable à un homme qui a semé une bonne semence dans son champ.
25 Mais, pendant que les gens dormaient, son ennemi vint, sema de l’ivraie parmi le blé, et s’en alla.
26 Lorsque l’herbe eut poussé et donné du fruit, l’ivraie parut aussi.
27 Les serviteurs du maître de la maison vinrent lui dire: Seigneur, n’as-tu pas semé une bonne semence dans ton champ? D’où vient donc qu’il y a de l’ivraie?
28 Il leur répondit: C’est un ennemi qui a fait cela. Et les serviteurs lui dirent: Veux-tu que nous allions l’arracher?
29 Non, dit-il, de peur qu’en arrachant l’ivraie, vous ne déraciniez en même temps le blé.
30 Laissez croître ensemble l’un et l’autre jusqu’à la moisson, et, à l’époque de la moisson, je dirai aux moissonneurs: Arrachez d’abord l’ivraie, et liez-la en gerbes pour la brûler, mais amassez le blé dans mon grenier.
31 Il leur proposa une autre parabole, et il dit: Le royaume des cieux est semblable à un grain de sénevé qu’un homme a pris et semé dans son champ.
32 C’est la plus petite de toutes les semences; mais, quand il a poussé, il est plus grand que les légumes et devient un arbre, de sorte que les oiseaux du ciel viennent habiter dans ses branches.
33 Il leur dit cette autre parabole: Le royaume des cieux est semblable à du levain qu’une femme a pris et mis dans trois mesures de farine, jusqu’à ce que la pâte soit toute levée.
34 Jésus dit à la foule toutes ces choses en paraboles, et il ne lui parlait point sans parabole,
35 afin que s’accomplît ce qui avait été annoncé par le prophète: J’ouvrirai ma bouche en paraboles, Je publierai des choses cachées depuis la création du monde.
36 Alors il renvoya la foule, et entra dans la maison. Ses disciples s’approchèrent de lui, et dirent: Explique-nous la parabole de l’ivraie du champ.
37 Il répondit: Celui qui sème la bonne semence, c’est le Fils de l’homme;
38 le champ, c’est le monde; la bonne semence, ce sont les fils du royaume; l’ivraie, ce sont les fils du malin;
39 l’ennemi qui l’a semée, c’est le diable; la moisson, c’est la fin du monde; les moissonneurs, ce sont les anges.
40 Or, comme on arrache l’ivraie et qu’on la jette au feu, il en sera de même à la fin du monde.
41 Le Fils de l’homme enverra ses anges, qui arracheront de son royaume tous les scandales et ceux qui commettent l’iniquité:
42 et ils les jetteront dans la fournaise ardente, où il y aura des pleurs et des grincements de dents.
43 Alors les justes resplendiront comme le soleil dans le royaume de leur Père. Que celui qui a des oreilles pour entendre entende.
44 Le royaume des cieux est encore semblable à un trésor caché dans un champ. L’homme qui l’a trouvé le cache; et, dans sa joie, il va vendre tout ce qu’il a, et achète ce champ.
45 Le royaume des cieux est encore semblable à un marchand qui cherche de belles perles.
46 Il a trouvé une perle de grand prix; et il est allé vendre tout ce qu’il avait, et l’a achetée.
47 Le royaume des cieux est encore semblable à un filet jeté dans la mer et ramassant des poissons de toute espèce.
48 Quand il est rempli, les pêcheurs le tirent; et, après s’être assis sur le rivage, ils mettent dans des vases ce qui est bon, et ils jettent ce qui est mauvais.
49 Il en sera de même à la fin du monde. Les anges viendront séparer les méchants d’avec les justes,
50 et ils les jetteront dans la fournaise ardente, où il y aura des pleurs et des grincements de dents.
51 Avez-vous compris toutes ces choses? -Oui, répondirent-ils.
52 Et il leur dit: C’est pourquoi, tout scribe instruit de ce qui regarde le royaume des cieux est semblable à un maître de maison qui tire de son trésor des choses nouvelles et des choses anciennes.
53 Lorsque Jésus eut achevé ces paraboles, il partit de là.
54 S’étant rendu dans sa patrie, il enseignait dans la synagogue, de sorte que ceux qui l’entendirent étaient étonnés et disaient: D’où lui viennent cette sagesse et ces miracles?
55 N’est-ce pas le fils du charpentier? n’est-ce pas Marie qui est sa mère? Jacques, Joseph, Simon et Jude, ne sont-ils pas ses frères?
56 et ses soeurs ne sont-elles pas toutes parmi nous? D’où lui viennent donc toutes ces choses?
57 Et il était pour eux une occasion de chute. Mais Jésus leur dit: Un prophète n’est méprisé que dans sa patrie et dans sa maison.
58 Et il ne fit pas beaucoup de miracles dans ce lieu, à cause de leur incrédulité.

Louis Segond {LSG}

Matthew 13   

1 The same day went Jesus out of the house, and sat by the sea side.
And great multitudes were gathered together unto him, so that he went into a ship, and sat; and the whole multitude stood on the shore.
And he spake many things unto them in parables, saying, Behold, a sower went forth to sow;
And when he sowed, some seeds fell by the way side, and the fowls came and devoured them up:
Some fell upon stony places, where they had not much earth: and forthwith they sprung up, because they had no deepness of earth:
And when the sun was up, they were scorched; and because they had no root, they withered away.
And some fell among thorns; and the thorns sprung up, and choked them:
But other fell into good ground, and brought forth fruit, some an hundredfold, some sixtyfold, some thirtyfold.
Who hath ears to hear, let him hear.
10 And the disciples came, and said unto him, Why speakest thou unto them in parables?
11 He answered and said unto them, Because it is given unto you to know the mysteries of the kingdom of heaven, but to them it is not given.
12 For whosoever hath, to him shall be given, and he shall have more abundance: but whosoever hath not, from him shall be taken away even that he hath.
13 Therefore speak I to them in parables: because they seeing see not; and hearing they hear not, neither do they understand.
14 And in them is fulfilled the prophecy of Esaias, which saith, By hearing ye shall hear, and shall not understand; and seeing ye shall see, and shall not perceive:
15 For this people’s heart is waxed gross, and their ears are dull of hearing, and their eyes they have closed; lest at any time they should see with their eyes and hear with their ears, and should understand with their heart, and should be converted, and I should heal them.
16 But blessed are your eyes, for they see: and your ears, for they hear.
17 For verily I say unto you, That many prophets and righteous men have desired to see those things which ye see, and have not seen them; and to hear those things which ye hear, and have not heard them.
18 Hear ye therefore the parable of the sower.
19 When any one heareth the word of the kingdom, and understandeth it not, then cometh the wicked one, and catcheth away that which was sown in his heart. This is he which received seed by the way side.
20 But he that received the seed into stony places, the same is he that heareth the word, and anon with joy receiveth it;
21 Yet hath he not root in himself, but dureth for a while: for when tribulation or persecution ariseth because of the word, by and by he is offended.
22 He also that received seed among the thorns is he that heareth the word; and the care of this world, and the deceitfulness of riches, choke the word, and he becometh unfruitful.
23 But he that received seed into the good ground is he that heareth the word, and understandeth it; which also beareth fruit, and bringeth forth, some an hundredfold, some sixty, some thirty.
24 Another parable put he forth unto them, saying, The kingdom of heaven is likened unto a man which sowed good seed in his field:
25 But while men slept, his enemy came and sowed tares among the wheat, and went his way.
26 But when the blade was sprung up, and brought forth fruit, then appeared the tares also.
27 So the servants of the householder came and said unto him, Sir, didst not thou sow good seed in thy field? from whence then hath it tares?
28 He said unto them, An enemy hath done this. The servants said unto him, Wilt thou then that we go and gather them up?
29 But he said, Nay; lest while ye gather up the tares, ye root up also the wheat with them.
30 Let both grow together until the harvest: and in the time of harvest I will say to the reapers, Gather ye together first the tares, and bind them in bundles to burn them: but gather the wheat into my barn.
31 Another parable put he forth unto them, saying, The kingdom of heaven is like to a grain of mustard seed, which a man took, and sowed in his field:
32 Which indeed is the least of all seeds: but when it is grown, it is the greatest among herbs, and becometh a tree, so that the birds of the air come and lodge in the branches thereof.
33 Another parable spake he unto them; The kingdom of heaven is like unto leaven, which a woman took, and hid in three measures of meal, till the whole was leavened.
34 All these things spake Jesus unto the multitude in parables; and without a parable spake he not unto them:
35 That it might be fulfilled which was spoken by the prophet, saying, I will open my mouth in parables; I will utter things which have been kept secret from the foundation of the world.
36 Then Jesus sent the multitude away, and went into the house: and his disciples came unto him, saying, Declare unto us the parable of the tares of the field.
37 He answered and said unto them, He that soweth the good seed is the Son of man;
38 The field is the world; the good seed are the children of the kingdom; but the tares are the children of the wicked one;
39 The enemy that sowed them is the devil; the harvest is the end of the world; and the reapers are the angels.
40 As therefore the tares are gathered and burned in the fire; so shall it be in the end of this world.
41 The Son of man shall send forth his angels, and they shall gather out of his kingdom all things that offend, and them which do iniquity;
42 And shall cast them into a furnace of fire: there shall be wailing and gnashing of teeth.
43 Then shall the righteous shine forth as the sun in the kingdom of their Father. Who hath ears to hear, let him hear.
44 Again, the kingdom of heaven is like unto treasure hid in a field; the which when a man hath found, he hideth, and for joy thereof goeth and selleth all that he hath, and buyeth that field.
45 Again, the kingdom of heaven is like unto a merchant man, seeking goodly pearls:
46 Who, when he had found one pearl of great price, went and sold all that he had, and bought it.
47 Again, the kingdom of heaven is like unto a net, that was cast into the sea, and gathered of every kind:
48 Which, when it was full, they drew to shore, and sat down, and gathered the good into vessels, but cast the bad away.
49 So shall it be at the end of the world: the angels shall come forth, and sever the wicked from among the just,
50 And shall cast them into the furnace of fire: there shall be wailing and gnashing of teeth.
51 Jesus saith unto them, Have ye understood all these things? They say unto him, Yea, Lord.
52 Then said he unto them, Therefore every scribe which is instructed unto the kingdom of heaven is like unto a man that is an householder, which bringeth forth out of his treasure things new and old.
53 And it came to pass, that when Jesus had finished these parables, he departed thence.
54 And when he was come into his own country, he taught them in their synagogue, insomuch that they were astonished, and said, Whence hath this man this wisdom, and these mighty works?
55 Is not this the carpenter’s son? is not his mother called Mary? and his brethren, James, and Joses, and Simon, and Judas?
56 And his sisters, are they not all with us? Whence then hath this man all these things?
57 And they were offended in him. But Jesus said unto them, A prophet is not without honour, save in his own country, and in his own house.
58 And he did not many mighty works there because of their unbelief.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}