Liv Ebre / Hébreux / Hebrews

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ebre 2 

Se poutèt sa, nou dwe kenbe verite yo te moutre nou yo pi fèm toujou pou nou pa pèdi chemen nou.
Pawòl zanj Bondye yo te anonse a te gen tout valè li. Se sa ki fè moun ki pa t’ okipe pawòl la ak moun ki te dezobeyi l’ yo te resevwa chatiman yo te merite a.
Konsa tou, si nou menm nou meprize yon gwo delivrans tankou sa a, nanpwen chape pou nou. Premye moun ki te fè konnen delivrans sa a se Seyè a menm. Apre sa, moun ki te tande l’ yo, se yo ki te fè nou konnen jan delivrans sa a gen anpil valè.
Anmenmtan an tou, Bondye te fè anpil siy, anpil bèl bagay ak anpil mirak pou fè wè sa moun sa yo t’ap di a se te vre. Li separe kado Sentespri a bay moun jan l’ vle.
 Bondye pa t’ bay zanj li yo pouvwa sou anyen nan tan n’ap pale a, tan ki gen pou vini an.
Okontrè, jan yo ekri sa yon kote nan Liv la: Bondye o, kisa moun ye pou w’ap chonje yo konsa? Kisa moun ki fèt pou mouri yo ye menm pou w’ap pran ka yo konsa?
Ou fè yo yon ti jan pi ba pase zanj yo pou yon ti tan. Tankou yon kouwòn sou tèt yo, ou ba yo tout lwanj ak tout respè.
Ou mete tout bagay anba pye yo. Liv la di Bondye mete tout bagay anba pye lèzòm, sa vle di pa gen anyen ki pa sou zòd yo. Men, nou wè koulye a moun pa gen pouvwa sou tout bagay.
Okontre, lè nou gade Jezi, nou wè pou yon tan Bondye te mete l’ pi ba pase zanj yo, pou l’ te ka mouri pou tout moun, tankou yon favè Bondye t’ap fè yo. Koulye a, poutèt lanmò li te soufri a, Bondye ba li tout lwanj ak tout respè ki pou yon wa.
10  Se Bondye ki fè tout bagay, se Bondye k’ap kenbe tout bagay. Se tou nòmal pou l’ te vle fè anpil nan pitit li yo resevwa pa yo nan bèl pouvwa li a. Se poutèt sa, li fè Jezi vin bon nèt avèk tout soufrans sa yo. Paske se Jezi ki chèf k’ap mennen yo nan chemen delivrans lan.
11 Ni moun ki netwaye lèzòm anba peche yo, ki vle di Jezi, ni lèzòm li netwaye yo, yo tout gen yon sèl papa. Se poutèt sa, Jezi pa wont rele yo frè,
12 jan l’ te di sa nan Liv la: Bondye, m’a nonmen non ou bay frè m’ yo. M’a fè lwanj ou lè yo tout reyini ansanm.
13 Li di ankò: M’a mete tout konfyans mwen nan Bondye. Apre sa, li di ankò: Men mwen ansanm ak tout pitit Bondye te ban mwen yo.
14  Moun li rele pitit li yo, se moun ki gen yon kò ki fèt ak chè ak san. Jezi vin tankou yo tou, menm chè ak yo, menm san ak yo. Konsa, lè li mouri, li detwi Satan ki te gen pouvwa pou touye moun.
15 Li delivre tout moun ki pase tout lavi yo esklav paske yo te pè lanmò.
16 Sa se bagay ki klè: li pa t’ vin pote sekou bay zanj Bondye yo. Jan sa ekri nan Liv la: Li vin pote sekou bay tout moun ras Abraram yo.
17 Se konsa, li te fèt pou l’ te vin tankou frè l’ yo sou tout pwen, pou l’ te ka sèvi yo tankou yon granprèt ki gen anpil pitye pou yo, k’ap fè sèvis li byen devan Bondye, pou ofrann li fè a ka fè Bondye padonnen peche tout pèp la.
18 Koulye a, li ka pote sekou bay tout moun ki anba tantasyon, paske li menm tou li te pase anba tantasyon, li menm tou li te soufri.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Hébreux 2                    

1 C’est pourquoi nous devons d’autant plus nous attacher aux choses que nous avons entendues, de peur que nous ne soyons emportés loin d’elles.
Car, si la parole annoncée par des anges a eu son effet, et si toute transgression et toute désobéissance a reçu une juste rétribution,
comment échapperons-nous en négligeant un si grand salut, qui, annoncé d’abord par le Seigneur, nous a été confirmé par ceux qui l’ont entendu,
Dieu appuyant leur témoignage par des signes, des prodiges, et divers miracles, et par les dons du Saint Esprit distribués selon sa volonté.
En effet, ce n’est pas à des anges que Dieu a soumis le monde à venir dont nous parlons.
Or quelqu’un a rendu quelque part ce témoignage: Qu’est-ce que l’homme, pour que tu te souviennes de lui, Ou le fils de l’homme, pour que tu prennes soin de lui?
Tu l’as abaissé pour un peu de temps au-dessous des anges, Tu l’as couronné de gloire et d’honneur,
Tu as mis toutes choses sous ses pieds. En effet, en lui soumettant toutes choses, Dieu n’a rien laissé qui ne lui fût soumis. Cependant, nous ne voyons pas encore maintenant que toutes choses lui soient soumises.
Mais celui qui a été abaissé pour un peu de temps au-dessous des anges, Jésus, nous le voyons couronné de gloire et d’honneur à cause de la mort qu’il a soufferte, afin que, par la grâce de Dieu, il souffrît la mort pour tous.
10 Il convenait, en effet, que celui pour qui et par qui sont toutes choses, et qui voulait conduire à la gloire beaucoup de fils, élevât à la perfection par les souffrances le Prince de leur salut.
11 Car celui qui sanctifie et ceux qui sont sanctifiés sont tous issus d’un seul. C’est pourquoi il n’a pas honte de les appeler frères,
12 lorsqu’il dit: J’annoncerai ton nom à mes frères, Je te célébrerai au milieu de l’assemblée.
13 Et encore: Je me confierai en toi. Et encore: Me voici, moi et les enfants que Dieu m’a donnés.
14 Ainsi donc, puisque les enfants participent au sang et à la chair, il y a également participé lui-même, afin que, par la mort, il anéantît celui qui a la puissance de la mort, c’est à dire le diable,
15 et qu’il délivrât tous ceux qui, par crainte de la mort, étaient toute leur vie retenus dans la servitude.
16 Car assurément ce n’est pas à des anges qu’il vient en aide, mais c’est à la postérité d’Abraham.
17 En conséquence, il a dû être rendu semblable en toutes choses à ses frères, afin qu’il fût un souverain sacrificateur miséricordieux et fidèle dans le service de Dieu, pour faire l’expiation des péchés du peuple;
18 car, ayant été tenté lui-même dans ce qu’il a souffert, il peut secourir ceux qui sont tentés.

Louis Segond {LSG}

Hebrews 2          

1 Therefore we ought to give the more earnest heed to the things which we have heard, lest at any time we should let them slip.
For if the word spoken by angels was stedfast, and every transgression and disobedience received a just recompence of reward;
How shall we escape, if we neglect so great salvation; which at the first began to be spoken by the Lord, and was confirmed unto us by them that heard him;
God also bearing them witness, both with signs and wonders, and with divers miracles, and gifts of the Holy Ghost, according to his own will?
For unto the angels hath he not put in subjection the world to come, whereof we speak.
But one in a certain place testified, saying, What is man, that thou art mindful of him? or the son of man that thou visitest him?
Thou madest him a little lower than the angels; thou crownedst him with glory and honour, and didst set him over the works of thy hands:
Thou hast put all things in subjection under his feet. For in that he put all in subjection under him, he left nothing that is not put under him. But now we see not yet all things put under him.
But we see Jesus, who was made a little lower than the angels for the suffering of death, crowned with glory and honour; that he by the grace of God should taste death for every man.
10 For it became him, for whom are all things, and by whom are all things, in bringing many sons unto glory, to make the captain of their salvation perfect through sufferings.
11 For both he that sanctifieth and they who are sanctified are all of one: for which cause he is not ashamed to call them brethren,
12 Saying, I will declare thy name unto my brethren, in the midst of the church will I sing praise unto thee.
13 And again, I will put my trust in him. And again, Behold I and the children which God hath given me.
14 Forasmuch then as the children are partakers of flesh and blood, he also himself likewise took part of the same; that through death he might destroy him that had the power of death, that is, the devil;
15 And deliver them who through fear of death were all their lifetime subject to bondage.
16 For verily he took not on him the nature of angels; but he took on him the seed of Abraham.
17 Wherefore in all things it behoved him to be made like unto his brethren, that he might be a merciful and faithful high priest in things pertaining to God, to make reconciliation for the sins of the people.
18 For in that he himself hath suffered being tempted, he is able to succour them that are tempted.
    
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}