Liv Revelasyon / Apocalypse / Revelation

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Revelasyon 16         

Apre sa, mwen tande yon vwa ki t’ap soti nan tanp lan. Li t’ap pale ak sèt zanj yo, li t’ap di yo byen fò: Ale vide sèt gode kòlè Bondye a sou latè.
Premie zanj lan pati, li vide gode pa l’ la sou latè. Menm lè a, moun ki te gen mak bèt la sou yo, moun ki t’ap adore estati l’ la, yo tout te kouvri ak move malenng ki t’ap fè yo soufri anpil.
Dezyèm zanj lan vide gode pa l’ la sou lanmè. Dlo a tounen tankou san moun mouri. Tout bèt vivan ki te nan lanmè a mouri.
Twazièm zanj lan vide gode pa l’ la nan tout gwo larivyè ak nan sous dlo yo, li fè yo tounen san.
Mwen tande zanj ki te gen otorite sou dlo yo di: Ou gen rezon fè jijman sa a konsa, ou menm ki sen an, ou menm ki la, ki te toujou la.
Paske moun sa yo te fè san pèp Bondye a ak san pwofèt yo koule. Koulye a ou ba yo san pou yo bwè. Yo jwenn sa yo merite a.
Apre sa, mwen tande yon vwa ki soti nan lotèl la ki t’ap di: Wi, Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a, ou jije dapre laverite san patipri.
 Katriyèm zanj lan vide gode pa l’ la sou solèy la. Sa te bay solèy la pouvwa pou l’ te boule moun ak dife l’ la.
Yon gwo chalè t’ap boule moun. Moun menm pran joure Bondye ki te gen pouvwa sou tout kalamite sa yo. Men, atousa, yo te refize sispann fè peche pou yo te fè lwanj Bondye.
10 Senkièm zanj lan vide gode pa l’ la sou fòtèy bèt ki te wa a. Tout peyi bèt la tonbe nan fènwa. Moun t’ap mòde lang yo tèlman yo t’ap soufri.
11 Yo t’ap joure Bondye nan sièl la poutèt doulè ak malenng yo t’ap soufri yo. Men, yo pa t’ sispann fè mal yo t’ap fè a.
12  Sizièm zanj lan vide gode pa l’ la nan gwo larivyè Lefrat la. Riviè a cheche pou l’ te ka kite wa ki soti bò kote solèy leve yo pase.
13 Apre sa, mwen wè twa move lespri ki t’ap soti yonn nan bouch dragon an, yonn nan bouch bèt la, yonn nan bouch fo pwofèt la. Yo te tankou krapo.
14 Se te twa move lespri ki t’ap fè gwo mirak. Yo pral sanble deniè wa ki sou latè pou batay ki pral fèt nan gwo jou Bondye ki gen tout pouvwa a.
15 Koute, m’ap vini tankou yon vòlè. Benediksyon pou moun ki pa kite dòmi pran yo, ki kenbe tout rad yo sou yo pou yo pa mache toutouni, pou yo pa wont moun wè yo konsa!
16 Lespri yo sanble tout wa yo yon kote yo rele nan lang ebre a: Amagedon.
17  Setièm zanj lan vide gode pa l’ la nan lè a. Yon gwo vwa pran pale nan tanp lan. Li t’ap soti bò fòtèy la, li t’ap di: Bon! Tout bagay fini koulye a!
18 Lè sa a zèklè pran fè yan, loraj t’ap gwonde nan sièl la, ansanm ak yon bann lòt bri ankò. Tè a menm pran tranble byen fò. Se pa t’ yon ti tranblemanntè. Depi gen moun sou latè, yo pa t’ janm wè tè a tranble konsa.
19 Gwo lavil la fè twa moso. Lavil nan tout lòt peyi yo tonbe kraze. Bondye te chonje gwo lavil Babilòn lan, li fè l’ bwè diven ki nan gode l’ la, diven gwo kòlè l’ la.
20 Tout zile yo disparèt, pa t’ gen mòn sou latè ankò.
21 De gwo grenn lagrèl ki pese san (100) liv konsa soti nan sièl la tonbe sou moun. Moun menm t’ap joure Bondye poutèt kalamite lagrèl la, paske se te yon kalamite ki te terib anpil.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Apocalypse 16              

1 Et j’entendis une voix forte qui venait du temple, et qui disait aux sept anges: Allez, et versez sur la terre les sept coupes de la colère de Dieu.
Le premier alla, et il versa sa coupe sur la terre. Et un ulcère malin et douloureux frappa les hommes qui avaient la marque de la bête et qui adoraient son image.
Le second versa sa coupe dans la mer. Et elle devint du sang, comme celui d’un mort; et tout être vivant mourut, tout ce qui était dans la mer.
Le troisième versa sa coupe dans les fleuves et dans les sources d’eaux. Et ils devinrent du sang.
Et j’entendis l’ange des eaux qui disait: Tu es juste, toi qui es, et qui étais; tu es saint, parce que tu as exercé ce jugement.
Car ils ont versé le sang des saints et des prophètes, et tu leur as donné du sang à boire: ils en sont dignes.
Et j’entendis l’autel qui disait: Oui, Seigneur Dieu tout puissant, tes jugements sont véritables et justes.
Le quatrième versa sa coupe sur le soleil. Et il lui fut donné de brûler les hommes par le feu;
et les hommes furent brûlés par une grande chaleur, et ils blasphémèrent le nom du Dieu qui a l’autorité sur ces fléaux, et ils ne se repentirent pas pour lui donner gloire.
10 Le cinquième versa sa coupe sur le trône de la bête. Et son royaume fut couvert de ténèbres; et les hommes se mordaient la langue de douleur,
11 et ils blasphémèrent le Dieu du ciel, à cause de leurs douleurs et de leurs ulcères, et ils ne se repentirent pas de leurs oeuvres.
12 Le sixième versa sa coupe sur le grand fleuve, l’Euphrate. Et son eau tarit, afin que le chemin des rois venant de l’Orient fût préparé.
13 Et je vis sortir de la bouche du dragon, et de la bouche de la bête, et de la bouche du faux prophète, trois esprits impurs, semblables à des grenouilles.
14 Car ce sont des esprits de démons, qui font des prodiges, et qui vont vers les rois de toute la terre, afin de les rassembler pour le combat du grand jour du Dieu tout puissant.
15 Voici, je viens comme un voleur. Heureux celui qui veille, et qui garde ses vêtements, afin qu’il ne marche pas nu et qu’on ne voie pas sa honte! –
16 Ils les rassemblèrent dans le lieu appelé en hébreu Harmaguédon.
17 Le septième versa sa coupe dans l’air. Et il sortit du temple, du trône, une voix forte qui disait: C’en est fait!
18 Et il y eut des éclairs, des voix, des tonnerres, et un grand tremblement de terre, tel qu’il n’y avait jamais eu depuis que l’homme est sur la terre, un aussi grand tremblement.
19 Et la grande ville fut divisée en trois parties, et les villes des nations tombèrent, et Dieu, se souvint de Babylone la grande, pour lui donner la coupe du vin de son ardente colère.
20 Et toutes les îles s’enfuirent, et les montagnes ne furent pas retrouvées.
21 Et une grosse grêle, dont les grêlons pesaient un talent, tomba du ciel sur les hommes; et les hommes blasphémèrent Dieu, à cause du fléau de la grêle, parce que ce fléau était très grand.

Louis Segond {LSG}

Revelation 16              

1 And I heard a great voice out of the temple saying to the seven angels, Go your ways, and pour out the vials of the wrath of God upon the earth.
And the first went, and poured out his vial upon the earth; and there fell a noisome and grievous sore upon the men which had the mark of the beast, and upon them which worshipped his image.
And the second angel poured out his vial upon the sea; and it became as the blood of a dead man: and every living soul died in the sea.
And the third angel poured out his vial upon the rivers and fountains of waters; and they became blood.
And I heard the angel of the waters say, Thou art righteous, O Lord, which art, and wast, and shalt be, because thou hast judged thus.
For they have shed the blood of saints and prophets, and thou hast given them blood to drink; for they are worthy.
And I heard another out of the altar say, Even so, Lord God Almighty, true and righteous are thy judgments.
And the fourth angel poured out his vial upon the sun; and power was given unto him to scorch men with fire.
And men were scorched with great heat, and blasphemed the name of God, which hath power over these plagues: and they repented not to give him glory.
10 And the fifth angel poured out his vial upon the seat of the beast; and his kingdom was full of darkness; and they gnawed their tongues for pain,
11 And blasphemed the God of heaven because of their pains and their sores, and repented not of their deeds.
12 And the sixth angel poured out his vial upon the great river Euphrates; and the water thereof was dried up, that the way of the kings of the east might be prepared.
13 And I saw three unclean spirits like frogs come out of the mouth of the dragon, and out of the mouth of the beast, and out of the mouth of the false prophet.
14 For they are the spirits of devils, working miracles, which go forth unto the kings of the earth and of the whole world, to gather them to the battle of that great day of God Almighty.
15 Behold, I come as a thief. Blessed is he that watcheth, and keepeth his garments, lest he walk naked, and they see his shame.
16 And he gathered them together into a place called in the Hebrew tongue Armageddon.
17 And the seventh angel poured out his vial into the air; and there came a great voice out of the temple of heaven, from the throne, saying, It is done.
18 And there were voices, and thunders, and lightnings; and there was a great earthquake, such as was not since men were upon the earth, so mighty an earthquake, and so great.
19 And the great city was divided into three parts, and the cities of the nations fell: and great Babylon came in remembrance before God, to give unto her the cup of the wine of the fierceness of his wrath.
20 And every island fled away, and the mountains were not found.
21 And there fell upon men a great hail out of heaven, every stone about the weight of a talent: and men blasphemed God because of the plague of the hail; for the plague thereof was exceeding great.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}