Liv Jenèz  / Genèse / Genesis

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jenèz 49

1 Jakòb fè rele pitit gason l’ yo, li di yo: -Sanble non. M’ap fè nou konnen sa ki pral rive nou nan jou k’ap vini yo.
Sanble, vin koute non, pitit Jakòb yo! vin koute sa Izrayèl, papa nou, pral di nou.
Ou menm, Woubenn, premye pitit gason mwen, ou se fòs mwen, premye pitit mwen fè. Nan tout pitit mwen yo, se ou ki gen plis fòs, se ou ki pi gwonèg.
Ou tankou yon larivyè k’ap desann. Men, se pa ou k’ap alatèt, paske ou kouche ak yon madanm papa ou. Ou moute sou kabann mwen, ou fè sa ou pa t’ dwe fè.
 Simeyon ak Levi se menm moun, se pwason kraze nan bouyon! Yo sèvi ak zam yo pou fè mechanste.
Mwen p’ap patisipe nan konplo yo. Mwen p’ap la avèk yo nan reyinyon yo. Paske lè yo ankòlè, yo touye moun. Yo koupe jarèt towo bèf pou dan ri.
Madichon pou yo lè yo move paske yo san manman! M’ap fè yo rete toupatou nan peyi Jakòb la. M’ap gaye yo nan tout peyi Izrayèl la.
 Ou menm, Jida, frè ou yo ap fè lwanj ou. W’ap kenbe lènmi ou yo dèyè kou. Pitit papa ou yo ap bese tèt devan ou.
Jida, se yon jenn ti lyon. Lè ou fin fè ravaj, pitit mwen, ou tounen tounen ou. Ou kwoupi, ou kache kò ou tankou yon jenn ti lyon, tankou yon fenmèl lyon. Ki moun ki ka deranje ou?
10 Yo p’ap ka wete kòmandman an nan men Jida. Non. Baton kòmandman an p’ap soti nan mitan janm li, jouk tan moun tout pèp sou latè pral obeyi a va vini.
11 L’ap mare ti bourik li a nan yon pye rezen, l’ap mare pitit manman bourik li a nan pi bon pye rezen an. L’ap lave rad li nan diven, l’ap lave varèz li nan diven wouj kou san.
12 Je l’ wouj ak diven. Dan l’ blan ak lèt.
13  Zabilon pral rete bò lanmè. Batiman yo va jwenn bon pò sou rivaj li yo. Limit peyi l’ la ap rive jouk Sidon.
14 Isaka, se yon bon bourik chay. Li kouche nan mitan de bò sakpay.
15 Li wè jan kote li poze kò l’ la nan gou li, li wè jan peyi a bèl. Li pare do l’ pou l’ pote chay li. Li tounen esklav pou l’ travay di.
16 Dann ap yon chèf pou pèp li, tankou yon branch nan fanmi Izrayèl.
17 Dann ap tankou yon sèpan bò gran chemen an, yon sèpan mechan sou bò wout la. L’ap mòde chwal yo nan talon pou l’ fè kavalye yo tonbe sou tèt.
18 O Seyè, m’ap tann ou vin sove mwen!
19 Ou menm, Gad, yon bann vòlò ap vin tonbe sou ou. Men, w’ap kouri dèyè yo, se ou k’ap mete men sou yo.
20 Peyi Asè a ap bay bon manje k’ap bay fòs. L’ap donnen manje ki gou nan bouch wa yo.
21 Neftali, se yon fenmèl kabrit ki lage. L’ap fè bèl ti pitit.
22  Jozèf se boujon yon pye rezen ki konn donnen, li soti nan yon pye rezen bò sous dlo ki donnen byen. Branch li yo moute sou tout miray la.
23 Y’ap chache l’ kont, y’ap voye wòch sou li. Moun k’ap voye flèch yo tounen yon pèsekisyon pou li.
24 Men, banza pa li a rete fèm, ponyèt li pa febli, gremesi pouvwa Bondye Jakòb la, Bondye ki gadò pèp Izrayèl la. Se li ki tout pwoteksyon yo.
25 Sa soti nan Bondye papa ou la k’ap ede ou, nan Bondye ki gen tout pouvwa a k’ap beni ou avèk benediksyon lapli ki soti anwo nan syèl la, avèk benediksyon sous dlo k’ap soti anba tè a, avèk benediksyon ki soti nan tete ak nan vant manman.
26 Benediksyon papa ou yo pi plis pase benediksyon mòn ki la pou tout tan yo. Se pou benediksyon sa yo tonbe sou tèt Jozèf, sou tèt moun Bondye te chwazi nan mitan tout frè l’ yo.
27 Benjamen, se yon bèt nan bwa devoran. Nan maten, li manje bèt li kenbe a. Nan aswè, l’ap separe toujou sa l’ te pran yo.
28  Men douz branch fanmi Izrayèl yo. Men sa papa yo te di yo. Li beni yo, li bay chak moun benediksyon pa yo.
29 Apre sa, Jakòb ba yo lòd sa a: -Mwen menm, mwen pral jwenn fanmi m’ yo ki mouri deja. Antere m’ menm kote ak zansèt mwen yo nan twou wòch ki nan jaden Efwon, moun Et la,
30 nan twou wòch ki nan jaden Makpela a, anfas Manmre, nan peyi Kanaran. Se Abraram ki te achte twou wòch sa a ak tout jaden an nan men Efwon, moun Et la, pou sèvi l’ simityè.
31 Se la yo te antere Abraram ak Sara, madanm li. Se la yo te antere Izarak ak Rebeka, madanm li. Se la tout mwen te antere Leya.
32 Se nan men mesye Et yo nou te achte jaden an ak tout twou wòch ki sou li a.
33 Lè Jakòb fin pale konsa ak pitit gason l’ yo, li lonje kò l’ sou kabann lan, li mouri, li al jwenn fanmi li yo ki te mouri deja. 

Genèse 49

1 Jacob appela ses fils, et dit: Assemblez-vous, et je vous annoncerai ce qui vous arrivera dans la suite des temps.
Rassemblez-vous, et écoutez, fils de Jacob! Écoutez Israël, votre père!
Ruben, toi, mon premier-né, Ma force et les prémices de ma vigueur, Supérieur en dignité et supérieur en puissance,
Impétueux comme les eaux, tu n’auras pas la prééminence! Car tu es monté sur la couche de ton père, Tu as souillé ma couche en y montant.
Siméon et Lévi sont frères; Leurs glaives sont des instruments de violence.
Que mon âme n’entre point dans leur conciliabule, Que mon esprit ne s’unisse point à leur assemblée! Car, dans leur colère, ils ont tué des hommes, Et, dans leur méchanceté, ils ont coupé les jarrets des taureaux.
Maudite soit leur colère, car elle est violente, Et leur fureur, car elle est cruelle! Je les séparerai dans Jacob, Et je les disperserai dans Israël.
Juda, tu recevras les hommages de tes frères; Ta main sera sur la nuque de tes ennemis. Les fils de ton père se prosterneront devant toi.
Juda est un jeune lion. Tu reviens du carnage, mon fils! Il ploie les genoux, il se couche comme un lion, Comme une lionne: qui le fera lever?
10 Le sceptre ne s’éloignera point de Juda, Ni le bâton souverain d’entre ses pieds, Jusqu’à ce que vienne le Schilo, Et que les peuples lui obéissent.
11 Il attache à la vigne son âne, Et au meilleur cep le petit de son ânesse; Il lave dans le vin son vêtement, Et dans le sang des raisins son manteau.
12 Il a les yeux rouges de vin, Et les dents blanches de lait.
13 Zabulon habitera sur la côte des mers, Il sera sur la côte des navires, Et sa limite s’étendra du côté de Sidon.
14 Issacar est un âne robuste, Qui se couche dans les étables.
15 Il voit que le lieu où il repose est agréable, Et que la contrée est magnifique; Et il courbe son épaule sous le fardeau, Il s’assujettit à un tribut.
16 Dan jugera son peuple, Comme l’une des tribus d’Israël.
17 Dan sera un serpent sur le chemin, Une vipère sur le sentier, Mordant les talons du cheval, Pour que le cavalier tombe à la renverse.
18 J’espère en ton secours, ô Éternel!
19 Gad sera assailli par des bandes armées, Mais il les assaillira et les poursuivra.
20 Aser produit une nourriture excellente; Il fournira les mets délicats des rois.
21 Nephthali est une biche en liberté; Il profère de belles paroles.
22 Joseph est le rejeton d’un arbre fertile, Le rejeton d’un arbre fertile près d’une source; Les branches s’élèvent au-dessus de la muraille.
23 Ils l’ont provoqué, ils ont lancé des traits; Les archers l’ont poursuivi de leur haine.
24 Mais son arc est demeuré ferme, Et ses mains ont été fortifiées Par les mains du Puissant de Jacob: Il est ainsi devenu le berger, le rocher d’Israël.
25 C’est l’oeuvre du Dieu de ton père, qui t’aidera; C’est l’oeuvre du Tout puissant, qui te bénira Des bénédictions des cieux en haut, Des bénédictions des eaux en bas, Des bénédictions des mamelles et du sein maternel.
26 Les bénédictions de ton père s’élèvent Au-dessus des bénédictions de mes pères Jusqu’à la cime des collines éternelles: Qu’elles soient sur la tête de Joseph, Sur le sommet de la tête du prince de ses frères!
27 Benjamin est un loup qui déchire; Le matin, il dévore la proie, Et le soir, il partage le butin.
28 Ce sont là tous ceux qui forment les douze tribus d’Israël. Et c’est là ce que leur dit leur père, en les bénissant. Il les bénit, chacun selon sa bénédiction.
29 Puis il leur donna cet ordre: Je vais être recueilli auprès de mon peuple; enterrez-moi avec mes pères, dans la caverne qui est au champ d’Éphron, le Héthien,
30 dans la caverne du champ de Macpéla, vis-à-vis de Mamré, dans le pays de Canaan. C’est le champ qu’Abraham a acheté d’Éphron, le Héthien, comme propriété sépulcrale.
31 Là on a enterré Abraham et Sara, sa femme; là on a enterré Isaac et Rebecca, sa femme; et là j’ai enterré Léa.
32 Le champ et la caverne qui s’y trouve ont été achetés des fils de Heth.
33 Lorsque Jacob eut achevé de donner ses ordres à ses fils, il retira ses pieds dans le lit, il expira, et fut recueilli auprès de son peuple.
 

Genesis 49

1 And Jacob called unto his sons, and said, Gather yourselves together, that I may tell you that which shall befall you in the last days.
Gather yourselves together, and hear, ye sons of Jacob; and hearken unto Israel your father.
Reuben, thou art my firstborn, my might, and the beginning of my strength, the excellency of dignity, and the excellency of power:
Unstable as water, thou shalt not excel; because thou wentest up to thy father’s bed; then defiledst thou it: he went up to my couch.
Simeon and Levi are brethren; instruments of cruelty are in their habitations.
O my soul, come not thou into their secret; unto their assembly, mine honour, be not thou united: for in their anger they slew a man, and in their selfwill they digged down a wall.
Cursed be their anger, for it was fierce; and their wrath, for it was cruel: I will divide them in Jacob, and scatter them in Israel.
Judah, thou art he whom thy brethren shall praise: thy hand shall be in the neck of thine enemies; thy father’s children shall bow down before thee.
Judah is a lion’s whelp: from the prey, my son, thou art gone up: he stooped down, he couched as a lion, and as an old lion; who shall rouse him up?
10 The sceptre shall not depart from Judah, nor a lawgiver from between his feet, until Shiloh come; and unto him shall the gathering of the people be.
11 Binding his foal unto the vine, and his ass’s colt unto the choice vine; he washed his garments in wine, and his clothes in the blood of grapes:
12 His eyes shall be red with wine, and his teeth white with milk.
13 Zebulun shall dwell at the haven of the sea; and he shall be for an haven of ships; and his border shall be unto Zidon.
14 Issachar is a strong ass couching down between two burdens:
15 And he saw that rest was good, and the land that it was pleasant; and bowed his shoulder to bear, and became a servant unto tribute.
16 Dan shall judge his people, as one of the tribes of Israel.
17 Dan shall be a serpent by the way, an adder in the path, that biteth the horse heels, so that his rider shall fall backward.
18 I have waited for thy salvation, O Lord.
19 Gad, a troop shall overcome him: but he shall overcome at the last.
20 Out of Asher his bread shall be fat, and he shall yield royal dainties.
21 Naphtali is a hind let loose: he giveth goodly words.
22 Joseph is a fruitful bough, even a fruitful bough by a well; whose branches run over the wall:
23 The archers have sorely grieved him, and shot at him, and hated him:
24 But his bow abode in strength, and the arms of his hands were made strong by the hands of the mighty God of Jacob; (from thence is the shepherd, the stone of Israel:)
25 Even by the God of thy father, who shall help thee; and by the Almighty, who shall bless thee with blessings of heaven above, blessings of the deep that lieth under, blessings of the breasts, and of the womb:
26 The blessings of thy father have prevailed above the blessings of my progenitors unto the utmost bound of the everlasting hills: they shall be on the head of Joseph, and on the crown of the head of him that was separate from his brethren.
27 Benjamin shall ravin as a wolf: in the morning he shall devour the prey, and at night he shall divide the spoil.
28 All these are the twelve tribes of Israel: and this is it that their father spake unto them, and blessed them; every one according to his blessing he blessed them.
29 And he charged them, and said unto them, I am to be gathered unto my people: bury me with my fathers in the cave that is in the field of Ephron the Hittite,
30 In the cave that is in the field of Machpelah, which is before Mamre, in the land of Canaan, which Abraham bought with the field of Ephron the Hittite for a possession of a buryingplace.
31 There they buried Abraham and Sarah his wife; there they buried Isaac and Rebekah his wife; and there I buried Leah.
32 The purchase of the field and of the cave that is therein was from the children of Heth.
33 And when Jacob had made an end of commanding his sons, he gathered up his feet into the bed, and yielded up the ghost, and was gathered unto his people.
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}