Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 79  

1 Se yon sòm Asaf. Bondye, moun lòt nasyon yo anvayi peyi pèp ou a! Yo antre nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte li. Yo fè lavil Jerizalèm tounen yon pil wòch.
Yo kite kadav moun k’ap sèvi ou yo pou zwezo nan syèl vin manje. Yo kite kadav moun k’ap viv pou ou yo pou bèt bwa vin manje.
Yo fè san pèp ou a koule tankou dlo larivyè. San an koule tankou dlo nan tout lavil Jerizalèm. pa t’ gen pesonn pou antere kadav yo!
Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz. Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y’ap pase nou nan rizib.
Seyè! jouk kilè w’ap rete fache ak nou? Gen lè se pou tout tan? Eske w’ap kite kòlè ou boule nou tankou dife?
 Mete ou ankòlè sou nasyon ki pa konnen ou yo, sou pèp ki p’ap sèvi ou yo.
Paske, se yo menm ki fin touye pitit Jakòb yo, yo fin ravaje peyi kote yo rete a.
Tanpri, pa pini nou pou peche zansèt nou yo te fè. Gen pitye pou nou! Prese vin ede nou, paske nou fin dekouraje nèt.
O Bondye, ou menm ki delivrans nou, fè konnen se ou ki gen pouvwa! vin pote nou sekou. Delivre nou, padonnen peche nou yo pou moun ka fè lwanj ou.
10 Poukisa moun lòt nasyon yo ap mande nou: -Kote Bondye nou an! Fè yo wè, devan je nou, jan w’ap pini moun ki te fè san sèvitè ou yo koule!
11 Koute jan prizonye yo ap plenn non! Avèk fòs ponyèt ou, delivre moun yo kondannen amò yo non.
12 Seyè, rann moun lòt nasyon yo sèt fwa laparèy pou tout joure yo joure ou yo.
13 Lè sa a nou menm, pèp ou a, mouton ki nan savann ou yo, nou p’ap janm sispann di ou mèsi. Pitit an pitit, n’a fè lwanj ou.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 79

1 Psaume d’Asaph. O Dieu! les nations ont envahi ton héritage, Elles ont profané ton saint temple, Elles ont fait de Jérusalem un monceau de pierres.
Elles ont livré les cadavres de tes serviteurs En pâture aux oiseaux du ciel, La chair de tes fidèles aux bêtes de la terre;
Elles ont versé leur sang comme de l’eau Tout autour de Jérusalem, Et il n’y a eu personne pour les enterrer.
Nous sommes devenus un objet d’opprobre pour nos voisins, De moquerie et de risée pour ceux qui nous entourent.
Jusques à quand, Éternel! t’irriteras-tu sans cesse, Et ta colère s’embrasera-t-elle comme le feu?
Répands ta fureur sur les nations qui ne te connaissent pas, Et sur les royaumes qui n’invoquent pas ton nom!
Car on a dévoré Jacob, Et ravagé sa demeure.
Ne te souviens plus de nos iniquités passées! Que tes compassions viennent en hâte au-devant de nous! Car nous sommes bien malheureux.
Secours-nous, Dieu de notre salut, pour la gloire de ton nom! Délivre-nous, et pardonne nos péchés, à cause de ton nom!
10 Pourquoi les nations diraient-elles: Où est leur Dieu? Qu’on sache, en notre présence, parmi les nations, Que tu venges le sang de tes serviteurs, le sang répandu!
11 Que les gémissements des captifs parviennent jusqu’à toi! Par ton bras puissant sauve ceux qui vont périr!
12 Rends à nos voisins sept fois dans leur sein Les outrages qu’ils t’ont faits, Seigneur!
13 Et nous, ton peuple, le troupeau de ton pâturage, Nous te célébrerons éternellement; De génération en génération nous publierons tes louanges.
Louis Segond {LSG}

Psalm 79 

1 O god, the heathen are come into thine inheritance; thy holy temple have they defiled; they have laid Jerusalem on heaps.
The dead bodies of thy servants have they given to be meat unto the fowls of the heaven, the flesh of thy saints unto the beasts of the earth.
Their blood have they shed like water round about Jerusalem; and there was none to bury them.
We are become a reproach to our neighbours, a scorn and derision to them that are round about us.
How long, Lord? wilt thou be angry for ever? shall thy jealousy burn like fire?
Pour out thy wrath upon the heathen that have not known thee, and upon the kingdoms that have not called upon thy name.
For they have devoured Jacob, and laid waste his dwelling place.
O remember not against us former iniquities: let thy tender mercies speedily prevent us: for we are brought very low.
Help us, O God of our salvation, for the glory of thy name: and deliver us, and purge away our sins, for thy name’s sake.
10 Wherefore should the heathen say, Where is their God? let him be known among the heathen in our sight by the revenging of the blood of thy servants which is shed.
11 Let the sighing of the prisoner come before thee; according to the greatness of thy power preserve thou those that are appointed to die;
12 And render unto our neighbours sevenfold into their bosom their reproach, wherewith they have reproached thee, O Lord.
13 So we thy people and sheep of thy pasture will give thee thanks for ever: we will shew forth thy praise to all generations.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}