Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l’ sou menm lè ak chante ki di: Pa detwi. Sòm Asaf sa a se yon chante li ye.
1 N’ap fè lwanj ou, Bondye! N’ap fè lwanj ou! Se tout tan n’ap nonmen non ou! N’ap fè konnen bèl mèvèy ou fè yo!
2 Bondye di: -Mwen fikse yon dat pou jijman an. Lè sa a, m’a jije jan sa dwe fèt.
3 Nou te mèt wè latè a ansanm ak tout sa k’ap viv sou li yo pran tranble, m’ap kenbe fondasyon li yo byen fèm.
4 M’ap di moun k’ap fè grandizè yo: Sispann gonfle lestonmak nou! M’ap di mechan yo: Sispann fè awogans!
5 Pa gonfle lestonmak nou konsa! Pa fè awogans konsa sou Bondye ki anwo nan syèl la!
6 Jijman an pa soti bò kote solèy leve a, ni bò kote solèy kouche a. Li pa soti nan nò ni nan sid.
7 Non. Se Bondye k’ap jije: L’ap bese yonn, l’ap leve yon lòt.
8 Seyè a kenbe yon gode nan men l’. Gode a plen divès kalite tranpe ki fèt ak diven. L’ap vide diven bay tout mechan ki sou latè, y’ap bwè, y’ap bwè san yo pa kite yon ti tak.