Liv Jeremi / Jérémie / Jeremiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jeremi 32   

1 Seyè a pale ak Jeremi yon lòt fwa ankò. Lè sa a Sedesyas te gen dizan depi li te wa peyi Jida, Nèbikadneza te gen dizwitan depi li te wa lavil Babilòn.
Lame wa Babilòn lan te sènen lavil Jerizalèm. Yo te arete pwofèt Jeremi, yo te fèmen l’ nan lakou palè wa Jida a kote gad yo ye a.
Se Sedesyas, wa peyi Jida a, ki te fè fèmen pwofèt la la, paske li t’ap fè l’ repwòch dèske li te bay mesaj sa a nan non Bondye Seyè a: M’ap lage lavil Jerizalèm nan men wa Babilòn lan. L’ap pran l’.
Wa Sedesyas p’ap chape anba men moun Kalde yo. M’ap lage l’ nan men wa Babilòn lan. L’a konparèt devan wa a, y’a pale yonn ak lòt, je nan je.
Apre sa, y’a mennen Sedesyas lavil Babilòn, li va rete la jouk m’a regle avè l’. Menm si nou goumen ak moun Babilòn yo, nou p’ap janm genyen lagè a. Se Seyè a menm ki di sa.
Lè sa a, Jeremi rakonte ki jan Seyè a te pale avè l’. Seyè a te di l’ konsa:
-Anamèl, kouzen ou lan, pitit Chaloum, tonton ou bò papa, pral vin wè ou. Li pral mande ou pou achte yon jaden li genyen lavil Anatòt, paske se ou menm ki fanmi pi pre ak li, se ou menm an premye ki gen dwa achte l’.
Se konsa, jan Seyè a te fè m’ konnen an, kouzen m’ Anamèl vin jwenn mwen nan lakou palè kote gad yo ye a. Li mande m’ pou m’ achte yon jaden li te genyen lavil Anatòt, nan peyi moun Benjamen yo. Li di se mwen an premye ki gen dwa achte l’ paske se mwen ki fanmi pi pre ak li. Konsa, se mwen ki pou achte l’ nan men l’. Lè sa a, mwen vin sèten se Seyè a menm ki te pale avè m’.
M’ achte jaden an nan men Anamèl, pitit tonton m’ lan, mwen peze lajan pou m’ ba li a. Lajan an te rive disèt pyès an ajan.
10 Apre sa, mwen siyen de papye tè yo, mwen mete so m’ sou yonn. Mwen fè temwen yo siyen tou, mwen fè kontwole pèz lajan an nan balans.
11 Apre sa, mwen pran de papye tè yo. Sa ki te sele a te gen kontra lavant lan jan lalwa mande l’ la. Lòt papye a te rete tou louvri.
12 Mwen renmèt papye tè yo bay Bawouk, pitit gason Nerija, pitit pitit Makseja, devan Anamèl, kouzen m’ lan, devan lòt temwen ki te siyen papye tè yo, devan tout moun peyi Jida ki te la nan lakou gad palè a.
13 Devan yo tout, mwen di Bawouk konsa:
14 -Men lòd Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay. Pran de papye tè sa yo, sa ki sele a ak sa ki tou louvri a, mete yo nan yon ti kannari pou yo ka konsève pandan lontan.
15 Paske yon lè yo va achte kay, jaden ak pye rezen nan peyi a ankò. Se Seyè a menm ki di sa.
16  Apre mwen te fin bay Bawouk, pitit gason Nerija a, papye tè yo, mwen lapriyè Seyè a, mwen di l’:
17 -Aa, Seyè, Bondye! Se avèk fòs kouraj ou, se avèk gwo pouvwa ou ou te fè syèl la ak latè a. Anyen pa twò difisil pou ou.
18 Ou fè mil jenerasyon nan yon fanmi wè jan ou gen bon kè. Men tou, ou fè pitit peye pou peche papa ak manman yo te fè. Ou se yon Bondye ki gen pouvwa, ki gen fòs. Yo rele ou: Seyè ki gen tout pouvwa a.
19 Plan travay ou, se gwo zafè. Yo pa ka konte bèl bagay ou fè yo. Je ou louvri sou tou sa moun ap fè, pou bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè, dapre jan yo mennen bak yo.
20 Depi nan tan lontan rive jouk jounen jòdi a, ou te fè mirak ak mèvèy nan peyi Lejip, nan peyi Izrayèl ak nan tout lòt nasyon yo. Konsa, koulye a yo konnen ou toupatou.
21 Ou fè nou soti kite peyi Lejip ak fòs ponyèt ou ak gwo kouraj ou. Ou te fè anpil mirak ak anpil mèvèy, anpil bagay ki te fè moun pè.
22 Ou te ba yo peyi ou te pwomèt ou t’ap bay zansèt yo a, peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo.
23 Yo rive nan peyi a, yo pran l’ pou yo, men yo derefize koute ou. Yo pa viv jan ou te mande yo viv la. Yo pa fè tou sa ou te ba yo lòd fè a. Se konsa, ou voye tout gwo malè sa a sou yo jòdi a.
24 Moun Babilòn yo sènen lavil la, y’ap anpile tè nan pye miray yo, y’ap pwoche pou yo pran lavil la. Nou ta mèt di lavil la nan men yo deja. Lagè, grangou ak move maladi fin kraze kouraj moun yo. Ou wè sa ou te di a rive vre.
25 Wi, sa ki rete pou lavil la tonbe nan men moun Babilòn yo pa anyen. Poukisa atò, Seyè Bondye, ou ban m’ lòd achte jaden sa a pou lajan kach devan temwen?
26  Seyè a pale ak Jeremi ankò, li di l’ konsa:
27 -Mwen menm Seyè a, mwen se Bondye tout moun sou latè. Pa gen anyen ki twò difisil pou m’ fè.
28 Se poutèt sa, mwen menm mwen di ou: m’ap lage lavil sa a nan men moun Babilòn yo, nan men Nèbikadneza, wa yo a! Y’ap pran lavil la.
29 Moun Babilòn k’ap atake lavil la pral antre ladan l’. Y’ap mete dife, y’ap boule l’. Y’ap mete dife nan kay kote moun yo te fè m’ fache anpil la, lè yo te moute anwo twati a pou boule lansan pou Baal, pou fè ofrann diven pou lòt bondye.
30 Paske, moun Izrayèl yo ak moun Jida yo, se sa ki mal ase y’ap fè depi nan konmansman. Wi, moun Izrayèl yo, se fache y’ap fè m’ fache ase ak tou sa y’ap fè a. Se Seyè a menm ki di sa.
31 Lavil Jerizalèm sa a, depi jou yo te bati l’ la rive jouk jòdi a, se kòlè l’ap fè m’ fè, se move san l’ap fè m’ fè. Kifè koulye a, mwen pa ka wè l’ devan je m’ ankò.
32 Akòz tou sa moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo te fè ki mal, m’ about ak yo tout, ni wa yo, ni chèf yo, ni prèt yo, ni pwofèt yo, ni moun peyi Jida yo, ni moun lavil Jerizalèm yo.
33 Yo vire do ban mwen. Malgre mwen pa t’ janm sispann montre yo sa pou yo fè, yo pa t’ vle koute m’, yo pa vle aprann.
34 Yo mete vye zidòl yo nan tanp yo te mete apa pou mwen an, yo fè tanp lan pa nan kondisyon pou sèvi m’ ankò.
35 Yo bati lotèl pou Baal nan Fon Benninon an, yo ofri pitit gason yo ak pitit fi yo pou yo touye pou Molòk, bagay mwen pa t’ janm ba yo lòd fè, bagay ki pa t’ janm vin nan lide m’. Lè yo fè bagay degoutan sa a, yo fè pèp Jida a tonbe nan peche.
36 Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pale ak Jeremi, li di l’ konsa: -Koulye a mwen ta renmen di yon lòt bagay sou lavil Jerizalèm. Ou te di ansanm ak lòt yo: Lagè, grangou ak move maladi ap fini ak lavil la, l’ap tonbe nan men wa Babilòn lan.
37 Enben, wi! Mwen te fache sou yo, mwen te move anpil, mwen te fè gwo kòlè. Lè sa a, mwen gaye yo nan yon bann peyi. Men, mwen pral sanble yo, m’ap mennen yo tounen isit la ankò pou yo ka viv san kè sote.
38 Lè sa a, yo menm y’a tounen pèp ki apa pou mwen an ankò, mwen menm m’a tounen Bondye yo ankò.
39 Sèl lide m’ap mete nan tèt yo tout, sèl anvi m’a ba yo tout, se pou yo gen krentif pou mwen tout tan. Se va pou byen yo ak pou byen pitit pitit yo.
40 M’ap pase yon kontra ak yo ki p’ap janm kase. M’ap pran angajman mwen p’ap janm lage yo. Mwen p’ap janm sispann fè yo byen. Wi, m’a fè yo gen krentif pou mwen ak tout kè yo. Konsa, yo p’ap janm vire do ban mwen ankò.
41 M’a pran plezi pou m’ fè yo byen. M’a travay ak tout kè m’ ak tout nanm mwen pou yo pran rasin nèt nan peyi a.
42 Seyè a di ankò: Menm jan se mwen menm ki te fè gwo malè sa a rive pèp la, konsa tou, se mwen menm ki pral ba yo tout bon bagay mwen te pwomèt m’ap ba yo.
43 W’ap di ansanm ak lòt moun yo: Peyi a fini. Pa gen yon moun, pa gen yon bèt ladan l’. Yo lage peyi a nan men moun Babilòn yo. Men yon lè, moun va achte tè nan peyi a ankò.
44 Wi, nan tout peyi Benjamen an, nan tout ti bouk ki nan vwazinaj lavil Jerizalèm yo, nan tout lavil Jida yo, nan lavil ki nan mòn yo, nan tout lavil ki nan plenn yo, bò lanmè, ak nan sid peyi a, moun va achte jaden, y’a pase papye tè, y’a sele yo, y’a fè temwen siyen yo. Paske m’ap fè pèp la tounen nan peyi a ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Jerizalèm.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Jérémie 32

1 La parole qui fut adressée à Jérémie de la part de l’Éternel, la dixième année de Sédécias, roi de Juda. -C’était la dix-huitième année de Nebucadnetsar.
L’armée du roi de Babylone assiégeait alors Jérusalem; et Jérémie, le prophète, était enfermé dans la cour de la prison qui était dans la maison du roi de Juda.
Sédécias, roi de Juda, l’avait fait enfermer, et lui avait dit: Pourquoi prophétises-tu, en disant: Ainsi parle l’Éternel: Voici, je livre cette ville entre les mains du roi de Babylone, et il la prendra;
Sédécias, roi de Juda, n’échappera pas aux Chaldéens, mais il sera livré entre les mains du roi de Babylone, il lui parlera bouche à bouche, et ses yeux verront ses yeux;
le roi de Babylone emmènera Sédécias à Babylone, où il restera jusqu’à ce que je me souvienne de lui, dit l’Éternel; si vous vous battez contre les Chaldéens, vous n’aurez point de succès.
Jérémie dit: La parole de l’Éternel m’a été adressée, en ces mots:
Voici, Hanameel, fils de ton oncle Schallum, va venir auprès de toi pour te dire: Achète mon champ qui est à Anathoth, car tu as le droit de rachat pour l’acquérir.
Et Hanameel, fils de mon oncle, vint auprès de moi, selon la parole de l’Éternel, dans la cour de la prison, et il me dit: Achète mon champ, qui est à Anathoth, dans le pays de Benjamin, car tu as le droit d’héritage et de rachat, achète-le! Je reconnus que c’était la parole de l’Éternel.
J’achetai de Hanameel, fils de mon oncle, le champ qui est à Anathoth, et je lui pesai l’argent, dix-sept sicles d’argent.
10 J’écrivis un contrat, que je cachetai, je pris des témoins, et je pesai l’argent dans une balance.
11 Je pris ensuite le contrat d’acquisition, celui qui était cacheté, conformément à la loi et aux usages, et celui qui était ouvert;
12 et je remis le contrat d’acquisition à Baruc, fils de Nérija, fils de Machséja, en présence de Hanameel, fils de mon oncle, en présence des témoins qui avaient signé le contrat d’acquisition, et en présence de tous les juifs qui se trouvaient dans la cour de la prison.
13 Et je donnai devant eux cet ordre à Baruc:
14 Ainsi parle l’Éternel des armées, le Dieu d’Israël: Prends ces écrits, ce contrat d’acquisition, celui qui est cacheté et celui qui est ouvert, et mets-les dans un vase de terre, afin qu’ils se conservent longtemps.
15 Car ainsi parle l’Éternel des armées, le Dieu d’Israël: On achètera encore des maisons, des champs et des vignes, dans ce pays.
16 Après que j’eus remis le contrat d’acquisition à Baruc, fils de Nérija, j’adressai cette prière à l’Éternel:
17 Ah! Seigneur Éternel, Voici, tu as fait les cieux et la terre Par ta grande puissance et par ton bras étendu: Rien n’est étonnant de ta part.
18 Tu fais miséricorde jusqu’à la millième génération, Et tu punis l’iniquité des pères dans le sein de leurs enfants après eux. Tu es le Dieu grand, le puissant, Dont le nom est l’Éternel des armées.
19 Tu es grand en conseil et puissant en action; Tu as les yeux ouverts sur toutes les voies des enfants des hommes, Pour rendre à chacun selon ses voies, Selon le fruit de ses oeuvres.
20 Tu as fait des miracles et des prodiges dans le pays d’Égypte jusqu’à ce jour, Et en Israël et parmi les hommes, Et tu t’es fait un nom comme il l’est aujourd’hui.
21 Tu as fait sortir du pays d’Égypte ton peuple d’Israël, Avec des miracles et des prodiges, à main forte et à bras étendu, Et avec une grande terreur.
22 Tu leur as donné ce pays, Que tu avais juré à leurs pères de leur donner, Pays où coulent le lait et le miel.
23 Ils sont venus, et ils en ont pris possession. Mais ils n’ont point obéi à ta voix, Ils n’ont point observé ta loi, Ils n’ont pas fait tout ce que tu leur avais ordonné de faire. Et c’est alors que tu as fait fondre sur eux tous ces malheurs!
24 Voici, les terrasses s’élèvent contre la ville et la menacent; La ville sera livrée entre les mains des Chaldéens qui l’attaquent, Vaincue par l’épée, par la famine et par la peste. Ce que tu as dit est arrivé, et tu le vois.
25 Néanmoins, Seigneur Éternel, tu m’as dit: Achète un champ pour de l’argent, prends des témoins… Et la ville est livrée entre les mains des Chaldéens!
26 La parole de l’Éternel fut adressée à Jérémie, en ces mots:
27 Voici, je suis l’Éternel, le Dieu de toute chair. Y a-t-il rien qui soit étonnant de ma part?
28 C’est pourquoi ainsi parle l’Éternel: Voici, je livre cette ville entre les mains des Chaldéens, Et entre les mains de Nebucadnetsar, roi de Babylone, Et il la prendra.
29 Les Chaldéens qui attaquent cette ville vont entrer, Ils y mettront le feu, et ils la brûleront, Avec les maisons sur les toits desquelles on a offert de l’encens à Baal Et fait des libations à d’autres dieux, Afin de m’irriter.
30 Car les enfants d’Israël et les enfants de Juda N’ont fait, dès leur jeunesse, que ce qui est mal à mes yeux; Les enfants d’Israël n’ont fait que m’irriter Par l’oeuvre de leurs mains, dit l’Éternel.
31 Car cette ville excite ma colère et ma fureur, Depuis le jour où l’a bâtie jusqu’à ce jour; Aussi je veux l’ôter de devant ma face,
32 A cause de tout le mal que les enfants d’Israël et les enfants de Juda Ont fait pour m’irriter, Eux, leurs rois, leurs chefs, leurs sacrificateurs et leurs prophètes, Les hommes de Juda et les habitants de Jérusalem.
33 Ils m’ont tourné le dos, ils ne m’ont pas regardé; On les a enseignés, on les a enseignés dès le matin; Mais ils n’ont pas écouté pour recevoir instruction.
34 Ils ont placé leurs abominations Dans la maison sur laquelle mon nom est invoqué, Afin de la souiller.
35 Ils ont bâti des hauts lieux à Baal dans la vallée de Ben Hinnom, Pour faire passer à Moloc leurs fils et leurs filles: Ce que je ne leur avais point ordonné; Et il me n’était point venu à la pensée Qu’ils commettraient de telles horreurs Pour faire pécher Juda.
36 Et maintenant, ainsi parle l’Éternel, le Dieu d’Israël, Sur cette ville dont vous dites: Elle sera livrée entre les mains du roi de Babylone, Vaincue par l’épée, par la famine et par la peste:
37 Voici, je les rassemblerai de tous les pays où je les ai chassés, Dans ma colère, dans ma fureur, et dans ma grande irritation; Je les ramènerai dans ce lieu, Et je les y ferai habiter en sûreté.
38 Ils seront mon peuple, Et je serai leur Dieu.
39 Je leur donnerai un même coeur et une même voie, Afin qu’ils me craignent toujours, Pour leur bonheur et celui de leurs enfants après eux.
40 Je traiterai avec eux une alliance éternelle, Je ne me détournerai plus d’eux, Je leur ferai du bien, Et je mettrai ma crainte dans leur coeur, Afin qu’ils ne s’éloignent pas de moi.
41 Je prendrai plaisir à leur faire du bien, Et je les planterai véritablement dans ce pays, De tout mon coeur et de toute mon âme.
42 Car ainsi parle l’Éternel: De même que j’ai fait venir sur ce peuple tous ces grands malheurs, De même je ferai venir sur eux tout le bien que je leur promets.
43 On achètera des champs dans ce pays Dont vous dites: C’est un désert, sans hommes ni bêtes, Il est livré entre les mains des Chaldéens.
44 On achètera des champs pour de l’argent, On écrira des contrats, on les cachètera, on prendra des témoins, Dans le pays de Benjamin et aux environs de Jérusalem, Dans les villes de Juda, dans les villes de la montagne, Dans les villes de la plaine et dans les villes du midi; Car je ramènerai leurs captifs, dit l’Éternel.

Louis Segond {LSG}

Jeremiah 32 

1 The word that came to Jeremiah from the Lord in the tenth year of Zedekiah king of Judah, which was the eighteenth year of Nebuchadrezzar.
For then the king of Babylon’s army besieged Jerusalem: and Jeremiah the prophet was shut up in the court of the prison, which was in the king of Judah’s house.
For Zedekiah king of Judah had shut him up, saying, Wherefore dost thou prophesy, and say, Thus saith the Lord, Behold, I will give this city into the hand of the king of Babylon, and he shall take it;
And Zedekiah king of Judah shall not escape out of the hand of the Chaldeans, but shall surely be delivered into the hand of the king of Babylon, and shall speak with him mouth to mouth, and his eyes shall behold his eyes;
And he shall lead Zedekiah to Babylon, and there shall he be until I visit him, saith the Lord: though ye fight with the Chaldeans, ye shall not prosper.
And Jeremiah said, The word of the Lord came unto me, saying,
Behold, Hanameel the son of Shallum thine uncle shall come unto thee saying, Buy thee my field that is in Anathoth: for the right of redemption is thine to buy it.
So Hanameel mine uncle’s son came to me in the court of the prison according to the word of the Lord, and said unto me, Buy my field, I pray thee, that is in Anathoth, which is in the country of Benjamin: for the right of inheritance is thine, and the redemption is thine; buy it for thyself. Then I knew that this was the word of the Lord.
And I bought the field of Hanameel my uncle’s son, that was in Anathoth, and weighed him the money, even seventeen shekels of silver.
10 And I subscribed the evidence, and sealed it, and took witnesses, and weighed him the money in the balances.
11 So I took the evidence of the purchase, both that which was sealed according to the law and custom, and that which was open:
12 And I gave the evidence of the purchase unto Baruch the son of Neriah, the son of Maaseiah, in the sight of Hanameel mine uncle’s son, and in the presence of the witnesses that subscribed the book of the purchase, before all the Jews that sat in the court of the prison.
13 And I charged Baruch before them, saying,
14 Thus saith the Lord of hosts, the God of Israel; Take these evidences, this evidence of the purchase, both which is sealed, and this evidence which is open; and put them in an earthen vessel, that they may continue many days.
15 For thus saith the Lord of hosts, the God of Israel; Houses and fields and vineyards shall be possessed again in this land.
16 Now when I had delivered the evidence of the purchase unto Baruch the son of Neriah, I prayed unto the Lord, saying,
17 Ah Lord God! behold, thou hast made the heaven and the earth by thy great power and stretched out arm, and there is nothing too hard for thee:
18 Thou shewest lovingkindness unto thousands, and recompensest the iniquity of the fathers into the bosom of their children after them: the Great, the Mighty God, the Lord of hosts, is his name,
19 Great in counsel, and mighty in work: for thine eyes are open upon all the ways of the sons of men: to give every one according to his ways, and according to the fruit of his doings:
20 Which hast set signs and wonders in the land of Egypt, even unto this day, and in Israel, and among other men; and hast made thee a name, as at this day;
21 And hast brought forth thy people Israel out of the land of Egypt with signs, and with wonders, and with a strong hand, and with a stretched out arm, and with great terror;
22 And hast given them this land, which thou didst swear to their fathers to give them, a land flowing with milk and honey;
23 And they came in, and possessed it; but they obeyed not thy voice, neither walked in thy law; they have done nothing of all that thou commandedst them to do: therefore thou hast caused all this evil to come upon them:
24 Behold the mounts, they are come unto the city to take it; and the city is given into the hand of the Chaldeans, that fight against it, because of the sword, and of the famine, and of the pestilence: and what thou hast spoken is come to pass; and, behold, thou seest it.
25 And thou hast said unto me, O Lord God, Buy thee the field for money, and take witnesses; for the city is given into the hand of the Chaldeans.
26 Then came the word of the Lord unto Jeremiah, saying,
27 Behold, I am the Lord, the God of all flesh: is there any thing too hard for me?
28 Therefore thus saith the Lord; Behold, I will give this city into the hand of the Chaldeans, and into the hand of Nebuchadrezzar king of Babylon, and he shall take it:
29 And the Chaldeans, that fight against this city, shall come and set fire on this city, and burn it with the houses, upon whose roofs they have offered incense unto Baal, and poured out drink offerings unto other gods, to provoke me to anger.
30 For the children of Israel and the children of Judah have only done evil before me from their youth: for the children of Israel have only provoked me to anger with the work of their hands, saith the Lord.
31 For this city hath been to me as a provocation of mine anger and of my fury from the day that they built it even unto this day; that I should remove it from before my face,
32 Because of all the evil of the children of Israel and of the children of Judah, which they have done to provoke me to anger, they, their kings, their princes, their priests, and their prophets, and the men of Judah, and the inhabitants of Jerusalem.
33 And they have turned unto me the back, and not the face: though I taught them, rising up early and teaching them, yet they have not hearkened to receive instruction.
34 But they set their abominations in the house, which is called by my name, to defile it.
35 And they built the high places of Baal, which are in the valley of the son of Hinnom, to cause their sons and their daughters to pass through the fire unto Molech; which I commanded them not, neither came it into my mind, that they should do this abomination, to cause Judah to sin.
36 And now therefore thus saith the Lord, the God of Israel, concerning this city, whereof ye say, It shall be delivered into the hand of the king of Babylon by the sword, and by the famine, and by the pestilence;
37 Behold, I will gather them out of all countries, whither I have driven them in mine anger, and in my fury, and in great wrath; and I will bring them again unto this place, and I will cause them to dwell safely:
38 And they shall be my people, and I will be their God:
39 And I will give them one heart, and one way, that they may fear me for ever, for the good of them, and of their children after them:
40 And I will make an everlasting covenant with them, that I will not turn away from them, to do them good; but I will put my fear in their hearts, that they shall not depart from me.
41 Yea, I will rejoice over them to do them good, and I will plant them in this land assuredly with my whole heart and with my whole soul.
42 For thus saith the Lord; Like as I have brought all this great evil upon this people, so will I bring upon them all the good that I have promised them.
43 And fields shall be bought in this land, whereof ye say, It is desolate without man or beast; it is given into the hand of the Chaldeans.
44 Men shall buy fields for money, and subscribe evidences, and seal them, and take witnesses in the land of Benjamin, and in the places about Jerusalem, and in the cities of Judah, and in the cities of the mountains, and in the cities of the valley, and in the cities of the south: for I will cause their captivity to return, saith the Lord.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}