Liv 1 Korent / 1 Corinthiens / 1 Corinthians

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Korent 5                 

Toupatou y’ap fè kouri bri jan gen dezòd lachè k’ap fèt nan mitan nou. Dezòd la sitèlman wòd, ata moun lòt nasyon yo pa ta fè bagay konsa. Y’ap mache di gen yonn nan nou k’ap viv ak madanm papa li.
Apre sa, ki jan nou ka fè gen lògèy ankò? Okontrè, se bagay ki pou ta fè nou kriye anpil. Epi, nonm ki fè bagay sa a, se pou n’ te wete l’ nan mitan nou.
Mwen menm, mwen pa la avèk nou nan kò m’, men mwen la nan lespri m’. Pou tèt pa m’, nan non Jezikri, Seyè a, mwen deja jije nonm ki fè kalite vye bagay lèd sa a, tankou si m’ te la avèk nou.
Lè n’a reyini ansanm, m’a la tou avèk nou nan lespri, pa pouvwa Jezikri, Seyè nou an.
Se pou n’ lage nonm sa a nan men Satan pou kò l’ ka peri. Se konsa lespri l’ ka jwenn delivrans lè jou Seyè a va rive.
Nanpwen anyen la a pou n’ap fè grandizè! Nou konn pawòl la ki di: Se yon ti kras ledven ki fè tout pa t’ la leve.
 Wete vye ledven peche sa a pou nou ka tounen yon lòt kalite moun. Lè sa a, n’a tankou yon pa t’ ki fèk bat, san ledven ladan li. Pou di vre, se sa menm nou ye deja. Paske Delivrans nou, se Kris la menm. Yo ofri l’ bay Bondye pou nou deja tankou ti mouton yo konn touye lè fèt la.
Se pa pou n’ fete fèt la avèk pen ki gen vye ledven an, ledven vis ak mechanste. Men, ann fete l’ avèk pen san ledven an, pen ki bon pou moun k’ap sèvi Bondye ak tout kè yo.
 Nan lèt mwen te ekri nou an, mwen te mande pou n’ pa mele ak moun k’ap viv nan imoralite.
10 Lè sa a, mwen pa t’ gen nan lide mande nou pou n’ separe ak tout moun sou latè k’ap viv nan dezòd lachè, ki gen lanvi plen kè yo, k’ap vòlò osinon k’ap sèvi zidòl. Pou n’ ta egzante tout moun sa yo, se kite pou n’ ta kite tè a nèt.
11 Mwen te vle di pou n’ pa mele ak yon nonm ki swadizan frè nou nan Kris la, men k’ap viv nan dezòd, ki gen lanvi plen kè l’, k’ap sèvi zidòl, k’ap pale moun mal, ki tafyatè, osinon ki vòlò. Nou pa dwe menm chita sou menm tab pou n’ manje ak yon nonm konsa.
12 Zafè moun deyò pa gade m’, mwen pa gen dwa jije yo. Se Bondye ki va jije yo.
13 Men, èske se pa devwa nou pou n’ jije moun ki anndan yo, moun ki ansanm avè n’ yo? Tankou yo di l’ nan Liv la: Wete mechan an nan mitan nou.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

1 Corinthiens 5             

1 On entend dire généralement qu’il y a parmi vous de l’impudicité, et une impudicité telle qu’elle ne se rencontre pas même chez les païens; c’est au point que l’un de vous a la femme de son père.
Et vous êtes enflés d’orgueil! Et vous n’avez pas été plutôt dans l’affliction, afin que celui qui a commis cet acte fût ôté du milieu de vous!
Pour moi, absent de corps, mais présent d’esprit, j’ai déjà jugé, comme si j’étais présent, celui qui a commis un tel acte.
Au nom du Seigneur Jésus, vous et mon esprit étant assemblés avec la puissance de notre Seigneur Jésus,
qu’un tel homme soit livré à Satan pour la destruction de la chair, afin que l’esprit soit sauvé au jour du Seigneur Jésus.
C’est bien à tort que vous vous glorifiez. Ne savez-vous pas qu’un peu de levain fait lever toute la pâte?
Faites disparaître le vieux levain, afin que vous soyez une pâte nouvelle, puisque vous êtes sans levain, car Christ, notre Pâque, a été immolé.
Célébrons donc la fête, non avec du vieux levain, non avec un levain de malice et de méchanceté, mais avec les pains sans levain de la pureté et de la vérité.
Je vous ai écrit dans ma lettre de ne pas avoir des relations avec les impudiques, –
10 non pas d’une manière absolue avec les impudiques de ce monde, ou avec les cupides et les ravisseurs, ou avec les idolâtres; autrement, il vous faudrait sortir du monde.
11 Maintenant, ce que je vous ai écrit, c’est de ne pas avoir des relations avec quelqu’un qui, se nommant frère, est impudique, ou cupide, ou idolâtre, ou outrageux, ou ivrogne, ou ravisseur, de ne pas même manger avec un tel homme.
12 Qu’ai-je, en effet, à juger ceux du dehors? N’est-ce pas ceux du dedans que vous avez à juger?
13 Pour ceux du dehors, Dieu les juge. Otez le méchant du milieu de vous.

Louis Segond {LSG}

1 Corinthians 5        

1 It is reported commonly that there is fornication among you, and such fornication as is not so much as named among the Gentiles, that one should have his father’s wife.
And ye are puffed up, and have not rather mourned, that he that hath done this deed might be taken away from among you.
For I verily, as absent in body, but present in spirit, have judged already, as though I were present, concerning him that hath so done this deed,
In the name of our Lord Jesus Christ, when ye are gathered together, and my spirit, with the power of our Lord Jesus Christ,
To deliver such an one unto Satan for the destruction of the flesh, that the spirit may be saved in the day of the Lord Jesus.
Your glorying is not good. Know ye not that a little leaven leaveneth the whole lump?
Purge out therefore the old leaven, that ye may be a new lump, as ye are unleavened. For even Christ our passover is sacrificed for us:
Therefore let us keep the feast, not with old leaven, neither with the leaven of malice and wickedness; but with the unleavened bread of sincerity and truth.
I wrote unto you in an epistle not to company with fornicators:
10 Yet not altogether with the fornicators of this world, or with the covetous, or extortioners, or with idolaters; for then must ye needs go out of the world.
11 But now I have written unto you not to keep company, if any man that is called a brother be a fornicator, or covetous, or an idolator, or a railer, or a drunkard, or an extortioner; with such an one no not to eat.
12 For what have I to do to judge them also that are without? do not ye judge them that are within?
13 But them that are without God judgeth. Therefore put away from among yourselves that wicked person.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}