Liv Plenn / Lamentations / Lamentations

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Plenn 4   

1 Gade jan bon lò pa klere ankò! Li chanje, li pèdi kalite li! Gade jan wòch Tanp yo gaye nan tout lari!
Nan tan lontan nou pa ta bay moun peyi Siyon yo pou pi bon lò ki genyen. Gade! Koulye a, yo pa vo pase krich tè moun fè ak men.
Ata manman chat mawon bay pitit yo tete. Men, pèp mwen an mechan tankou otrich k’ap viv nan dezè. Yo pa pran swen pitit yo.
Lang ti bebe yo kole nan fon bouch yo sitèlman yo swaf dlo. Timoun yo ap rele mande manje. Pa gen pesonn pou ba yo anyen!
Moun ki te konn manje bon manje gou ap tonbe faya nan lari. Moun ki te elve nan gran kay ap chache manje nan fatra.
Peche lavil Jerizalèm pi gwo pase peche lavil Sodòm, ki te rete konsa Bondye disparèt li.
Nazirit nou yo te san repwòch. Pi bon pase yo pa t’ genyen. Yo te anfòm, yo te gwonèg. Yon bèl san wouj t’ap koule nan venn yo!
Koulye a, se lonbraj yo ase ki la. Yo fini. Pesonn pa rekonèt yo nan lari. Po yo chèch tankou kòs bwa, yo tounen zo ak po.
Moun ki mouri nan lagè pi bon pase moun ki mouri grangou. Y’ap depafini jouk yo mouri. Yo pa jwenn anyen pou yo manje.
10 Manman ki te renmen pitit yo anpil, koulye a, yo kwit yo pou yo manje. Lè malè a tonbe sou pèp mwen an, se sa yo fè pou yo pa mouri grangou.
11 Seyè a fache nèt. Li limen yon sèl kalite dife nan lavil Siyon. Li boule l’ ratè.
12 Pesonn sou latè, pa menm wa peyi sou latè yo, pa t’ vle kwè yon jou, moun ki pa vle wè pèp Bondye a ta antre nan pòtay lavil Jerizalèm!
13  Men, tou sa rive paske pwofèt li yo ak prèt li yo te peche. Yo te lakòz anpil moun ki mache dwat pèdi lavi yo mal.
14 Y’ap mache nan lari tankou moun avèg. Yo bade ak san. Pesonn pa gen dwa manyen rad yo.
15 Kote yo pase moun ap rele: Wete kò nou la! Nou pa pwòp! Pa pwoche! Pa manyen m’! Se konsa y’ap plede kouri sot nan yon peyi al nan yon lòt. Pesonn pa vle resevwa yo.
16 Seyè a pa vle wè yo ankò, se li menm ki gaye yo konsa. Li pa gen konsiderasyon ni pou pè yo ni pou chèf yo.
17 Je nou wouj afòs nou kriye. N’ap tann yon sekou ki pa janm vini. M’ap veye tann yon nasyon ki pa ka fè anyen pou delivre nou.
18 Lènmi ap veye kote nou prale. Nou pa menm gen dwa soti nan lari. Jou lanmò nou rive. Sa ki rete pou nou mouri a pa anyen.
19 Moun ki t’ap kouri dèyè nou yo te pi rapid pase malfini k’ap plonje dèyè poul. Y’ap kouri dèyè nou nan tout mòn yo. Yo tann pèlen pou nou nan tout dezè a.
20 Moun Seyè a te chwazi a, li menm ki tout souf lavi nou, li menm nou te konprann ki ta ka toujou pwoteje nou pou lòt nasyon pa anvayi nou, yo pran l’, yo mete l’ nan prizon!
21  Nou menm, moun peyi Edon ki rete lavil Ouz, nou mèt fè kè nou kontan, nou mèt fè fèt! Tou pa nou dèyè, tande! Jou sa a, nou pral titibe toutouni nan tout lari.
22 Nou menm, moun lavil Siyon, nou fin peye pou peche nou yo. Bondye ap sispann pini nou! Men, nou menm moun Edon, Seyè a pral pini nou pou peche nou yo. L’ap denonse tou sa nou fè ki mal.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Lamentations 4

1 Eh quoi! l’or a perdu son éclat! L’or pur est altéré! Les pierres du sanctuaire sont dispersées Aux coins de toutes les rues!
Les nobles fils de Sion, Estimés à l’égal de l’or pur, Sont regardés, hélas! comme des vases de terre, Ouvrage des mains du potier!
Les chacals mêmes présentent la mamelle, Et allaitent leurs petits; Mais la fille de mon peuple est devenue cruelle Comme les autruches du désert.
La langue du nourrisson s’attache à son palais, Desséchée par la soif; Les enfants demandent du pain, Et personne ne leur en donne.
Ceux qui se nourrissaient de mets délicats Périssent dans les rues; Ceux qui étaient élevés dans la pourpre Embrassent les fumiers.
Le châtiment de la fille de mon peuple est plus grand Que celui de Sodome, Détruite en un instant, Sans que personne ait porté la main sur elle.
Ses princes étaient plus éclatants que la neige, Plus blancs que le lait; Ils avaient le teint plus vermeil que le corail; Leur figure était comme le saphir.
Leur aspect est plus sombre que le noir; On ne les reconnaît pas dans les rues; Ils ont la peau collée sur les os, Sèche comme du bois.
Ceux qui périssent par l’épée sont plus heureux Que ceux qui périssent par la faim, Qui tombent exténués, Privés du fruit des champs.
10 Les femmes, malgré leur tendresse, Font cuire leurs enfants; Ils leur servent de nourriture, Au milieu du désastre de la fille de mon peuple.
11 L’Éternel a épuisé sa fureur, Il a répandu son ardente colère; Il a allumé dans Sion un feu Qui en dévore les fondements.
12 Les rois de la terre n’auraient pas cru, Aucun des habitants du monde n’aurait cru Que l’adversaire, que l’ennemi entrerait Dans les portes de Jérusalem.
13 Voilà le fruit des péchés de ses prophètes, Des iniquités de ses sacrificateurs, Qui ont répandu dans son sein Le sang des justes!
14 Ils erraient en aveugles dans les rues, Souillés de sang; On ne pouvait Toucher leurs vêtements.
15 Éloignez-vous, impurs! leur criait-on, Éloignez-vous, éloignez-vous, ne nous touchez pas! Ils sont en fuite, ils errent çà et là; On dit parmi les nations: Ils n’auront plus leur demeure!
16 L’Éternel les a dispersés dans sa colère, Il ne tourne plus les regards vers eux; On n’a eu ni respect pour les sacrificateurs, Ni pitié pour les vieillards.
17 Nos yeux se consumaient encore, Et nous attendions vainement du secours; Nos regards se portaient avec espérance Vers une nation qui ne nous a pas délivrés.
18 On épiait nos pas, Pour nous empêcher d’aller sur nos places; Notre fin s’approchait, nos jours étaient accomplis… Notre fin est arrivée!
19 Nos persécuteurs étaient plus légers Que les aigles du ciel; Ils nous ont poursuivis sur les montagnes, Ils nous ont dressé des embûches dans le désert.
20 Celui qui nous faisait respirer, l’oint de l’Éternel, A été pris dans leurs fosses, Lui de qui nous disions: Nous vivrons sous son ombre parmi les nations.
21 Réjouis-toi, tressaille d’allégresse, fille d’Édom, Habitante du pays d’Uts! Vers toi aussi passera la coupe; Tu t’enivreras, et tu seras mise à nu.
22 Fille de Sion, ton iniquité est expiée; Il ne t’enverra plus en captivité. Fille d’Édom, il châtiera ton iniquité, Il mettra tes péchés à découvert.

Louis Segond {LSG}

Lamentations 4 

1 How is the gold become dim! how is the most fine gold changed! the stones of the sanctuary are poured out in the top of every street.
The precious sons of Zion, comparable to fine gold, how are they esteemed as earthen pitchers, the work of the hands of the potter!
Even the sea monsters draw out the breast, they give suck to their young ones: the daughter of my people is become cruel, like the ostriches in the wilderness.
The tongue of the sucking child cleaveth to the roof of his mouth for thirst: the young children ask bread, and no man breaketh it unto them.
They that did feed delicately are desolate in the streets: they that were brought up in scarlet embrace dunghills.
For the punishment of the iniquity of the daughter of my people is greater than the punishment of the sin of Sodom, that was overthrown as in a moment, and no hands stayed on her.
Her Nazarites were purer than snow, they were whiter than milk, they were more ruddy in body than rubies, their polishing was of sapphire:
Their visage is blacker than a coal; they are not known in the streets: their skin cleaveth to their bones; it is withered, it is become like a stick.
They that be slain with the sword are better than they that be slain with hunger: for these pine away, stricken through for want of the fruits of the field.
10 The hands of the pitiful women have sodden their own children: they were their meat in the destruction of the daughter of my people.
11 The Lord hath accomplished his fury; he hath poured out his fierce anger, and hath kindled a fire in Zion, and it hath devoured the foundations thereof.
12 The kings of the earth, and all the inhabitants of the world, would not have believed that the adversary and the enemy should have entered into the gates of Jerusalem.
13 For the sins of her prophets, and the iniquities of her priests, that have shed the blood of the just in the midst of her,
14 They have wandered as blind men in the streets, they have polluted themselves with blood, so that men could not touch their garments.
15 They cried unto them, Depart ye; it is unclean; depart, depart, touch not: when they fled away and wandered, they said among the heathen, They shall no more sojourn there.
16 The anger of the Lord hath divided them; he will no more regard them: they respected not the persons of the priests, they favoured not the elders.
17 As for us, our eyes as yet failed for our vain help: in our watching we have watched for a nation that could not save us.
18 They hunt our steps, that we cannot go in our streets: our end is near, our days are fulfilled; for our end is come.
19 Our persecutors are swifter than the eagles of the heaven: they pursued us upon the mountains, they laid wait for us in the wilderness.
20 The breath of our nostrils, the anointed of the Lord, was taken in their pits, of whom we said, Under his shadow we shall live among the heathen.
21 Rejoice and be glad, O daughter of Edom, that dwellest in the land of Uz; the cup also shall pass through unto thee: thou shalt be drunken, and shalt make thyself naked.
22 The punishment of thine iniquity is accomplished, O daughter of Zion; he will no more carry thee away into captivity: he will visit thine iniquity, O daughter of Edom; he will discover thy sins.    
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}