Liv Ezekyel / Ézéchiel / Ezekiel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ezekyel 42    

1 Apre sa, nonm lan mennen m’ nan gwo lakou deyò a. Li fè m’ antre nan yon gwo batisman ki sou bò nò tanp lan, pa twò lwen kay ki sou bò solèy kouche Tanp lan.
Batisman sa a te gen sanswasantwit pye longè, katrevenkat pye lajè.
Sou yon bò te gen yon galeri trannkat pye lajè ki fè wonn Tanp lan. Sou lòt bò a, te gen pave gwo lakou deyò a. Kay la te yon chanmòt twa etaj, chak etaj te pi dèyè pase etaj anba l’ la.
Pòt chanm yo te bay sou bò nò, yo te louvri sou yon koridò sèz pye lajè, sanswasantwit pye longè ki pase devan chanm yo.
Chanm ki te nan etaj anwo nèt la te pi fèmen pase chanm ki te nan etaj mitan an ak chanm ki te nan etaj anba nèt la, paske yo te bati plis sou dèyè.
Nan tout twa etaj yo, pyès ki te anwo nèt la te pi fèmen pase sa ki te nan mitan an ak sa ki te anba nèt la. Yo pa t’ gen poto pilye pou sipòte yo tankou lòt kay yo nan lakou a.
Miray deyò Tanp lan, sou anba nèt, sou menm nivo ak premye etaj la, te gen katrevenkat pye epesè, ki vle di mwatye lajè gwo kay nò a.
Anwo nèt, pyès yo te pran tout lajè kay la. Paske fasad devan kay la te gen sanswasantwit pye.
Anba chanm yo, sou bò solèy leve kay la, kote miray la konmanse a, te gen yon pòtay pou antre nan gwo lakou deyò a.
10 Sou bò sid Tanp lan, te gen yon lòt gwo batisman tankou premye a, toupre gwo pyès ki sou bò solèy kouche Tanp lan.
11 Devan chanm yo, te gen yon koridò tankou pou kay ki sou bò nò a. Li te gen menm longè, menm lajè avè l’, menm fòm, ak menm pozisyon pou pòt yo ak fennèt yo.
12 Te gen yon pòt nan chanm yo sou bò sid kay la ki louvri sou koridò nan pwent bò solèy leve a, kote miray la konmanse a.
13 Lè sa a, nonm lan di m’: -De gwo kay sa yo, yonn sou bò nò, yonn bò sid, se chanm ki mache ak chanm yo met apa pou Seyè a. Se la prèt k’ap sèvi devan lotèl Seyè a manje ofrann yo mete apa pou Seyè a. Chanm sa yo fèt pou rete apa pou Seyè a tou. Se la prèt yo pral met ofrann yo met apa pou Seyè a, ofrann grenn jaden osinon bèt yo ofri bay Seyè a pou mande l’ padon pou peche osinon pou peye pou sa yo te fè ki mal, paske kay sa a apa pou Seyè a.
14 Lè prèt yo fin sèvi nan Tanp lan, anvan yo soti nan gwo lakou deyò a, se pou yo ale nan kay sa a pou yo mete rad seremoni yo te gen sou yo pandan sèvis la, paske rad sa yo se rad ki apa pou Seyè a. Se pou yo mete lòt rad sou yo anvan yo soti nan zòn kote pèp la rasanble a.
15  Lè nonm lan fin mezire tout anndan Tanp lan, li soti avè m’ nan pòtay bò solèy leve a, epi li mezire gwo lakou ki fè wonn Tanp lan.
16 Li pran baton pou mezire a, li pran mezi fasad ki bay sou solèy leve a. Li jwenn witsankarant (840) pye.
17 Apre sa, li mezire bò ki bay sou nò a, li jwenn witsankarant (840) pye tou.
18 Apre sa, li mezire bò ki bay sou sid la, li jwenn witsankarant (840) pye.
19 Lèfini, li mezire bò ki bay sou solèy kouche a, li jwenn witsankarant (840) pye tou.
20 Konsa, li jwenn miray ki te fè wonn tanp lan ansanm ak gwo lakou a te kare kare, witsankarant (840) pye chak bò. Miray la te sèvi pou separe sa ki te apa pou Seyè a ak sa yo pa t’ mete apa pou Seyè a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ézéchiel 42

1 Il me fit sortir vers le parvis extérieur du côté du septentrion, et il me conduisit aux chambres qui étaient vis-à-vis de la place vide et vis-à-vis du bâtiment, au septentrion.
Sur la face, où se trouvait la porte septentrionale, il y avait une longueur de cent coudées; et la largeur était de cinquante coudées.
C’était vis-à-vis des vingt coudées du parvis intérieur, et vis-à-vis du pavé du parvis extérieur, là où se trouvaient les galeries des trois étages.
Devant les chambres, il y avait une allée large de dix coudées, et une voie d’une coudée; leurs portes donnaient au septentrion.
Les chambres supérieures étaient plus étroites que les inférieures et que celles du milieu du bâtiment, parce que les galeries leur ôtaient de la place.
Il y avait trois étages, mais il n’y avait point de colonnes, comme les colonnes des parvis; c’est pourquoi, à partir du sol, les chambres du haut étaient plus étroites que celles du bas et du milieu.
Le mur extérieur parallèle aux chambres, du côté du parvis extérieur, devant les chambres, avait cinquante coudées de longueur;
car la longueur des chambres du côté du parvis extérieur était de cinquante coudées. Mais sur la face du temple il y avait cent coudées.
Au bas de ces chambres était l’entrée de l’orient, quand on y venait du parvis extérieur.
10 Il y avait encore des chambres sur la largeur du mur du parvis du côté de l’orient, vis-à-vis de la place vide et vis-à-vis du bâtiment.
11 Devant elles, il y avait une allée, comme devant les chambres qui étaient du côté du septentrion. La longueur et la largeur étaient les mêmes; leurs issues, leur disposition et leurs portes étaient semblables.
12 Il en était de même pour les portes des chambres du côté du midi. Il y avait une porte à la tête de l’allée, de l’allée qui se trouvait droit devant le mur du côté de l’orient, par où l’on y entrait.
13 Il me dit: Les chambres du septentrion et les chambres du midi, qui sont devant la place vide, ce sont les chambres saintes, où les sacrificateurs qui s’approchent de l’Éternel mangeront les choses très saintes; ils y déposeront les choses très saintes, les offrandes, les victimes présentées dans les sacrifices d’expiation et de culpabilité; car le lieu est saint.
14 Quand les sacrificateurs seront entrés, ils ne sortiront pas du sanctuaire pour aller dans le parvis extérieur, mais ils déposeront là les vêtements avec lesquels ils font le service, car ces vêtements sont saints; ils en mettront d’autres pour s’approcher du peuple.
15 Lorsqu’il eut achevé de mesurer la maison intérieure, il me fit sortir par la porte qui était du côté de l’orient, et il mesura l’enceinte tout autour.
16 Il mesura le côté de l’orient avec la canne qui servait de mesure, et il y avait tout autour cinq cents cannes.
17 Il mesura le côté du septentrion avec la canne qui servait de mesure, et il y avait tout autour cinq cents cannes.
18 Il mesura le côté du midi avec la canne qui servait de mesure, et il y avait cinq cents cannes.
19 Il se tourna du côté de l’occident, et mesura cinq cents cannes avec la canne qui servait de mesure.
20 Il mesura des quatre côtés le mur formant l’enceinte de la maison; la longueur était de cinq cents cannes, et la largeur de cinq cents cannes; ce mur marquait la séparation entre le saint et le profane.

Louis Segond {LSG}

Ezekiel 42

1 Then he brought me forth into the utter court, the way toward the north: and he brought me into the chamber that was over against the separate place, and which was before the building toward the north.
Before the length of an hundred cubits was the north door, and the breadth was fifty cubits.
Over against the twenty cubits which were for the inner court, and over against the pavement which was for the utter court, was gallery against gallery in three stories.
And before the chambers was a walk to ten cubits breadth inward, a way of one cubit; and their doors toward the north.
Now the upper chambers were shorter: for the galleries were higher than these, than the lower, and than the middlemost of the building.
For they were in three stories, but had not pillars as the pillars of the courts: therefore the building was straitened more than the lowest and the middlemost from the ground.
And the wall that was without over against the chambers, toward the utter court on the forepart of the chambers, the length thereof was fifty cubits.
For the length of the chambers that were in the utter court was fifty cubits: and, lo, before the temple were an hundred cubits.
And from under these chambers was the entry on the east side, as one goeth into them from the utter court.
10 The chambers were in the thickness of the wall of the court toward the east, over against the separate place, and over against the building.
11 And the way before them was like the appearance of the chambers which were toward the north, as long as they, and as broad as they: and all their goings out were both according to their fashions, and according to their doors.
12 And according to the doors of the chambers that were toward the south was a door in the head of the way, even the way directly before the wall toward the east, as one entereth into them.
13 Then said he unto me, The north chambers and the south chambers, which are before the separate place, they be holy chambers, where the priests that approach unto the Lord shall eat the most holy things: there shall they lay the most holy things, and the meat offering, and the sin offering, and the trespass offering; for the place is holy.
14 When the priests enter therein, then shall they not go out of the holy place into the utter court, but there they shall lay their garments wherein they minister; for they are holy; and shall put on other garments, and shall approach to those things which are for the people.
15 Now when he had made an end of measuring the inner house, he brought me forth toward the gate whose prospect is toward the east, and measured it round about.
16 He measured the east side with the measuring reed, five hundred reeds, with the measuring reed round about.
17 He measured the north side, five hundred reeds, with the measuring reed round about.
18 He measured the south side, five hundred reeds, with the measuring reed.
19 He turned about to the west side, and measured five hundred reeds with the measuring reed.
20 He measured it by the four sides: it had a wall round about, five hundred reeds long, and five hundred broad, to make a separation between the sanctuary and the profane place.    
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}