Liv Levitik / Lévitique / Leviticus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Levitik 6

1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l’ konsa:
-Si yon moun fè peche, si li fè bagay Seyè a pa vle moun fè, si li bay yon moun pèp Izrayèl parèy li manti sou bagay li te mete an depo lakay li, sou bagay li te ba li kenbe pou li an zanmi, ou ankò si li vòlò l’, ou ankò si li twonpe l’,
ou ankò si li jwenn bagay lòt la te pèdi epi li manti, li sèmante li pa t’ jwenn li, pou tout bagay mal sa yo yon moun ka fè, se pou yo fè yon ofrann.
Lè yon moun fè yon peche konsa, li koupab, epi se pou l’ renmèt sa l’ te vòlò a, osinon lajan li te fè sou tèt lòt la, osinon depo yo te ba l’ kenbe a, ou ankò bagay pèdi li te jwenn lan,
ou ankò sa l’ te sèmante li pa t’ jwenn lan. Wi, se pou l’ renmèt tout plis ven pou san bay mèt bagay la, jou l’ap fè ofrann pou peye pou sa l’ te fè ki mal la.
Apre sa, l’a pran yon belye nan bèt li yo, yonn ki san ankenn enfimite, l’a mennen l’ bay prèt la ki va ofri l’ bay Seyè a pou li peye pou sa l’ te fè ki mal la. Y’a kalkile pri belye a dapre sa yo gen pou yo peye pou ofrann konsa.
Prèt la va fè ofrann lan pou li bay Seyè a. Bondye va padonnen l’ nenpòt kisa li te fè li pa t’ dwe fè.
 Seyè a pale ak Moyiz, li di l’ ankò:
-Men lòd pou ou pase Arawon ansanm ak pitit gason l’ yo. Men ki jan pou yo fè ofrann pou yo boule nèt pou Seyè a. Se pou ofrann lan pase tout nwit la ap boule jouk denmen maten sou lotèl la. Se pou dife sou lotèl la pa janm mouri.
10 Nan maten, prèt la va chanje rad sou li, l’a mete yon chemiz fèt ak twal fen blan, ansanm ak yon kalson ki fèt ak menm twal la, l’a wete sann ki rete apre ofrann lan fin boule nèt sou lotèl la, l’a mete l’ sou kote lotèl la.
11 Apre sa, l’a chanje rad ankò, l’a mete rad òdinè l’ sou li, l’a pote sann lan kote ki rezève pou sa, andeyò lòt bò limit kote moun yo rete a.
12 Fòk dife ki sou lotèl la toujou ap boule. Pa janm kite l’ mouri. Chak maten prèt la va mete bwa ladan l’, epi l’a ranje ofrann pou boule a sou li, epi l’a boule grès ofrann yo fè pou di Bondye mèsi a.
13 Se pou dife a toujou ap boule sou lotèl la. Pa janm kite l’ mouri.
14  Men regleman pou lè n’ap ofri grenn ki soti nan jaden nou. Yonn nan pitit Arawon yo va prezante grenn y’ap ofri a bay Seyè a devan lotèl la.
15 Apre sa, l’a pran yon ponyen farin nan ofrann grenn lan tou melanje ak lwil ansanm ak tout lansan an, l’a boule l’ sou lotèl la pou Seyè a pa janm bliye moun ki fè ofrann lan, ki vle di se tout yo ofri bay Seyè a. Sant ofrann yo boule a va fè Seyè a plezi.
16 Arawon ak pitit li yo va manje rès la. Y’a fè pen san ledven avè l’, y’a manje pen an yon kote apa pou Seyè a nan lakou Tant Randevou a.
17 Se pou yo kwit pen an san ledven. Se mwenmenm menm ki ba yo pòsyon pa yo nan ofrann y’ap boule nèt pou mwen an. Se yon bagay ki apa nèt pou mwen, tankou yon ofrann yo fè pou peche yo ak ofrann yo fè pou peye pou sa yo te fè ki mal.
18 Nenpòt gason nan branch fanmi Arawon an ka manje l’. Sa se yon prensip k’ap la pou tout tan. Se va pòsyon pa yo nan ofrann grenn y’ap boule pou Seyè a. Si lòt moun manyen yon ofrann grenn yo mete apa pou Seyè a, malè va rive l’ poutèt sa.
19 Apre sa, Seyè a pale ak Moyiz, li di l’ ankò:
20 -Men ofrann Arawon ak pitit gason l’ yo va fè pou Seyè a jou y’ap mete yo apa pou sèvis Bondye a. Jou sa a, y’a pote yon liv farin menm kantite ak sa yo ofri chak jou a, y’a ofri mwatye ladan l’ nan maten, lòt mwatye a nan aswè.
21 Y’a melanje lwil ladan l’, y’a kwit li sou griy. Apre sa, y’a kraze l’ an ti moso tankou lè y’ap fè ofrann grenn ki soti nan jaden yo, y’a ofri l’ bay Seyè a. Sant ofrann yo boule a va moute, l’a fè Seyè a plezi.
22 Se yon lòd ki la pou tout tan. Se pou pitit Arawon y’a mete apa pou ranplase Arawon an toujou fè ofrann sa a bay Seyè a. Y’a boule ofrann lan nèt, y’a ofri l’ bay Seyè a.
23 Lè yon prèt ap fè yon ofrann grenn pou tèt pa l’, se pou yo boule tout nèt nan dife. Yo pa fèt pou yo manje anyen ladan l’.
24  Seyè a pale ak Moyiz, li di l’:
25 -Men sa w’a di Arawon ak pitit gason l’ yo. Men regleman pou yo swiv lè y’ap fè ofrann pou peche moun fè san yo pa konnen. Y’a touye bèt y’a ofri pou kalite peche sa yo sou bò nò lotèl la, kote yo touye bèt yo ofri pou boule a. Sa se yon ofrann yo mete apa nèt pou Seyè a.
26 Prèt ki va touye bèt la va manje l’ kote yo mete apa pou Bondye nan lakou Tant Randevou a.
27 Nenpòt moun osinon nenpòt bagay ki va manyen osinon ki va touche vyann bèt yo mete apa pou Seyè a va tounen yon moun osinon yon bagay yo mete apa pou Bondye tou. Si san bèt la tonbe sou yon rad, w’a lave rad la yon kote ki apa pou Seyè a.
28 Se pou yo kraze tout veso an tè ki te sèvi pou bouyi vyann lan. Men, si se nan yon veso an kwiv yo te bouyi l’, se pou yo grate l’ byen grate epi lave l’ nan gwo dlo.
29 Tout gason nan fanmi prèt yo gen dwa manje nan vyann lan, paske se yon vyann yo mete apa nèt pou Seyè a.
30 Men, si yo pran ti gout nan san bèt la pou yo pote l’ anndan Tant Randevou a pou yo sèvi avè l’ tankou san bèt yo ofri pou repare sa yon moun fè ki mal, yo pa fèt pou yo manje anyen nan bèt la. Se pou yo boule l’ nèt nan dife.
Vèsyon Orijinal Kkreyol Ayisyen {VOKA}

Lévitique 6

 1 L’Éternel parla à Moïse, et dit:
 Lorsque quelqu’un péchera et commettra une infidélité envers l’Éternel, en mentant à son prochain au sujet d’un dépôt, d’un objet confié à sa garde, d’une chose volée ou soustraite par fraude,
 en niant d’avoir trouvé une chose perdue, ou en faisant un faux serment sur une chose quelconque de nature à constituer un péché;
 lorsqu’il péchera ainsi et se rendra coupable, il restituera la chose qu’il a volée ou soustraite par fraude, la chose qui lui avait été confiée en dépôt, la chose perdue qu’il a trouvée,
 ou la chose quelconque sur laquelle il a fait un faux serment. Il la restituera en son entier, y ajoutera un cinquième, et la remettra à son propriétaire, le jour même où il offrira son sacrifice de culpabilité.
 Il présentera au sacrificateur en sacrifice de culpabilité à l’Éternel pour son péché un bélier sans défaut, pris du troupeau d’après ton estimation.
 Et le sacrificateur fera pour lui l’expiation devant l’Éternel, et il lui sera pardonné, quelle que soit la faute dont il se sera rendu coupable.
8  L’Éternel parla à Moïse, et dit:
 Donne cet ordre à Aaron et à ses fils, et dis: Voici la loi de l’holocauste. L’holocauste restera sur le foyer de l’autel toute la nuit jusqu’au matin, et le feu brûlera sur l’autel.
10  Le sacrificateur revêtira sa tunique de lin, et mettra des caleçons sur sa chair, il enlèvera la cendre faite par le feu qui aura consumé l’holocauste sur l’autel, et il la déposera près de l’autel.
11  Puis il quittera ses vêtements et en mettra d’autres, pour porter la cendre hors du camp, dans un lieu pur.
12  Le feu brûlera sur l’autel, il ne s’éteindra point; chaque matin, le sacrificateur y allumera du bois, arrangera l’holocauste, et brûlera la graisse des sacrifices d’actions de grâces.
13  Le feu brûlera continuellement sur l’autel, il ne s’éteindra point.
14  Voici la loi de l’offrande. Les fils d’Aaron la présenteront devant l’Éternel, devant l’autel.
15  Le sacrificateur prélèvera une poignée de la fleur de farine et de l’huile, avec tout l’encens ajouté à l’offrande, et il brûlera cela sur l’autel comme souvenir d’une agréable odeur à l’Éternel.
16  Aaron et ses fils mangeront ce qui restera de l’offrande; ils le mangeront sans levain, dans un lieu saint, dans le parvis de la tente d’assignation.
17  On ne le cuira pas avec du levain. C’est la part que je leur ai donnée de mes offrandes consumées par le feu. C’est une chose très sainte, comme le sacrifice d’expiation et comme le sacrifice de culpabilité.
18  Tout mâle d’entre les enfants d’Aaron en mangera. C’est une loi perpétuelle pour vos descendants, au sujet des offrandes consumées par le feu devant l’Éternel: quiconque y touchera sera sanctifié.
19  L’Éternel parla à Moïse, et dit:
20  Voici l’offrande qu’Aaron et ses fils feront à l’Éternel, le jour où ils recevront l’onction: un dixième d’épha de fleur de farine, comme offrande perpétuelle, moitié le matin et moitié le soir.
21  Elle sera préparée à la poêle avec de l’huile, et tu l’apporteras frite; tu la présenteras aussi cuite et en morceaux comme une offrande d’une agréable odeur à l’Éternel.
22  Le sacrificateur qui, parmi les fils d’Aaron, sera oint pour lui succéder, fera aussi cette offrande. C’est une loi perpétuelle devant l’Éternel: elle sera brûlée en entier.
23  Toute offrande d’un sacrificateur sera brûlée en entier; elle ne sera point mangée.
24  L’Éternel parla à Moïse, et dit:
25  Parle à Aaron et à ses fils, et dis: Voici la loi du sacrifice d’expiation. C’est dans le lieu où l’on égorge l’holocauste que sera égorgée devant l’Éternel la victime pour le sacrifice d’expiation: c’est une chose très sainte.
26  Le sacrificateur qui offrira la victime expiatoire la mangera; elle sera mangée dans un lieu saint, dans le parvis de la tente d’assignation.
27  Quiconque en touchera la chair sera sanctifié. S’il en rejaillit du sang sur un vêtement, la place sur laquelle il aura rejailli sera lavée dans un lieu saint.
28  Le vase de terre dans lequel elle aura cuit sera brisé; si c’est dans un vase d’airain qu’elle a cuit, il sera nettoyé et lavé dans l’eau.
29  Tout mâle parmi les sacrificateurs en mangera: c’est une chose très sainte.
30  Mais on ne mangera aucune victime expiatoire dont on apportera du sang dans la tente d’assignation, pour faire l’expiation dans le sanctuaire: elle sera brûlée au feu.

Louis Segond {LSG}

 

Leviticus 6

1 And the Lord spake unto Moses, saying,
If a soul sin, and commit a trespass against the Lord, and lie unto his neighbour in that which was delivered him to keep, or in fellowship, or in a thing taken away by violence, or hath deceived his neighbour;
Or have found that which was lost, and lieth concerning it, and sweareth falsely; in any of all these that a man doeth, sinning therein:
Then it shall be, because he hath sinned, and is guilty, that he shall restore that which he took violently away, or the thing which he hath deceitfully gotten, or that which was delivered him to keep, or the lost thing which he found,
Or all that about which he hath sworn falsely; he shall even restore it in the principal, and shall add the fifth part more thereto, and give it unto him to whom it appertaineth, in the day of his trespass offering.
And he shall bring his trespass offering unto the Lord, a ram without blemish out of the flock, with thy estimation, for a trespass offering, unto the priest:
And the priest shall make an atonement for him before the Lord: and it shall be forgiven him for any thing of all that he hath done in trespassing therein.
And the Lord spake unto Moses, saying,
Command Aaron and his sons, saying, This is the law of the burnt offering: It is the burnt offering, because of the burning upon the altar all night unto the morning, and the fire of the altar shall be burning in it.
10 And the priest shall put on his linen garment, and his linen breeches shall he put upon his flesh, and take up the ashes which the fire hath consumed with the burnt offering on the altar, and he shall put them beside the altar.
11 And he shall put off his garments, and put on other garments, and carry forth the ashes without the camp unto a clean place.
12 And the fire upon the altar shall be burning in it; it shall not be put out: and the priest shall burn wood on it every morning, and lay the burnt offering in order upon it; and he shall burn thereon the fat of the peace offerings.
13 The fire shall ever be burning upon the altar; it shall never go out.
14 And this is the law of the meat offering: the sons of Aaron shall offer it before the Lord, before the altar.
15 And he shall take of it his handful, of the flour of the meat offering, and of the oil thereof, and all the frankincense which is upon the meat offering, and shall burn it upon the altar for a sweet savour, even the memorial of it, unto the Lord.
16 And the remainder thereof shall Aaron and his sons eat: with unleavened bread shall it be eaten in the holy place; in the court of the tabernacle of the congregation they shall eat it.
17 It shall not be baken with leaven. I have given it unto them for their portion of my offerings made by fire; it is most holy, as is the sin offering, and as the trespass offering.
18 All the males among the children of Aaron shall eat of it. It shall be a statute for ever in your generations concerning the offerings of the Lord made by fire: every one that toucheth them shall be holy.
19 And the Lord spake unto Moses, saying,
20 This is the offering of Aaron and of his sons, which they shall offer unto the Lord in the day when he is anointed; the tenth part of an ephah of fine flour for a meat offering perpetual, half of it in the morning, and half thereof at night.
21 In a pan it shall be made with oil; and when it is baken, thou shalt bring it in: and the baken pieces of the meat offering shalt thou offer for a sweet savour unto the Lord.
22 And the priest of his sons that is anointed in his stead shall offer it: it is a statute for ever unto the Lord; it shall be wholly burnt.
23 For every meat offering for the priest shall be wholly burnt: it shall not be eaten.
24 And the Lord spake unto Moses, saying,
25 Speak unto Aaron and to his sons, saying, This is the law of the sin offering: In the place where the burnt offering is killed shall the sin offering be killed before the Lord: it is most holy.
26 The priest that offereth it for sin shall eat it: in the holy place shall it be eaten, in the court of the tabernacle of the congregation.
27 Whatsoever shall touch the flesh thereof shall be holy: and when there is sprinkled of the blood thereof upon any garment, thou shalt wash that whereon it was sprinkled in the holy place.
28 But the earthen vessel wherein it is sodden shall be broken: and if it be sodden in a brasen pot, it shall be both scoured, and rinsed in water.
29 All the males among the priests shall eat thereof: it is most holy.
30 And no sin offering, whereof any of the blood is brought into the tabernacle of the congregation to reconcile withal in the holy place, shall be eaten: it shall be burnt in the fire.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}