Liv Aje / Aggée / Haggai

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Aje 2      

1 Jou ki make venteyenyèm jou nan setyèm mwa nan menm lanne a, Seyè a bay pwofèt Aje yon lòt mesaj ankò.
Li di li konsa: -Pale ak Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, gouvènè peyi Jida a, ak Jozye, granprèt la, pitit gason Jozadak la, ansanm ak pèp ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a. W’a di yo:
Eske gen yonn nan nou ki chonje jan tanp lan te bèl nan tan lontan? Ki jan nou wè l’ koulye a? Nou pa wè li pa vo anyen?
Men koulye a, kouraj, Zowobabèl! Se Seyè a menm k’ap pale avè ou. Kouraj, Jozye, granprèt la, pitit Jozadak la! Kouraj, nou tout ki rete nan peyi a! Se Seyè a menm k’ap pale ak nou! Mete men nan travay la, paske mwen la avèk nou! Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa!
Lè nou t’ap soti kite peyi Lejip la, mwen te pwomèt mwen t’ap toujou la avèk nou. Enben! M’ la nan mitan nou. Nou pa bezwen pè.
Paske men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Anvan lontan, mwen pral souke syèl la ak latè a, lanmè a ak tè yo.
Mwen pral souke tout nasyon yo. Yo pral pote tout richès yo isit la, yo pral plen kay sa a ak bèl bagay. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.
Se pou mwen tout lò ak tout ajan sou latè ye. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.
Kay sa a ap pi bèl lontan pase premye a. Se isit la menm m’ap bay tout moun kè poze. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa!
10  Jou ki te make vennkatriyèm jou nan nevyèm mwa nan dezyèm lanne rèy wa Dariyis la, Seyè ki gen tout pouvwa a bay pwofèt Aje yon lòt mesaj ankò. Li di l’ konsa:
11 -Al mande prèt yo sa lalwa di sou sa.
12 Si yon moun pran yon moso vyann yo mete apa pou Bondye, li vlope l’ nan ke rad li. Lèfini, li kite rad la touche yon pen, osinon yon manje kwit, osinon yon veso ki gen diven osinon ki gen lwil, ou nenpòt ki kalite manje, èske sa ap mete manje a apa pou Bondye tou pou sa? Lè Aje mande prèt yo sa, yo reponn li: -Non!
13 Lèfini, Aje mande yo: -Lè yon moun pa nan kondisyon pou l’ sèvi Bondye paske li te manyen yon kadav, lèfini si li manyen yonn nan kalite manje sa yo, èske sa ap fè manje yo pa bon pou sa pou moun ki nan kondisyon pou sèvi Bondye? Prèt yo reponn li: -Wi!
14 Lè sa a, Aje di yo konsa: -Men sa Seyè a di. Se menm bagay la tou pou pèp nasyon sa a ansanm ak tou sa y’ap fè a. Sa yo ofri ban mwen an pa bon, paske yo pa nan kondisyon pou yo sèvi Bondye.
15 Men sa Seyè a di ankò: -Depi jòdi a, kalkile byen sou sa ki rive nou. Anvan nou te konmanse rebati kay ki apa pou Seyè a,
16 ki jan sa te ye pou nou? Nou te al fè rekòt nan yon jaden ble, nou te konprann nou t’ap jwenn vin barik, se dis ase nou jwenn. N’ al chache diven nan yon barik depo, nou te konprann nou t’ap jwenn senkant galon, se vin galon ase nou jwenn.
17 Mwen voye lawouy ak lagrèl gate tou sa nou te plante ak men nou. Mwen fè yo kanni. Men, nou yonn pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a ki di sa.
18 Men jòdi a, vennkatryèm jou nan nevyèm mwa a, jou nou te fini ak fondasyon tanp lan, kalkile byen sou sa ki pral rive nou la a!
19 Ata grenn pou plante pa gen ankò nan depo nou yo. Ni pye rezen nou yo, ni pye fig frans nou yo, ni pye grenad nou yo, ni pye oliv nou yo pa donnen ankò. Men, depi jounen jòdi a, mwen pral beni nou.
20  Menm jou sa a, ki te vennkatriyèm jou nan mwa a, Seyè a bay Aje yon dezyèm mesaj. Li di l’ konsa:
21 -Pale ak Zowobabèl, gouvènè peyi Jida a, di l’ pou mwen: Mwen pral souke syèl la ak latè a.
22 Mwen pral jete wa k’ap gouvènen yo, mwen pral detwi pouvwa nasyon yo. Mwen pral chavire cha lagè yo ansanm ak moun ki sou yo. Tout chwal yo pral mouri. Pou moun ki te sou chwal yo menm, yonn pral touye lòt ak nepe yo.
23 Jou sa a, m’ap pran ou, ou menm Zowobabèl, sèvitè m’ lan, pitit gason Chealtyèl la, m’ap ba ou pouvwa pou gouvènen nan non mwen, paske se ou menm mwen chwazi pou sa. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Aggée  2       

1 Le vingt et unième jour du septième mois, la parole de l’Éternel se révéla par Aggée, le prophète, en ces mots:
Parle à Zorobabel, fils de Schealthiel, gouverneur de Juda, à Josué, fils de Jotsadak, le souverain sacrificateur, et au reste du peuple, et dis-leur:
Quel est parmi vous le survivant Qui ait vu cette maison dans sa gloire première? Et comment la voyez-vous maintenant? Telle qu’elle est, ne paraît-elle pas comme rien à vos yeux?
Maintenant fortifie-toi, Zorobabel! dit l’Éternel. Fortifie-toi, Josué, fils de Jotsadak, souverain sacrificateur! Fortifie-toi, peuple entier du pays! dit l’Éternel. Et travaillez! Car je suis avec vous, Dit l’Éternel des armées.
Je reste fidèle à l’alliance que j’ai faite avec vous Quand vous sortîtes de l’Égypte, Et mon esprit est au milieu de vous; Ne craignez pas!
Car ainsi parle l’Éternel des armées: Encore un peu de temps, Et j’ébranlerai les cieux et la terre, La mer et le sec;
J’ébranlerai toutes les nations; Les trésors de toutes les nations viendront, Et je remplirai de gloire cette maison, Dit l’Éternel des armées.
L’argent est à moi, et l’or est à moi, Dit l’Éternel des armées.
La gloire de cette dernière maison sera plus grande Que celle de la première, Dit l’Éternel des armées; Et c’est dans ce lieu que je donnerai la paix, Dit l’Éternel des armées.
10 le vingt-quatrième jour du neuvième mois, la seconde année de Darius, la parole de l’Éternel se révéla par Aggée, le prophète, en ces mots:
11 Ainsi parle l’Éternel des armées: Propose aux sacrificateurs cette question sur la loi:
12 Si quelqu’un porte dans le pan de son vêtement de la chair consacrée, et qu’il touche avec son vêtement du pain, des mets, du vin, de l’huile, ou un aliment quelconque, ces choses seront-elles sanctifiées? Les sacrificateurs répondirent: Non!
13 Et Aggée dit: Si quelqu’un souillé par le contact d’un cadavre touche toutes ces choses, seront-elles souillées? Les sacrificateurs répondirent: Elles seront souillées.
14 Alors Aggée, reprenant la parole, dit: Tel est ce peuple, telle est cette nation devant moi, dit l’Éternel, Telles sont toutes les oeuvres de leurs mains; Ce qu’ils m’offrent là est souillé.
15 Considérez donc attentivement Ce qui s’est passé jusqu’à ce jour, Avant qu’on eût mis pierre sur pierre au temple de l’Éternel!
16 Alors, quand on venait à un tas de vingt mesures, Il n’y en avait que dix; Quand on venait à la cuve pour puiser cinquante mesures, Il n’y en avait que vingt.
17 Je vous ai frappés par la rouille et par la nielle, et par la grêle; J’ai frappé tout le travail de vos mains. Malgré cela, vous n’êtes pas revenus à moi, dit l’Éternel.
18 Considérez attentivement Ce qui s’est passé jusqu’à ce jour, Jusqu’au vingt-quatrième jour du neuvième mois, Depuis le jour où le temple de l’Éternel a été fondé, Considérez-le attentivement!
19 Y avait-il encore de la semence dans les greniers? Même la vigne, le figuier, le grenadier et l’olivier, N’ont rien rapporté. Mais dès ce jour je répandrai ma bénédiction.
20 La parole de l’Éternel fut adressée pour la seconde fois à Aggée, le vingt-quatrième jour du mois, en ces mots:
21 Parle à Zorobabel, gouverneur de Juda, et dis: J’ébranlerai les cieux et la terre;
22 Je renverserai le trône des royaumes, Je détruirai la force des royaumes des nations, Je renverserai les chars et ceux qui les montent; Les chevaux et leurs cavaliers seront abattus, L’un par l’épée de l’autre.
23 En ce jour-là, dit l’Éternel des armées, Je te prendrai, Zorobabel, fils de Schealthiel, Mon serviteur, dit l’Éternel, Et je te garderai comme un sceau; Car je t’ai choisi, dit l’Éternel des armées.

Louis Segond {LSG}

Haggai 2

1 In the seventh month, in the one and twentieth day of the month, came the word of the Lord by the prophet Haggai, saying,
Speak now to Zerubbabel the son of Shealtiel, governor of Judah, and to Joshua the son of Josedech, the high priest, and to the residue of the people, saying,
Who is left among you that saw this house in her first glory? and how do ye see it now? is it not in your eyes in comparison of it as nothing?
Yet now be strong, O Zerubbabel, saith the Lord; and be strong, O Joshua, son of Josedech, the high priest; and be strong, all ye people of the land, saith the Lord, and work: for I am with you, saith the Lord of hosts:
According to the word that I covenanted with you when ye came out of Egypt, so my spirit remaineth among you: fear ye not.
For thus saith the Lord of hosts; Yet once, it is a little while, and I will shake the heavens, and the earth, and the sea, and the dry land;
And I will shake all nations, and the desire of all nations shall come: and I will fill this house with glory, saith the Lord of hosts.
The silver is mine, and the gold is mine, saith the Lord of hosts.
The glory of this latter house shall be greater than of the former, saith the Lord of hosts: and in this place will I give peace, saith the Lord of hosts.
10 In the four and twentieth day of the ninth month, in the second year of Darius, came the word of the Lord by Haggai the prophet, saying,
11 Thus saith the Lord of hosts; Ask now the priests concerning the law, saying,
12 If one bear holy flesh in the skirt of his garment, and with his skirt do touch bread, or pottage, or wine, or oil, or any meat, shall it be holy? And the priests answered and said, No.
13 Then said Haggai, If one that is unclean by a dead body touch any of these, shall it be unclean? And the priests answered and said, It shall be unclean.
14 Then answered Haggai, and said, So is this people, and so is this nation before me, saith the Lord; and so is every work of their hands; and that which they offer there is unclean.
15 And now, I pray you, consider from this day and upward, from before a stone was laid upon a stone in the temple of the Lord:
16 Since those days were, when one came to an heap of twenty measures, there were but ten: when one came to the pressfat for to draw out fifty vessels out of the press, there were but twenty.
17 I smote you with blasting and with mildew and with hail in all the labours of your hands; yet ye turned not to me, saith the Lord.
18 Consider now from this day and upward, from the four and twentieth day of the ninth month, even from the day that the foundation of the Lord‘s temple was laid, consider it.
19 Is the seed yet in the barn? yea, as yet the vine, and the fig tree, and the pomegranate, and the olive tree, hath not brought forth: from this day will I bless you.
20 And again the word of the Lord came unto Haggai in the four and twentieth day of the month, saying,
21 Speak to Zerubbabel, governor of Judah, saying, I will shake the heavens and the earth;
22 And I will overthrow the throne of kingdoms, and I will destroy the strength of the kingdoms of the heathen; and I will overthrow the chariots, and those that ride in them; and the horses and their riders shall come down, every one by the sword of his brother.
23 In that day, saith the Lord of hosts, will I take thee, O Zerubbabel, my servant, the son of Shealtiel, saith the Lord, and will make thee as a signet: for I have chosen thee, saith the Lord of hosts.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}