Liv Deteronòm / Deuteronome / Deuteronomy

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Deteronòm 19

1 Moyiz di yo ankò: -Lè Seyè a, Bondye nou an, va fin detwi nasyon sa yo pou l’ ban nou peyi ki te pou yo a, lè n’a fin pran tout peyi a nan men yo pou nou rete nan lavil yo ak nan lakay yo,
n’a chwazi twa lavil nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou pou nou rete a, n’a mete yo apa.
N’a kenbe wout ki mennen nan lavil sa yo an bon eta. N’a divize teritwa Seyè a, Bondye nou an, te ban nou pou nou rete a an twa zòn ak yon lavil nan chak zòn. Konsa, nenpòt moun ki ta rive touye yon lòt ka kouri al kache nan yonn nan lavil sa yo pou sove lavi l’.
Men nan ki sikonstans yon moun ka kouri al kache nan yonn nan lavil sa yo pou sove lavi l’: Se lè yon moun touye yon frè parèy li san li pa fè espre, san li pa janm gen anyen avè l’.
Konsa, si de moun al nan bwa ansanm pou koupe bwa epi yonn ladan yo fè sa li leve rach li pou l’ koupe yon bwa epi rach la chape soti nan manch lan, l’ al frape zanmi l’ lan, li touye l’ frèt, yon nonm konsa gen dwa kouri al kache nan yonn nan lavil sa yo pou l’ ka sove lavi l’.
Si te gen yon sèl lavil konsa, distans la ta ka twò long. Lè sa a, moun ki reskonsab pou tire revanj moun yo touye a, si l’ap kouri dèyè moun ki te fè krim lan, li ta ka rapouswiv li. Nan kè cho li, li ta ka ba l’ yon kou, li touye l’. Lè sa a, li ta touye yon inonsan, paske nonm lan pa t’ fè espre, li pa t’ janm gen anyen nan kè l’ kont moun li touye a.
Se poutèt sa mwen mande nou pou nou mete twa lavil konsa apa espre pou sa.
Konsa tou, lè Seyè a, Bondye nou an, va fè peyi nou an vin pi gran jan li te pwomèt zansèt nou yo, lè l’a ban nou tout peyi li te pwomèt l’ap bay zansèt nou yo,
n’a chwazi twa lòt lavil, n’a mete sou sa nou genyen deja yo. Men, pa bliye, l’ap ban nou peyi a, se pou nou toujou swiv tout lòd m’ap ban nou jòdi a, se pou nou toujou renmen Seyè a Bondye nou an, pou nou swiv chemen li mete devan nou an.
10 Se konsa, nou p’ap kite yo touye moun ki inonsan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou pou rele nou pa nou. Si nou kite sa rive, n’a peye pou sa nou fè a.
11 Men, si yon moun rayi yon lòt, epi li pran veye l’ jouk li tonbe sou li, li ba l’ kou jouk li touye l’, epi apre sa, li kouri al kache nan yonn nan lavil sa yo,
12 lè sa a, chèf fanmi ki reskonsab lavil kote li rete a va voye chache l’ epi y’a lage l’ nan men fanmi pre moun ki mouri a pou yo touye l’.
13 N’a san pitye pou li, n’a wete moun k’ap mache touye inonsan nan peyi Izrayèl la. Se konsa tout bagay va mache byen pou nou.
14  Nan peyi Seyè a, Bondye nou an, pral ban nou pou nou rete a, pa janm deplase bòn tè moun pèp Izrayèl parèy nou. Kite yo kote zansèt nou yo te plante yo a.
15 Depozisyon yon sèl temwen pa kont pou moutre si yon moun fè yon krim, osinon yon bagay mal tout bon nan nenpòt akizasyon yo ta ka fè sou do li. Fòk gen de osinon twa temwen ki pou fè depozisyon kont li pou akizasyon an ka kenbe.
16 Lè yon fo temwen kanpe pou l’ akize yon moun pou yon krim li pa fè,
17 de moun ki nan pwose yo va prezante ansanm devan lòtèl Seyè a, devan prèt yo ak jij yo ki desèvis lè sa a.
18 Jij yo va egzaminen ka a. Y’a mennen yon bon ankèt jan yo dwe fè l’ la. Si yo jwenn se manti temwen an ap bay, se akize l’ap akize yon moun pèp Izrayèl parèy li pou yon bagay li pa janm fè,
19 n’a fè l’ sibi chatiman li te vle pou moun li akize a. Se konsa n’a wete mechanste sa a ki te nan mitan nou.
20 Lè lòt moun yo va konn sa, y’a pè, yo p’ap rekonmanse fè move bagay konsa ankò nan mitan nou.
21 Se pou nou san pitye pou moun konsa. Se pou nou fè yo peye lavi pou lavi, yon je pou yon je, yon dan pou yon dan, yon men pou yon men, yon pye pou yon pye.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Deuteronome 19

1 Lorsque l’Éternel, ton Dieu, aura exterminé les nations dont l’Éternel, ton Dieu, te donne le pays, lorsque tu les auras chassées et que tu habiteras dans leurs villes et dans leurs maisons,
tu sépareras trois villes au milieu du pays dont l’Éternel, ton Dieu, te donne la possession.
Tu établiras des routes, et tu diviseras en trois parties le territoire du pays que l’Éternel, ton Dieu, va te donner en héritage. Il en sera ainsi afin que tout meurtrier puisse s’enfuir dans ces villes.
Cette loi s’appliquera au meurtrier qui s’enfuira là pour sauver sa vie, lorsqu’il aura involontairement tué son prochain, sans avoir été auparavant son ennemi.
Un homme, par exemple, va couper du bois dans la forêt avec un autre homme; la hache en main, il s’élance pour abattre un arbre; le fer échappe du manche, atteint le compagnon de cet homme, et lui donne la mort. Alors il s’enfuira dans l’une de ces villes pour sauver sa vie,
de peur que le vengeur du sang, échauffé par la colère et poursuivant le meurtrier, ne finisse par l’atteindre s’il y avait à faire beaucoup de chemin, et ne frappe mortellement celui qui ne mérite pas la mort, puisqu’il n’était point auparavant l’ennemi de son prochain.
C’est pourquoi je te donne cet ordre: Tu sépareras trois villes.
Lorsque l’Éternel, ton Dieu, aura élargi tes frontières, comme il l’a juré à tes pères, et qu’il t’aura donné tout le pays qu’il a promis à tes pères de te donner, –
pourvu que tu observes et mettes en pratique tous ces commandements que je te prescris aujourd’hui, en sorte que tu aimes l’Éternel, ton Dieu, et que tu marches toujours dans ses voies, -tu ajouteras encore trois villes à ces trois-là,
10 afin que le sang innocent ne soit pas répandu au milieu du pays que l’Éternel, ton Dieu, te donne pour héritage, et que tu ne sois pas coupable de meurtre.
11 Mais si un homme s’enfuit dans une de ces villes, après avoir dressé des embûches à son prochain par inimitié contre lui, après l’avoir attaqué et frappé de manière à causer sa mort,
12 les anciens de sa ville l’enverront saisir et le livreront entre les mains du vengeur du sang, afin qu’il meure.
13 Tu ne jetteras pas sur lui un regard de pitié, tu feras disparaître d’Israël le sang innocent, et tu seras heureux.
14 Tu ne reculeras point les bornes de ton prochain, posées par tes ancêtres, dans l’héritage que tu auras au pays dont l’Éternel, ton Dieu, te donne la possession.
15 Un seul témoin ne suffira pas contre un homme pour constater un crime ou un péché, quel qu’il soit; un fait ne pourra s’établir que sur la déposition de deux ou de trois témoins.
16 Lorsqu’un faux témoin s’élèvera contre quelqu’un pour l’accuser d’un crime,
17 les deux hommes en contestation comparaîtront devant l’Éternel, devant les sacrificateurs et les juges alors en fonctions.
18 Les juges feront avec soin des recherches. Le témoin est-il un faux témoin, a-t-il fait contre son frère une fausse déposition,
19 alors vous le traiterez comme il avait dessein de traiter son frère. Tu ôteras ainsi le mal du milieu de toi.
20 Les autres entendront et craindront, et l’on ne commettra plus un acte aussi criminel au milieu de toi.
21 Tu ne jetteras aucun regard de pitié: oeil pour oeil, dent pour dent, main pour main, pied pour pied.
Louis Segond {LSG}

Deuteronomy 19

1 When the Lord thy God hath cut off the nations, whose land the Lord thy God giveth thee, and thou succeedest them, and dwellest in their cities, and in their houses;
Thou shalt separate three cities for thee in the midst of thy land, which the Lord thy God giveth thee to possess it.
Thou shalt prepare thee a way, and divide the coasts of thy land, which the Lord thy God giveth thee to inherit, into three parts, that every slayer may flee thither.
And this is the case of the slayer, which shall flee thither, that he may live: Whoso killeth his neighbour ignorantly, whom he hated not in time past;
As when a man goeth into the wood with his neighbour to hew wood, and his hand fetcheth a stroke with the axe to cut down the tree, and the head slippeth from the helve, and lighteth upon his neighbour, that he die; he shall flee unto one of those cities, and live:
Lest the avenger of the blood pursue the slayer, while his heart is hot, and overtake him, because the way is long, and slay him; whereas he was not worthy of death, inasmuch as he hated him not in time past.
Wherefore I command thee, saying, Thou shalt separate three cities for thee.
And if the Lord thy God enlarge thy coast, as he hath sworn unto thy fathers, and give thee all the land which he promised to give unto thy fathers;
If thou shalt keep all these commandments to do them, which I command thee this day, to love the Lord thy God, and to walk ever in his ways; then shalt thou add three cities more for thee, beside these three:
10 That innocent blood be not shed in thy land, which the Lord thy God giveth thee for an inheritance, and so blood be upon thee.
11 But if any man hate his neighbour, and lie in wait for him, and rise up against him, and smite him mortally that he die, and fleeth into one of these cities:
12 Then the elders of his city shall send and fetch him thence, and deliver him into the hand of the avenger of blood, that he may die.
13 Thine eye shall not pity him, but thou shalt put away the guilt of innocent blood from Israel, that it may go well with thee.
14 Thou shalt not remove thy neighbour’s landmark, which they of old time have set in thine inheritance, which thou shalt inherit in the land that the Lord thy God giveth thee to possess it.
15 One witness shall not rise up against a man for any iniquity, or for any sin, in any sin that he sinneth: at the mouth of two witnesses, or at the mouth of three witnesses, shall the matter be established.
16 If a false witness rise up against any man to testify against him that which is wrong;
17 Then both the men, between whom the controversy is, shall stand before the Lord, before the priests and the judges, which shall be in those days;
18 And the judges shall make diligent inquisition: and, behold, if the witness be a false witness, and hath testified falsely against his brother;
19 Then shall ye do unto him, as he had thought to have done unto his brother: so shalt thou put the evil away from among you.
20 And those which remain shall hear, and fear, and shall henceforth commit no more any such evil among you.
21 And thine eye shall not pity; but life shall go for life, eye for eye, tooth for tooth, hand for hand, foot for foot.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}