Liv Lik / Luc / Luke

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Lik 23             

Tout bann moun yo leve, yo mennen Jezi devan Pilat.
Rive la, yo pran depoze plent sou do l’, yo di konsa: Nou jwenn nonm sa a ap moute tèt pèt la. L’ap di yo pou yo pa peye Seza lajan taks yo. Li menm rive pretann se Kris la li ye, yon wa.
Pilat mande li: Eske ou se wa jwif yo? Jezi reponn li: Se ou ki di li.
Pilat di chèf prèt yo ak foul moun yo: Mwen pa wè ankenn rezon pou m’ kondannen nonm sa a.
Men, yo kenbe la avè l’, yo di: L’ap moute tèt pèp la ak pawòl l’ap di yo. Li kòmanse travay sa a depi nan peyi Galilye, li pase nan tout peyi Jide a, li rive jouk isit la.
Lè Pilat tande sa, li mande yo si Jezi se moun Galile.
Aprann Pilat aprann Jezi te soti nan rejyon ki te sou kòmandman Ewòd la, li voye Jezi bay Ewòd ki t’ap pase kèk jou lavil Jerizalèm lè sa a.
Ewòd pa t’ manke kontan lè li wè Jezi. Depi lontan li te konn tande pale sou li, li te anvi kontre avè l’. Li te kwè li tapral wè Jezi fè kèk mirak.
Li poze l’ anpil keksyon, men Jezi pa reponn li anyen.
10 Chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo te la. Yo t’ap depoze anpil gwo plent kont Jezi.
11 Ewòd menm ansanm ak tout gad li yo t’ap pase Jezi nan rizib. Yo mete l’ nan yon wonn tenten. Yo mete yon bèl rad sou li; epi yo voye l’ tounen bay Pilat.
12 Pilat ak Ewòd te lènmi anvan sa. Menm jou sa a yo vin zanmi.
13  Pilat sanble chèf prèt yo, tout otorite yo ansanm ak pèp la.
14 Li di yo: Nou mennen nonm sa a ban mwen. Nou fè m’ konprann l’ap moute tèt pèp la. Mwen menm, mwen poze l’ keksyon devan nou, mwen pa janm jwenn li koupab. Li pa fè ankenn nan move zak n’ap plede di l’ fè yo.
15 Ewòd pa jwenn li koupab non plis. Men li voye l’ tounen ban mwen. Nonm sa a pa fè anyen ki merite lanmò.
16 Mwen pral fè yo bat li byen bat, apre sa m’a lage li.
17 Pou chak fèt Delivrans, Pilat te blije lage yon prizonye ba yo.
18 Yo tout pran rele ansanm: Touye nonm sa a, lage Barabas ban nou.
19 Barabas sa a, se te yon nonm ki te nan prizon poutèt lèzam li te pran kont gouvènman an epi pou yon moun li te touye nan lavil la.
20 Pilat menm te vle lage Jezi. Li pale ak foul moun yo ankò.
21 Men yo rele: Kloure l’ sou yon kwa! Kloure l’ sou yon kwa!
22 Yon twazyèm fwa ankò, Pilat di yo: Manyè di m’ ki move zak li fè konsa? Mwen menm, mwen pa jwenn anyen nan nonm sa a ki merite lanmò. Mwen pa di nou mwen pral fè bat li byen bat, apre sa m’a lage li?
23 Men, yo pran rele pi fò, yo pèsiste ap mande pou yo kloure Jezi sou yon kwa. Yo sitèlman rele, Pilat ba yo gany.
24 Se konsa Pilat pran desizyon pou l’ ba yo sa yo te mande a.
25 Li lage moun pèp la te vle a, nonm ki te nan prizon pou konplo ak krim lan. Epi Pilat renmèt yo Jezi pou yo te fè li sa yo te vle a.
26  Antan sòlda yo t’ap mennen Jezi ale, yo kontre Simon, yon moun peyi Sirèn. Li te soti nan jaden. Yo pran msye, yo chaje l’ anba kwa a pou l’ pote li dèyè Jezi.
27 Yon bann moun nan pèp la t’ap swiv Jezi. Te gen kèk fanm la tou ki t’ap kriye, ki t’ap plenn sò li.
28 Jezi vire gade yo, li di yo konsa: Nou menm, medam lavil Jerizalèm, pa kriye pou mwen tande; kriye pou tèt pa nou ak tout pitit nou yo.
29 Gen jou k’ap vin dèyè; lè sa a y’a di: benediksyon pou fanm ki pa kapab fè pitit, pou fanm ki pa t’ janm fè pitit, pou fanm ki pa janm bay pitit tete.
30 Lè sa a, tout moun va di mòn yo: Tonbe sou nou! Y’a mande mòn yo: Kouvri nou!
31 Paske, si se sa yo fè bwa vèt la, kisa yo p’ap fè bwa chèch la?
32  Yo mennen de lòt moun, de krimenèl pou yo touye ansanm ak Jezi.
33 Lè yo rive kote yo rele Zo bwa Tèt la, yo kloure Jezi sou kwa a. Yo kloure de krimenèl yo sou de lòt kwa, yonn chak bò li.
34 Jezi di: Papa, padonnen yo. Yo pa konnen sa y’ap fè. Sòlda yo tire osò pou separe rad li yo.
35 Pèp la te kanpe la ap gade. Chèf yo t’ap pase Jezi nan rizib, yo t’ap di: Gade! Li sove lòt moun; si se Kris la li ye, moun Bondye chwazi a, se pou l’ sove tèt pa l’ tou.
36 Sòlda yo t’ap pase l’ nan betiz tou. Yo pwoche bò kote l’, yo ba l’ venèg pou l’ bwè,
37 epi yo di li: Si ou se wa jwif yo, se pou ou sove tèt ou ou menm!
38 Men sak te ekri sou tèt kwa a: Nonm sa a se wa jwif yo li ye.
39 Yonn nan krimenèl yo te kloure sou kwa yo t’ap joure li. Li t’ap di li: Se pa ou ki Kris la? Sove tèt ou non, epi sove nou ansanm avè ou tou.
40 Men lòt la reprann li, li di li: Gen lè ou pa pè Bondye, ou menm ki anba menm kondannasyon avèk li a?
41 Pou nou menm se jistis, paske nou resevwa sa nou merite pou krim nou fè. Men li menm, li pa fè anyen.
42 Epi li di Jezi: Chonje m’ wi lè wa vin pran gouvènman an nan men ou!
43 Jezi reponn li: Sa m’ap di ou la, se vre wi: Jòdi a ou pral avè m’ nan paradi.
44  Li te midi konsa lè solèy la sispann klere sou tout peyi a jouk vè twazè nan apremidi.
45 Rido ki te nan tanp lan chire fè de moso.
46 Jezi rele byen fò, li di: Papa, m’ ap renmèt lespri mwen nan men ou. Apre l’ fin di pawòl sa yo, li mouri.
47 Lè kaptenn lame a wè sak te rive, li fè lwanj Bondye, epi li di: Se vre wi. Nonm sa a te inonsan.
48 Tout moun ki te vini an foul pou asiste espektak sa a te wè sak te rive. Yo tounen al lakay yo, yo t’ap bat lestonmak yo.
49 Tout zanmi Jezi yo te rete yon ti jan lwen ansanm ak fanm ki t’ap mache avè l’ yo depi nan peyi Galile. Yo tout t’ap gade sak t’ap pase.
50  Te gen yon jwif ki te rele Jozèf, moun lavil Arimate. Se te yon bon gason ki te mache dwat devan Bondye.
51 Li t’ap tann kilè Bondye t’ap vin pran pouvwa a nan men li. Li te fè pati Gran Konsèy jwif yo, men li pa t’ dakò ak sa lòt yo te fè ni ak sa yo te deside.
52 Jozèf al lakay Pilat, li mande kò Jezi.
53 Apre sa, li al desann kò a sou kwa a, li vlope l’ nan yon bèl dra blan, epi li mete l’ nan yon kavo yo te fouye nan wòch. Se te yon kavo tou nèf: yo pa t’ ankò janm mete pesonn ladan li.
54 Se te yon jou vandredi, repo a tapral kòmanse.
55 Medam ki t’ap mache avèk Jezi depi nan peyi Galile yo te ale ansanm ak Jozèf. Yo wè kavo a, yo wè ki jan yo te mete kò Jezi ladan li.
56 Apre sa, yo tounen lakay yo, y’ al pare lwil santi bon ak odè pou benyen kò a. Men, jou repo a yo pa t’ fè anyen, jan lalwa Moyiz te vle l’ la.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Luc 23            

1 Ils se levèrent tous, et ils conduisirent Jésus devant Pilate.
Ils se mirent à l’accuser, disant: Nous avons trouvé cet homme excitant notre nation à la révolte, empêchant de payer le tribut à César, et se disant lui-même Christ, roi.
Pilate l’interrogea, en ces termes: Es-tu le roi des Juifs? Jésus lui répondit: Tu le dis.
Pilate dit aux principaux sacrificateurs et à la foule: Je ne trouve rien de coupable en cet homme.
Mais ils insistèrent, et dirent: Il soulève le peuple, en enseignant par toute la Judée, depuis la Galilée, où il a commencé, jusqu’ici.
Quand Pilate entendit parler de la Galilée, il demanda si cet homme était Galiléen;
et, ayant appris qu’il était de la juridiction d’Hérode, il le renvoya à Hérode, qui se trouvait aussi à Jérusalem en ces jours-là.
Lorsque Hérode vit Jésus, il en eut une grande joie; car depuis longtemps, il désirait le voir, à cause de ce qu’il avait entendu dire de lui, et il espérait qu’il le verrait faire quelque miracle.
Il lui adressa beaucoup de questions; mais Jésus ne lui répondit rien.
10 Les principaux sacrificateurs et les scribes étaient là, et l’accusaient avec violence.
11 Hérode, avec ses gardes, le traita avec mépris; et, après s’être moqué de lui et l’avoir revêtu d’un habit éclatant, il le renvoya à Pilate.
12 Ce jour même, Pilate et Hérode devinrent amis, d’ennemis qu’ils étaient auparavant.
13 Pilate, ayant assemblé les principaux sacrificateurs, les magistrats, et le peuple, leur dit:
14 Vous m’avez amené cet homme comme excitant le peuple à la révolte. Et voici, je l’ai interrogé devant vous, et je ne l’ai trouvé coupable d’aucune des choses dont vous l’accusez;
15 Hérode non plus, car il nous l’a renvoyé, et voici, cet homme n’a rien fait qui soit digne de mort.
16 Je le relâcherai donc, après l’avoir fait battre de verges.
17 A chaque fête, il était obligé de leur relâcher un prisonnier.
18 Ils s’écrièrent tous ensemble: Fais mourir celui-ci, et relâche-nous Barabbas.
19 Cet homme avait été mis en prison pour une sédition qui avait eu lieu dans la ville, et pour un meurtre.
20 Pilate leur parla de nouveau, dans l’intention de relâcher Jésus.
21 Et ils crièrent: Crucifie, crucifie-le!
22 Pilate leur dit pour la troisième fois: Quel mal a-t-il fait? Je n’ai rien trouvé en lui qui mérite la mort. Je le relâcherai donc, après l’avoir fait battre de verges.
23 Mais ils insistèrent à grands cris, demandant qu’il fût crucifié. Et leurs cris l’emportèrent:
24 Pilate prononça que ce qu’ils demandaient serait fait.
25 Il relâcha celui qui avait été mis en prison pour sédition et pour meurtre, et qu’ils réclamaient; et il livra Jésus à leur volonté.
26 Comme ils l’emmenaient, ils prirent un certain Simon de Cyrène, qui revenait des champs, et ils le chargèrent de la croix, pour qu’il la porte derrière Jésus.
27 Il était suivi d’une grande multitude des gens du peuple, et de femmes qui se frappaient la poitrine et se lamentaient sur lui.
28 Jésus se tourna vers elles, et dit: Filles de Jérusalem, ne pleurez pas sur moi; mais pleurez sur vous et sur vos enfants.
29 Car voici, des jours viendront où l’on dira: Heureuses les stériles, heureuses les entrailles qui n’ont point enfanté, et les mamelles qui n’ont point allaité!
30 Alors ils se mettront à dire aux montagnes: Tombez sur nous! Et aux collines: Couvrez-nous!
31 Car, si l’on fait ces choses au bois vert, qu’arrivera-t-il au bois sec?
32 On conduisait en même temps deux malfaiteurs, qui devaient être mis à mort avec Jésus.
33 Lorsqu’ils furent arrivés au lieu appelé Crâne, ils le crucifièrent là, ainsi que les deux malfaiteurs, l’un à droite, l’autre à gauche.
34 Jésus dit: Père, pardonne-leur, car ils ne savent ce qu’ils font. Ils se partagèrent ses vêtements, en tirant au sort.
35 Le peuple se tenait là, et regardait. Les magistrats se moquaient de Jésus, disant: Il a sauvé les autres; qu’il se sauve lui-même, s’il est le Christ, l’élu de Dieu!
36 Les soldats aussi se moquaient de lui; s’approchant et lui présentant du vinaigre,
37 ils disaient: Si tu es le roi des Juifs, sauve-toi toi-même!
38 Il y avait au-dessus de lui cette inscription: Celui-ci est le roi des Juifs.
39 L’un des malfaiteurs crucifiés l’injuriait, disant: N’es-tu pas le Christ? Sauve-toi toi-même, et sauve-nous!
40 Mais l’autre le reprenait, et disait: Ne crains-tu pas Dieu, toi qui subis la même condamnation?
41 Pour nous, c’est justice, car nous recevons ce qu’ont mérité nos crimes; mais celui-ci n’a rien fait de mal.
42 Et il dit à Jésus: Souviens-toi de moi, quand tu viendras dans ton règne.
43 Jésus lui répondit: Je te le dis en vérité, aujourd’hui tu seras avec moi dans le paradis.
44 Il était déjà environ la sixième heure, et il y eut des ténèbres sur toute la terre, jusqu’à la neuvième heure.
45 Le soleil s’obscurcit, et le voile du temple se déchira par le milieu.
46 Jésus s’écria d’une voix forte: Père, je remets mon esprit entre tes mains. Et, en disant ces paroles, il expira.
47 Le centenier, voyant ce qui était arrivé, glorifia Dieu, et dit: Certainement, cet homme était juste.
48 Et tous ceux qui assistaient en foule à ce spectacle, après avoir vu ce qui était arrivé, s’en retournèrent, se frappant la poitrine.
49 Tous ceux de la connaissance de Jésus, et les femmes qui l’avaient accompagné depuis la Galilée, se tenaient dans l’éloignement et regardaient ce qui se passait.
50 Il y avait un conseiller, nommé Joseph, homme bon et juste,
51 qui n’avait point participé à la décision et aux actes des autres; il était d’Arimathée, ville des Juifs, et il attendait le royaume de Dieu.
52 Cet homme se rendit vers Pilate, et demanda le corps de Jésus.
53 Il le descendit de la croix, l’enveloppa d’un linceul, et le déposa dans un sépulcre taillé dans le roc, où personne n’avait encore été mis.
54 C’était le jour de la préparation, et le sabbat allait commencer.
55 Les femmes qui étaient venues de la Galilée avec Jésus accompagnèrent Joseph, virent le sépulcre et la manière dont le corps de Jésus y fut déposé,
56 et, s’en étant retournées, elles préparèrent des aromates et des parfums. Puis elles se reposèrent le jour du sabbat, selon la loi.

Louis Segond {LSG}

Luke 23     

1 And the whole multitude of them arose, and led him unto Pilate.
And they began to accuse him, saying, We found this fellow perverting the nation, and forbidding to give tribute to Caesar, saying that he himself is Christ a King.
And Pilate asked him, saying, Art thou the King of the Jews? And he answered him and said, Thou sayest it.
Then said Pilate to the chief priests and to the people, I find no fault in this man.
And they were the more fierce, saying, He stirreth up the people, teaching throughout all Jewry, beginning from Galilee to this place.
When Pilate heard of Galilee, he asked whether the man were a Galilaean.
And as soon as he knew that he belonged unto Herod’s jurisdiction, he sent him to Herod, who himself also was at Jerusalem at that time.
And when Herod saw Jesus, he was exceeding glad: for he was desirous to see him of a long season, because he had heard many things of him; and he hoped to have seen some miracle done by him.
Then he questioned with him in many words; but he answered him nothing.
10 And the chief priests and scribes stood and vehemently accused him.
11 And Herod with his men of war set him at nought, and mocked him, and arrayed him in a gorgeous robe, and sent him again to Pilate.
12 And the same day Pilate and Herod were made friends together: for before they were at enmity between themselves.
13 And Pilate, when he had called together the chief priests and the rulers and the people,
14 Said unto them, Ye have brought this man unto me, as one that perverteth the people: and, behold, I, having examined him before you, have found no fault in this man touching those things whereof ye accuse him:
15 No, nor yet Herod: for I sent you to him; and, lo, nothing worthy of death is done unto him.
16 I will therefore chastise him, and release him.
17 (For of necessity he must release one unto them at the feast.)
18 And they cried out all at once, saying, Away with this man, and release unto us Barabbas:
19 (Who for a certain sedition made in the city, and for murder, was cast into prison.)
20 Pilate therefore, willing to release Jesus, spake again to them.
21 But they cried, saying, Crucify him, crucify him.
22 And he said unto them the third time, Why, what evil hath he done? I have found no cause of death in him: I will therefore chastise him, and let him go.
23 And they were instant with loud voices, requiring that he might be crucified. And the voices of them and of the chief priests prevailed.
24 And Pilate gave sentence that it should be as they required.
25 And he released unto them him that for sedition and murder was cast into prison, whom they had desired; but he delivered Jesus to their will.
26 And as they led him away, they laid hold upon one Simon, a Cyrenian, coming out of the country, and on him they laid the cross, that he might bear it after Jesus.
27 And there followed him a great company of people, and of women, which also bewailed and lamented him.
28 But Jesus turning unto them said, Daughters of Jerusalem, weep not for me, but weep for yourselves, and for your children.
29 For, behold, the days are coming, in the which they shall say, Blessed are the barren, and the wombs that never bare, and the paps which never gave suck.
30 Then shall they begin to say to the mountains, Fall on us; and to the hills, Cover us.
31 For if they do these things in a green tree, what shall be done in the dry?
32 And there were also two other, malefactors, led with him to be put to death.
33 And when they were come to the place, which is called Calvary, there they crucified him, and the malefactors, one on the right hand, and the other on the left.
34 Then said Jesus, Father, forgive them; for they know not what they do. And they parted his raiment, and cast lots.
35 And the people stood beholding. And the rulers also with them derided him, saying, He saved others; let him save himself, if he be Christ, the chosen of God.
36 And the soldiers also mocked him, coming to him, and offering him vinegar,
37 And saying, If thou be the king of the Jews, save thyself.
38 And a superscription also was written over him in letters of Greek, and Latin, and Hebrew, This Is The King Of The Jews.
39 And one of the malefactors which were hanged railed on him, saying, If thou be Christ, save thyself and us.
40 But the other answering rebuked him, saying, Dost not thou fear God, seeing thou art in the same condemnation?
41 And we indeed justly; for we receive the due reward of our deeds: but this man hath done nothing amiss.
42 And he said unto Jesus, Lord, remember me when thou comest into thy kingdom.
43 And Jesus said unto him, Verily I say unto thee, Today shalt thou be with me in paradise.
44 And it was about the sixth hour, and there was a darkness over all the earth until the ninth hour.
45 And the sun was darkened, and the veil of the temple was rent in the midst.
46 And when Jesus had cried with a loud voice, he said, Father, into thy hands I commend my spirit: and having said thus, he gave up the ghost.
47 Now when the centurion saw what was done, he glorified God, saying, Certainly this was a righteous man.
48 And all the people that came together to that sight, beholding the things which were done, smote their breasts, and returned.
49 And all his acquaintance, and the women that followed him from Galilee, stood afar off, beholding these things.
50 And, behold, there was a man named Joseph, a counsellor; and he was a good man, and a just:
51 (The same had not consented to the counsel and deed of them;) he was of Arimathaea, a city of the Jews: who also himself waited for the kingdom of God.
52 This man went unto Pilate, and begged the body of Jesus.
53 And he took it down, and wrapped it in linen, and laid it in a sepulchre that was hewn in stone, wherein never man before was laid.
54 And that day was the preparation, and the sabbath drew on.
55 And the women also, which came with him from Galilee, followed after, and beheld the sepulchre, and how his body was laid.
56 And they returned, and prepared spices and ointments; and rested the sabbath day according to the commandment.    
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}