Liv Oze / Osée / Hosea

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Oze 5     

1 Koute sa byen, nou menm prèt yo! Pare zòrèy nou, nou menm pitit Izrayèl yo! Louvri zòrèy nou, nou menm ki fanmi wa a! Se nou menm y’ap jije koulye a. Nou tounen yon pyèj sou mòn Mispa. nou tounen yon pèlen yo mete sou mòn Tabò.
Moun k’ap fè mechanste yo al twò lwen. Se mwen menm k’ap pini yo tout.
Depi lontan mwen konnen moun Efrayim yo. Pou moun Izrayèl yo menm, nanpwen anyen sou yo mwen pa konnen. Moun Efrayim yo lage kò yo nan fè tankou jennès, yo kite m’ pou lòt bondye. Moun Izrayèl yo menm mete tèt yo nan kondisyon yo pa ka fè sèvis pou mwen.
Avèk tou sa pèp la ap fè a, yo pa ka tounen vin jwenn Bondye yo a ankò. Yo pran nan sèvi zidòl. Yo pa konnen Seyè a ankò!
Sa pèp Izrayèl la ap fè nan awogans li, se sa k’ap lakòz yo kondannen l’. Avèk peche moun Izrayèl ak moun Efrayim yo ap plede fè yo, y’ap bite, y’ap tonbe. Menm moun peyi Jida yo ap bite ansanm ak yo tou.
Y’a pran mouton ak bèf pou fè ofrann pou Seyè a. Y’a chache l’, men yo p’ap jwenn li, paske li wete kò l’ sou yo.
Yo pa t’ kenbe pawòl yo ak Seyè a, yo twonpe l’. Yo fè yon bann timoun ki pa janm konnen Bondye. Nan yon sèl mwa, Bondye ap detwi yo nèt ansanm ak tout jaden yo.
 Kònen klewon an lavil Gibeya! Sonnen avètisman an lavil Rama! Bay rèl lavil Betavenn pou moun yo pare pou lagè! Leve pye nou, moun Benjamen! Lènmi dèyè nou.
Jou pou yo pini moun Efrayim yo rive. Y’ap fini nèt avèk yo. M’ap kanpe nan mitan tout branch fanmi Izrayèl yo, m’ap fè yo konnen sa ki gen pou rive vre.
10 Seyè a di ankò: Chèf peyi Jida yo fè menm bagay ak moun k’ap deplase bòn pou antre sou tè moun. M’ap move sou yo, m’ap vare sou yo tankou lavalas k’ap desann!
11 Moun Efrayim yo ap soufri anba moun k’ap peze yo a. Yo pèdi tè ki pou yo dapre lalwa, paske yo te soti pou yo te swiv moun ki pa gen anyen pou bay.
12 M’ap fini ak moun Efrayim yo, m’ap manje yo tankou poudbwa manje bwa. M’ap disparèt moun peyi Jida yo, m’ap fè yo tounen pouriti.
13 Moun Efrayim yo wè jan peyi a te malad, moun Jida yo te wè eta malenng peyi a. Lè sa a, moun Izrayèl yo kouri al mande sekou nan peyi Lasiri, yo voye moun al mande gran wa a sekou. Men, gran wa sa a pa ka ban nou gerizon, ni li p’ap ka geri malenng nou yo.
14 M’ap atake moun Efrayim yo tankou yon lyon. M’ap tonbe sou moun Jida yo tankou yon jenn ti lyon. Wi, se mwen k’ap dechire yo an miyèt moso. Apre sa, m’ap kite yo, m’ap depòte yo byen lwen peyi yo. Pesonn p’ap ka sove yo anba men m’.
15 M’ap vire do m’ tounen lakay mwen jouk y’a rekonèt fòt yo. Se lè sa a y’a chache m’. Wi, lè y’a wè jan y’ap soufri a, y’a mete chache m’.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Osée 5 

1 Écoutez ceci, sacrificateurs! Sois attentive, maison d’Israël! Prête l’oreille, maison du roi! Car c’est à vous que le jugement s’adresse, Parce que vous avez été un piège à Mitspa, Et un filet tendu sur le Thabor.
Par leurs sacrifices, les infidèles s’enfoncent dans le crime, Mais j’aurai des châtiments pour eux tous.
Je connais Éphraïm, Et Israël ne m’est point caché; Car maintenant, Éphraïm, tu t’es prostitué, Et Israël s’est souillé.
Leurs oeuvres ne leur permettent pas de revenir à leur Dieu, Parce que l’esprit de prostitution est au milieu d’eux, Et parce qu’ils ne connaissent pas l’Éternel.
L’orgueil d’Israël témoigne contre lui; Israël et Éphraïm tomberont par leur iniquité; Avec eux aussi tombera Juda.
Ils iront avec leurs brebis et leurs boeufs chercher l’Éternel, Mais ils ne le trouveront point: Il s’est retiré du milieu d’eux.
Ils ont été infidèles à l’Éternel, Car ils ont engendré des enfants illégitimes; Maintenant un mois suffira pour les dévorer avec leurs biens.
Sonnez de la trompette à Guibea, Sonnez de la trompette à Rama! Poussez des cris à Beth Aven! Derrière toi, Benjamin!
Éphraïm sera dévasté au jour du châtiment; J’annonce aux tribus d’Israël une chose certaine.
10 Les chefs de Juda sont comme ceux qui déplacent les bornes; Je répandrai sur eux ma colère comme un torrent.
11 Éphraïm est opprimé, brisé par le jugement, Car il a suivi les préceptes qui lui plaisaient.
12 Je serai comme une teigne pour Éphraïm, Comme une carie pour la maison de Juda.
13 Éphraïm voit son mal, et Juda ses plaies; Éphraïm se rend en Assyrie, et s’adresse au roi Jareb; Mais ce roi ne pourra ni vous guérir, Ni porter remède à vos plaies.
14 Je serai comme un lion pour Éphraïm, Comme un lionceau pour la maison de Juda; Moi, moi, je déchirerai, puis je m’en irai, J’emporterai, et nul n’enlèvera ma proie.
15 Je m’en irai, je reviendrai dans ma demeure, Jusqu’à ce qu’ils s’avouent coupables et cherchent ma face. Quand ils seront dans la détresse, ils auront recours à moi.

Louis Segond {LSG}

Hosea 5

1 Hear ye this, O priests; and hearken, ye house of Israel; and give ye ear, O house of the king; for judgment is toward you, because ye have been a snare on Mizpah, and a net spread upon Tabor.
And the revolters are profound to make slaughter, though I have been a rebuker of them all.
I know Ephraim, and Israel is not hid from me: for now, O Ephraim, thou committest whoredom, and Israel is defiled.
They will not frame their doings to turn unto their God: for the spirit of whoredoms is in the midst of them, and they have not known the Lord.
And the pride of Israel doth testify to his face: therefore shall Israel and Ephraim fall in their iniquity: Judah also shall fall with them.
They shall go with their flocks and with their herds to seek the Lord; but they shall not find him; he hath withdrawn himself from them.
They have dealt treacherously against the Lord: for they have begotten strange children: now shall a month devour them with their portions.
Blow ye the cornet in Gibeah, and the trumpet in Ramah: cry aloud at Bethaven, after thee, O Benjamin.
Ephraim shall be desolate in the day of rebuke: among the tribes of Israel have I made known that which shall surely be.
10 The princes of Judah were like them that remove the bound: therefore I will pour out my wrath upon them like water.
11 Ephraim is oppressed and broken in judgment, because he willingly walked after the commandment.
12 Therefore will I be unto Ephraim as a moth, and to the house of Judah as rottenness.
13 When Ephraim saw his sickness, and Judah saw his wound, then went Ephraim to the Assyrian, and sent to king Jareb: yet could he not heal you, nor cure you of your wound.
14 For I will be unto Ephraim as a lion, and as a young lion to the house of Judah: I, even I, will tear and go away; I will take away, and none shall rescue him.
15 I will go and return to my place, till they acknowledge their offence, and seek my face: in their affliction they will seek me early.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}