Liv Amòs / Amos  / Amos

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Amòs 8   

1 Se konsa, Seyè a, Bondye a, fè m’ fè yon lòt vizyon. Nan vizyon an, mwen wè yon panyen plen fwi mi.
Seyè a mande m’: -Kisa ou wè la a, Amòs? Mwen reponn: -Yon panyen fwi mi. Lè sa a, Seyè a di m’ konsa: -Izrayèl, pèp mwen an, mi tou. Li rive sou dènye jou l’ yo. Mwen p’ap chanje lide pou m’ fè pa l’ ankò.
Jou sa a, se p’ap chante ki va gen nan palè a, se va rèl. Se Seyè a menm ki di sa. Va gen anpil kadav toupatou. Y’a voye yo jete san di krik.
 Koute byen sa m’ap di nou la a, nou menm k’ap kraze pòv malere yo anba pye nou, nou menm k’ap fini ak malere yo nan peyi a.
N’ap plede di: Kilè fèt lalin nouvèl lan va pase pou nou ka vann diri nou? Kilè jou repo a va pase pou nou ka louvri depo nou yo pou nou vann? Lè sa a, n’a moute pri tout bagay, n’a sèvi ak fo mezi, n’a ranje balans yo pou nou ka twonpe pratik yo.
N’a pran moun serye ki pa ka peye dèt yo, n’a achte yo pou sèvi esklav. N’a pran pòv malere ki pa gen senk, n’a achte yo pou pri yon pè sapat. N’a vann ata pay diri a pou gwo lajan.
Seyè a fè sèman sou tèt li, li menm ki Bondye pèp Izrayèl la: Mwen p’ap janm bliye yonn nan move zak nou fè yo.
Se konsa latè pral pran tranble. Tout moun nan peyi a pral pran rele. Tout peyi a pral souke. L’ap moute, l’ap gonfle, apre sa l’ap desann tankou dlo larivyè Nil nan peyi Lejip.
Men pawòl Seyè a, Bondye a: Jou sa a, m’ap fè solèy la kouche gwo midi. Fènwa ap tonbe sou peyi a gwo lajounen.
10 M’ap fè nou sispann fè fèt. N’a nan gwo lapenn. M’ap fè nou sispann chante, n’a nan rele. M’ap fè nou mete rad sak kòlèt sou nou. N’a kale tèt nou. M’ap fè nou tonbe nan lapenn tankou moun k’ap kriye pou sèl pitit gason yo ki mouri. Se nan kè sere jounen sa a ap fini pou tout moun.
11  Men yon jou gen pou rive. Jou sa a, mwen pral voye yon sèl grangou sou peyi a. Se p’ap dèyè pen pou yo manje, ni dèyè dlo pou yo bwè y’a kouri. Men, se mesaj ki soti nan bouch Seyè a y’a anvi tande. Se Seyè a menm ki di sa.
12 Lè sa a, moun va pran kouri soti nan n o al nan sid, soti nan lès al nan lwès. Y’a mache toupatou ap chache yon pawòl nan bouch Seyè a. Men, yo p’ap jwenn.
13 Nan tan sa a, bèl jenn fi yo ak jenn gason yo va tonbe feblès paske yo p’ap jwenn sa y’ap pwonmennen chache a.
14 Kanta pou moun k’ap fè sèman sou Achima, zidòl peyi Samari a, moun sa yo k’ap plede di: Anverite bondye Dann lan! Anverite bondye Bècheba a! yo gen pou yo tonbe pou yo pa janm ka leve ankò.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Amos 8  

1 Le Seigneur, l’Éternel, m’envoya cette vision. Voici, c’était une corbeille de fruits.
Il dit: Que vois-tu, Amos? Je répondis: Une corbeille de fruits. Et l’Éternel me dit: La fin est venue pour mon peuple d’Israël; Je ne lui pardonnerai plus.
En ce jour-là, les chants du palais seront des gémissements, Dit le Seigneur, l’Éternel; On jettera partout en silence une multitude de cadavres.
Écoutez ceci, vous qui dévorez l’indigent, Et qui ruinez les malheureux du pays!
Vous dites: Quand la nouvelle lune sera-t-elle passée, Afin que nous vendions du blé? Quand finira le sabbat, afin que nous ouvrions les greniers? Nous diminuerons l’épha, nous augmenterons le prix, Nous falsifierons les balances pour tromper;
Puis nous achèterons les misérables pour de l’argent, Et le pauvre pour une paire de souliers, Et nous vendrons la criblure du froment.
L’Éternel l’a juré par la gloire de Jacob: Je n’oublierai jamais aucune de leurs oeuvres.
Le pays, à cause d’elles, ne sera-t-il pas ébranlé, Et tous ses habitants ne seront-ils pas dans le deuil? Le pays montera tout entier comme le fleuve, Il se soulèvera et s’affaissera comme le fleuve d’Égypte.
En ce jour-là, dit le Seigneur, l’Éternel, Je ferai coucher le soleil à midi, Et j’obscurcirai la terre en plein jour;
10 Je changerai vos fêtes en deuil, Et tous vos chants en lamentations, Je couvrirai de sacs tous les reins, Et je rendrai chauves toutes les têtes; Je mettrai le pays dans le deuil comme pour un fils unique, Et sa fin sera comme un jour d’amertume.
11 Voici, les jours viennent, dit le Seigneur, l’Éternel, Où j’enverrai la famine dans le pays, Non pas la disette du pain et la soif de l’eau, Mais la faim et la soif d’entendre les paroles de l’Éternel.
12 Ils seront alors errants d’une mer à l’autre, Du septentrion à l’orient, Ils iront çà et là pour chercher la parole de l’Éternel, Et ils ne la trouveront pas.
13 En ce jour, les belles jeunes filles et les jeunes hommes mourront de soif.
14 Ils jurent par le péché de Samarie, Et ils disent: Vive ton Dieu, Dan! Vive la voie de Beer Schéba! Mais ils tomberont, et ne se relèveront plus.

Louis Segond {LSG}

Amos 8 

1 Thus hath the Lord God shewed unto me: and behold a basket of summer fruit.
And he said, Amos, what seest thou? And I said, A basket of summer fruit. Then said the Lord unto me, The end is come upon my people of Israel; I will not again pass by them any more.
And the songs of the temple shall be howlings in that day, saith the Lord God: there shall be many dead bodies in every place; they shall cast them forth with silence.
Hear this, O ye that swallow up the needy, even to make the poor of the land to fail,
Saying, When will the new moon be gone, that we may sell corn? and the sabbath, that we may set forth wheat, making the ephah small, and the shekel great, and falsifying the balances by deceit?
That we may buy the poor for silver, and the needy for a pair of shoes; yea, and sell the refuse of the wheat?
The Lord hath sworn by the excellency of Jacob, Surely I will never forget any of their works.
Shall not the land tremble for this, and every one mourn that dwelleth therein? and it shall rise up wholly as a flood; and it shall be cast out and drowned, as by the flood of Egypt.
And it shall come to pass in that day, saith the Lord God, that I will cause the sun to go down at noon, and I will darken the earth in the clear day:
10 And I will turn your feasts into mourning, and all your songs into lamentation; and I will bring up sackcloth upon all loins, and baldness upon every head; and I will make it as the mourning of an only son, and the end thereof as a bitter day.
11 Behold, the days come, saith the Lord God, that I will send a famine in the land, not a famine of bread, nor a thirst for water, but of hearing the words of the Lord:
12 And they shall wander from sea to sea, and from the north even to the east, they shall run to and fro to seek the word of the Lord, and shall not find it.
13 In that day shall the fair virgins and young men faint for thirst.
14 They that swear by the sin of Samaria, and say, Thy god, O Dan, liveth; and, The manner of Beersheba liveth; even they shall fall, and never rise up again.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}