Liv Levitik / Lévitique / Leviticus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Levitik 8

1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l’ konsa:
-Pran Arawon ak pitit gason l’ yo ansanm avè ou. W’a pote rad seremoni yo, lwil pou mete moun osinon bèt apa pou Bondye a, towo yo ofri pou peye pou sa moun fè ki mal la, de belye mouton yo ak panyen pen san ledven yo tou.
Apre sa, w’a rele tout pèp la pou yo sanble devan pòt kay Randevou a.
Moyiz fè sa Seyè a te ba li lòd fè a, epi tout pèp la sanble devan pòt kay Randevou a
Moyiz di moun yo: -Men sa Seyè a te ban mwen lòd fè a.
Lè sa a Moyiz fè Arawon ak pitit gason l’ yo pwoche, li benyen yo nan dlo.
Lèfini, li mete chemiz la ak gwo rad la sou Arawon, li mare sentiwon an nan ren li. Apre sa, li mete jile a sou li, li mare bèl sentiwon jile a nan ren l’.
Epi li mete plastwon an sou li, li mete ourim ak tourim yo nan pòch plastwon an.
Li mare tèt Arawon ak gwo mouchwa tèt la, epi li pran plak lò ki te gen pawòl sa yo grave sou li: Apa pou Bondye, li mare l’ sou devan mouchwa a dapre lòd Seyè a te ba li.
10 Apre sa, Moyiz pran lwil pou mete moun apa pou Bondye a, li voye l’ sou kay Bondye a ak sou tout bagay ki ladan l’. Se konsa, li te mete yo apa pou sèvis Seyè a.
11 Li voye lwil la sèt fwa sou lotèl la ak sou tout bagay ki sèvi sou lotèl la, sou kivèt la ak tout pye li. Se konsa li mete yo apa pou sèvis Bondye.
12 Lèfini ankò, li pran lwil pou mete moun apa pou Bondye a, li vide l’ sou tèt Arawon. Se konsa li mete l’ apa pou Bondye.
13 Moyiz fè pitit gason Arawon yo pwoche, li mete rad yo sou yo, li pase sentiwon nan ren yo, li mare mouchwa tèt sou tèt yo, dapre lòd Seyè a te ba li.
14  Apre sa, Moyiz fè mennen ti towo yo ofri pou peye pou sa moun fè ki mal la. Arawon ak pitit gason l’ yo mete men yo sou tèt li.
15 Lèfini, Moyiz touye towo a, li tranpe dwèt li nan san towo a, li mete ti degout san sou kat kòn lotèl la. Apre sa, li fè ofrann pou peye pou tou sa moun te fè ki mal sou lotèl la, li vide tout rès san an atè nan pye lotèl la. Se konsa li mete l’ apa pou Bondye, li mande Bondye gras pou li.
16 Apre sa, Moyiz pran grès ki vlope tripay yo, mas grès ki sou fwa a, ansanm ak de wonyon yo ak tout grès yo, li boule yo nèt sou lotèl la.
17 Men, li pran tout vyann ti towo a, po a ak tout tripay la, li boule yo an deyò limit kote yo rete a, dapre lòd Seyè a te ba li.
18 Apre sa, Moyiz fè mennen belye mouton ki pou boule nèt pou Seyè a. Arawon ak pitit gason l’ yo mete men yo sou tèt li.
19 Moyiz touye l’, li pran san an, li vide l’ tout arebò lotèl la.
20 Li dekoupe belye a an divès moso. Apre sa, li boule tèt la, moso vyann yo ak tout moso grès yo nèt sou lotèl la.
21 Moyiz lave tripay yo ak pye yo nan dlo. Apre sa li boule tout towo a nèt sou lotèl la. Se te yon bèt li ofri pou boule nèt nan dife pou Seyè a, yon ofrann bèt k’ap fè Seyè a plezi ak bon sant li, dapre lòd Seyè a te ba li.
22 Apre sa, Moyiz fè mennen lòt belye mouton an, belye ki pou sèvi nan seremoni pou mete prèt yo apa pou Seyè a. Arawon ak pitit gason l’ yo mete men yo sou tèt li.
23 Moyiz touye l’, li pran ti gout nan san belye a, li mete l’ sou tete zòrèy dwat Arawon, sou pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li.
24 Apre sa, Moyiz fè pitit gason Arawon yo pwoche, li mete ti gout san sou tete zòrèy dwat yo, sou gwo pous men dwat yo ak sou gwo zòtèy pye dwat yo. Lèfini, Moyiz pran rès san an, li vide l’ tout arebò lotèl la.
25 Apre sa, li pran tout moso grès yo, ke a, tout grès ki vlope tripay yo, moso grès ki sou fwa a, de wonyon yo ak tout grès yo, ansanm ak jigo dwat la.
26 Nan panyen pen san ledven ki devan Seyè a, li pran yon pen antye, yon gato fèt ak lwil, ak yon pen rale. Li mete yo sou moso grès yo ak sou jigo dwat la.
27 Apre sa, li mete tout bagay sa yo nan men Arawon ak nan men pitit gason l’ yo, li balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann.
28 Apre sa, Moyiz pran ofrann yo nan men yo, li boule yo sou lotèl la anwo ofrann ki t’ap boule deja a. Se te yon ofrann pou bay prèt yo pouvwa pou yo sèvi Bondye, yon ofrann bèt k’ap boule nèt nan dife pou Seyè a, yon ofrann bèt k’ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
29 Moyiz pran moso pwatrin lan, li balanse l’ devan Seyè a tankou yon ofrann. Nan belye ki te sèvi nan seremoni pou mete prèt yo apa a, se pòsyon sa a ki te pou Moyiz, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la.
30 Lè sa a, Moyiz pran ti gout nan lwil pou mete moun apa pou sèvis Bondye a, li melanje l’ ak san ki te sou lotèl la, li voye l’ sou Arawon ak sou tout rad li yo, sou pitit gason Arawon yo ak sou tout rad yo.
31  Moyiz pale ak Arawon ansanm ak pitit gason l’ yo, li di yo: -N’a fè kwit vyann belye a devan pòt Tant Randevou a. Se la n’a manje l’ tou ansanm ak pen ki nan panyen ofrann yo fè lè nou t’ap resevwa pouvwa pou fè sèvis pou Bondye a, dapre lòd mwen te resevwa lè li te di m’: Arawon ak pitit gason l’ yo va manje vyann belye a.
32 Si gen rès nan vyann lan ak nan pen an ki rete apre yo fin manje, n’a boule l’ nan dife.
33 Pandan sèt jou, nou p’ap soti devan pòt Tant Randevou a, jouk lè y’a fini ak seremoni pou mete nou apa pou sèvis Bondye a, paske y’ap pran sèt jou pou fè seremoni pou ban nou pouvwa pou fè sèvis pou Bondye.
34 Sa nou wè nou fè jòdi a, se Seyè a menm ki te bay lòd pou nou te fè l’ pou peye pou tou sa nou te fè ki mal.
35 Pandan sèt jou, lajounen kou lannwit, n’a rete la devan pòt Tant Randevou a, epi n’a fè tou sa Seyè a te ban nou lòd fè a. Si se pa sa, n’a mouri. Wi, men lòd Seyè a te ban mwen an.
36 Se konsa, Arawon ak pitit gason l’ yo te fè tou sa Moyiz te di yo Seyè a te ba yo lòd fè a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Lévitique 8

1 L’Éternel parla à Moïse, et dit:
Prends Aaron et ses fils avec lui, les vêtements, l’huile d’onction, le taureau expiatoire, les deux béliers et la corbeille de pains sans levain;
et convoque toute l’assemblée à l’entrée de la tente d’assignation.
Moïse fit ce que l’Éternel lui avait ordonné; et l’assemblée se réunit à l’entrée de la tente d’assignation.
Moïse dit à l’assemblée: Voici ce que l’Éternel a ordonné de faire.
Moïse fit approcher Aaron et ses fils, et il les lava avec de l’eau.
Il mit à Aaron la tunique, il le ceignit de la ceinture, il le revêtit de la robe, et il plaça sur lui l’éphod, qu’il serra avec la ceinture de l’éphod dont il le revêtit.
Il lui mit le pectoral, et il joignit au pectoral l’urim et le thummim.
Il posa la tiare sur sa tête, et il plaça sur le devant de la tiare la lame d’or, diadème sacré, comme l’Éternel l’avait ordonné à Moïse.
10 Moïse prit l’huile d’onction, il oignit le sanctuaire et toutes les choses qui y étaient, et le sanctifia.
11 Il en fit sept fois l’aspersion sur l’autel, et il oignit l’autel et tous ses ustensiles, et la cuve avec sa base, afin de les sanctifier.
12 Il répandit de l’huile d’onction sur la tête d’Aaron, et l’oignit, afin de la sanctifier.
13 Moïse fit aussi approcher les fils d’Aaron; il les revêtit de tuniques, les ceignit de ceintures, et leur attacha des bonnets, comme l’Éternel l’avait ordonné à Moïse.
14 Il fit approcher le taureau expiatoire, et Aaron et ses fils posèrent leurs mains sur la tête du taureau expiatoire.
15 Moïse l’égorgea, prit du sang, et en mit avec son doigt sur les cornes de l’autel tout autour, et purifia l’autel; il répandit le sang au pied de l’autel, et le sanctifia pour y faire l’expiation.
16 Il prit toute la graisse qui couvre les entrailles, le grand lobe du foie, et les deux rognons avec leur graisse, et il brûla cela sur l’autel.
17 Mais il brûla au feu hors du camp le taureau, sa peau, sa chair et ses excréments, comme l’Éternel l’avait ordonné à Moïse.
18 Il fit approcher le bélier de l’holocauste, et Aaron et ses fils posèrent leurs mains sur la tête du bélier.
19 Moïse l’égorgea, et répandit le sang sur l’autel tout autour.
20 Il coupa le bélier par morceaux, et il brûla la tête, les morceaux et la graisse.
21 Il lava avec de l’eau les entrailles et les jambes, et il brûla tout le bélier sur l’autel: ce fut l’holocauste, ce fut un sacrifice consumé par le feu, d’une agréable odeur à l’Éternel, comme l’Éternel l’avait ordonné à Moïse.
22 Il fit approcher l’autre bélier, le bélier de consécration, et Aaron et ses fils posèrent leurs mains sur la tête du bélier.
23 Moïse égorgea le bélier, prit de son sang, et en mit sur le lobe de l’oreille droite d’Aaron, sur le pouce de sa main droite et sur le gros orteil de son pied droit.
24 Il fit approcher les fils d’Aaron, mit du sang sur le lobe de leur oreille droite, sur le pouce de leur main droite et sur le gros orteil de leur pied droit, et il répandit le sang sur l’autel tout autour.
25 Il prit la graisse, la queue, toute la graisse qui couvre les entrailles, le grand lobe du foie, les deux rognons avec leur graisse, et l’épaule droite;
26 il prit aussi dans la corbeille de pains sans levain, placée devant l’Éternel, un gâteau sans levain, un gâteau de pain à l’huile et une galette, et il les posa sur les graisses et sur l’épaule droite.
27 Il mit toutes ces choses sur les mains d’Aaron et sur les mains de ses fils, et il les agita de côté et d’autre devant l’Éternel.
28 Puis Moïse les ôta de leurs mains, et il les brûla sur l’autel, par-dessus l’holocauste: ce fut le sacrifice de consécration, ce fut un sacrifice consumé par le feu, d’une agréable odeur à l’Éternel.
29 Moïse prit la poitrine du bélier de consécration, et il l’agita de côté et d’autre devant l’Éternel: ce fut la portion de Moïse, comme l’Éternel l’avait ordonné à Moïse.
30 Moïse prit de l’huile d’onction et du sang qui était sur l’autel; il en fit l’aspersion sur Aaron et sur ses vêtements, sur les fils d’Aaron et sur leurs vêtements; et il sanctifia Aaron et ses vêtements, les fils d’Aaron et leurs vêtements avec lui.
31 Moïse dit à Aaron et à ses fils: Faites cuire la chair à l’entrée de la tente d’assignation; c’est là que vous la mangerez, avec le pain qui est dans la corbeille de consécration, comme je l’ai ordonné, en disant: Aaron et ses fils la mangeront.
32 Vous brûlerez dans le feu ce qui restera de la chair et du pain.
33 Pendant sept jours, vous ne sortirez point de l’entrée de la tente d’assignation, jusqu’à ce que les jours de votre consécration soient accomplis; car sept jours seront employés à vous consacrer.
34 Ce qui s’est fait aujourd’hui, l’Éternel a ordonné de le faire comme expiation pour vous.
35 Vous resterez donc sept jours à l’entrée de la tente d’assignation, jour et nuit, et vous observerez les commandements de l’Éternel, afin que vous ne mouriez pas; car c’est là ce qui m’a été ordonné.
36 Aaron et ses fils firent toutes les choses que l’Éternel avait ordonnées par Moïse.

Louis Segond {LSG}

Leviticus 8

1 And the Lord spake unto Moses, saying,
Take Aaron and his sons with him, and the garments, and the anointing oil, and a bullock for the sin offering, and two rams, and a basket of unleavened bread;
And gather thou all the congregation together unto the door of the tabernacle of the congregation.
And Moses did as the Lord commanded him; and the assembly was gathered together unto the door of the tabernacle of the congregation.
And Moses said unto the congregation, This is the thing which the Lord commanded to be done.
And Moses brought Aaron and his sons, and washed them with water.
And he put upon him the coat, and girded him with the girdle, and clothed him with the robe, and put the ephod upon him, and he girded him with the curious girdle of the ephod, and bound it unto him therewith.
And he put the breastplate upon him: also he put in the breastplate the Urim and the Thummim.
And he put the mitre upon his head; also upon the mitre, even upon his forefront, did he put the golden plate, the holy crown; as the Lord commanded Moses.
10 And Moses took the anointing oil, and anointed the tabernacle and all that was therein, and sanctified them.
11 And he sprinkled thereof upon the altar seven times, and anointed the altar and all his vessels, both the laver and his foot, to sanctify them.
12 And he poured of the anointing oil upon Aaron’s head, and anointed him, to sanctify him.
13 And Moses brought Aaron’s sons, and put coats upon them, and girded them with girdles, and put bonnets upon them; as the Lord commanded Moses.
14 And he brought the bullock for the sin offering: and Aaron and his sons laid their hands upon the head of the bullock for the sin offering.
15 And he slew it; and Moses took the blood, and put it upon the horns of the altar round about with his finger, and purified the altar, and poured the blood at the bottom of the altar, and sanctified it, to make reconciliation upon it.
16 And he took all the fat that was upon the inwards, and the caul above the liver, and the two kidneys, and their fat, and Moses burned it upon the altar.
17 But the bullock, and his hide, his flesh, and his dung, he burnt with fire without the camp; as the Lord commanded Moses.
18 And he brought the ram for the burnt offering: and Aaron and his sons laid their hands upon the head of the ram.
19 And he killed it; and Moses sprinkled the blood upon the altar round about.
20 And he cut the ram into pieces; and Moses burnt the head, and the pieces, and the fat.
21 And he washed the inwards and the legs in water; and Moses burnt the whole ram upon the altar: it was a burnt sacrifice for a sweet savour, and an offering made by fire unto the Lord; as the Lord commanded Moses.
22 And he brought the other ram, the ram of consecration: and Aaron and his sons laid their hands upon the head of the ram.
23 And he slew it; and Moses took of the blood of it, and put it upon the tip of Aaron’s right ear, and upon the thumb of his right hand, and upon the great toe of his right foot.
24 And he brought Aaron’s sons, and Moses put of the blood upon the tip of their right ear, and upon the thumbs of their right hands, and upon the great toes of their right feet: and Moses sprinkled the blood upon the altar round about.
25 And he took the fat, and the rump, and all the fat that was upon the inwards, and the caul above the liver, and the two kidneys, and their fat, and the right shoulder:
26 And out of the basket of unleavened bread, that was before the Lord, he took one unleavened cake, and a cake of oiled bread, and one wafer, and put them on the fat, and upon the right shoulder:
27 And he put all upon Aaron’s hands, and upon his sons’ hands, and waved them for a wave offering before the Lord.
28 And Moses took them from off their hands, and burnt them on the altar upon the burnt offering: they were consecrations for a sweet savour: it is an offering made by fire unto the Lord.
29 And Moses took the breast, and waved it for a wave offering before the Lord: for of the ram of consecration it was Moses’ part; as the Lord commanded Moses.
30 And Moses took of the anointing oil, and of the blood which was upon the altar, and sprinkled it upon Aaron, and upon his garments, and upon his sons, and upon his sons’ garments with him; and sanctified Aaron, and his garments, and his sons, and his sons’ garments with him.
31 And Moses said unto Aaron and to his sons, Boil the flesh at the door of the tabernacle of the congregation: and there eat it with the bread that is in the basket of consecrations, as I commanded, saying, Aaron and his sons shall eat it.
32 And that which remaineth of the flesh and of the bread shall ye burn with fire.
33 And ye shall not go out of the door of the tabernacle of the congregation in seven days, until the days of your consecration be at an end: for seven days shall he consecrate you.
34 As he hath done this day, so the Lord hath commanded to do, to make an atonement for you.
35 Therefore shall ye abide at the door of the tabernacle of the congregation day and night seven days, and keep the charge of the Lord, that ye die not: for so I am commanded.
36 So Aaron and his sons did all things which the Lord commanded by the hand of Moses.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}