Liv 1 Korent / 1 Corinthiens / 1 Corinthians

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Korent 7                 

Bon. Koulye a ann wè keksyon nou te mande m’ nan lèt nou an: Wi. Yon nonm fè byen si l’ pa marye.
Men, sitèlman gen dezòd lachè deyò a, se pou chak gason gen madanm pa yo. Konsa tou, se pou chak fanm gen mari pa yo.
Se pou gason an fè tout devwa yon mari dwe fè anvè madanm li. Konsa tou, se pou fanm lan fè tout devwa yon madanm dwe fè anvè mari li.
Madanm lan pa ka fè sa l’ vle ak kò li. Se pou mari a kò madanm lan ye. Konsa tou, yon mari pa ka fè sa l’ vle ak kò li. Se pou madanm lan kò mari a ye.
Piga yonn repouse lòt, esepte si nou te antann nou sou sa pou yon moman pou nou ka lapriyè. Men apre sa, tounen tounen nou ansanm pou n’ viv tankou mari ak madanm. Si nou pa fè l’ konsa, nou riske pa ka kontwole kò nou ankò. Lè sa a, n’a ka tonbe pi fasil nan pèlen Satan.
Se pa yon lòd m’ap bay lè m’ di sa, men se yon pèmisyon.
Pou di vre, mwen ta pito wè tout moun fè tankou mwen. Men, chak moun gen kado pa yo Bondye ba yo. Yon moun resevwa yon kalite kado, yon lòt moun resevwa yon lòt kalite kado.
Men sa m’ap di moun ki pa marye yo ansanm ak vèv yo. Li ta pi bon pou yo rete tankou m’, pou kont yo.
Men, si nou pa ka kontwole kò nou, marye marye nou. Pito nou marye pase pou n’ kite lanvi boule nou.
10  Kanta pou moun marye yo, men lòd mwen ba yo (Sa pa soti nan mwen non, men nan Seyè a menm): Lè yon fanm marye, li pa dwe kite ak mari li.
11 Si li rive kite avè l’, se pou l’ rete pou kont li, san l’ pa remarye. Pase pou l’ ta remarye, pito li tounen ak mari l’ ankò. Konsa tou, yon mari pa dwe mete madanm li deyò.
12 Pou lòt yo menm, men sa m’ap di: (Fwa sa a, sa se konsèy pa mwen. Sa pa soti nan Seyè a.) Si yon mari ki gen konfyans nan Kris la gen yon fanm ki pa gen konfyans nan Kris la, epi si fanm lan dakò pou l’ kontinye viv avè l’, mari a pa gen dwa mete l’ deyò.
13 Konsa tou, si yon fanm ki gen konfyans nan Kris la gen yon mari ki li menm pa gen konfyans nan Kris la, epi si mari a dakò pou l’ kontinye viv avè li, li pa fèt pou kite ak mari a.
14 Mari ki pa gen konfyans lan, Bondye asepte l’ paske l’ap viv ansanm ak madanm li ki gen konfyans. Konsa tou, madanm ki pa gen konfyans lan, Bondye asepte l’ paske l’ap viv ansanm ak mari l’ ki gen konfyans. Si sa pa t’ konsa, pitit nou yo ta tankou pitit moun lòt nasyon yo. Men, jan sa ye a, yo menm tou Bondye asepte yo.
15 Men, si moun ki pa gen konfyans lan vle kite, li mèt kite. Nan ka sa a, frè a osinon sè a pa gen ankenn angajman ankò. Paske, Bondye rele nou pou nou viv ak kè poze.
16 Eske ou konnen, ou menm madanm ki gen konfyans lan, si ou p’ap sove mari ou? Eske ou konnen, ou menm mari ki gen konfyans lan, si ou p’ap sove madanm ou?
17  Esepte nan ka sa a, se pou chak moun kontinye viv dapre kado Bondye ba yo, jan yo te ye lè Bondye te rele yo a. Se lòd sa a mwen bay nan tout legliz yo.
18 Si yon moun te deja sikonsi lè Bondye te rele l’ la, li pa bezwen chache wete mak sikonsizyon an sou li. Si yon moun pa t’ sikonsi lè Bondye te rele l’ la, li pa bezwen fè yo sikonsi li.
19 Kit ou sikonsi, kit ou pa sikonsi, sa pa konsekan ankò. Sa ki konsekan an se obeyi pou nou obeyi kòmandman Bondye yo.
20 Se pou chak moun rete jan yo te ye lè Bondye te rele yo a.
21 Si ou te esklav lè Bondye te rele ou la, pa chaje tèt ou pou sa. Men, si chans pou ou ou ka vin lib, pwofite chans lan.
22 Yon moun ki esklav, depi Bondye rele l’, se yon moun lib sou kont Seyè a li ye. Konsa tou, moun ki lib la, depi Bondye rele l’, se esklav Kris la li ye.
23 Bondye te achte nou. Li peye byen chè pou sa. Pa tounen esklav moun.
24 Frè m’ yo, se pou chak moun rete devan Bondye nan kondisyon yo te ye lè Bondye te rele yo a.
25  Kanta pou moun ki pa marye yo, Seyè a pa ban m’ ankenn lòd pou yo. M’ap bay lide pa m’, epi nou te mèt fè m’ konfyans akòz favè Bondye fè m’ nan kè sansib li gen pou mwen an.
26 Jan tan an difisil koulye a, men lide m’ fè nan tèt mwen. Mwen kwè sa bon pou yon nonm rete jan l’ ye a.
27 Si l’ gen tan gen yon madanm, li pa bezwen chache separe avè li. Si l’ poko marye, li pa bezwen chache yon madanm.
28 Si l’ ta vle marye tou, li mèt; li p’ap fè ankenn peche. Konsa tou, si yon jenn fi vle marye, li pa fè peche pou sa. Men, moun k’ap marye yo pral gen kont traka yo nan lavi a. Mwen pa ta renmen wè sa rive yo.
29 Frè m’ yo, men sa m’ vle di: Pa gen anpil tan ki rete ankò. Depi koulye a, se pou moun marye yo viv tankou si yo pa t’ marye.
30 Se pou moun k’ap kriye yo viv tankou moun ki pa gen lapenn. Moun ki gen kè kontan yo, se pou yo viv tankou moun ki pa gen kè kontan. Se pou moun k’ap achte yo viv tankou si sa yo achte a pa t’ pou yo.
31 Moun ki rich sou latè, se pou yo viv tankou moun ki pa gen anyen. Paske, jan sa ye koulye a nan lemonn, sa pa la pou lontan ankò.
32 Mwen pa ta renmen wè nou gen ankenn tèt chaje. Yon nonm ki pa marye, l’ap okipe zafè Seyè a sèlman. L’ap chache fè Seyè a plezi.
33 Yon moun ki marye, l’ap okipe zafè lemonn tou paske l’ap chache fè madanm li plezi.
34 Lè sa a, li vin gen de okipasyon. Konsa tou, yon fanm ki san mari, osinon yon jenn fi ki pa marye, sè zafè Seyè a sèlman y’ap okipe, paske yo vle mete tout kò yo, tout nanm yo apa pou li. Men, sa ki marye yo ap okipe zafè lemonn tou, paske y’ap chache fè mari yo plezi.
35 Se pou byen nou m’ap di nou sa. Mwen pa vle mare pye pesonn. Okontrè, mwen vle pou nou tout viv jan nou wè l’ pi bon pou nou an, epi pou nou toujou rete fè m’ ap sèvi Seyè a san dezanpare.
36  Ann wè koulye a keksyon de fiyanse ki pran desizyon pou yo rete san yo pa marye. Si jenn gason an santi li pa ka kontinye aji jan l’ te dwe ak jenn fi a, si l’ pa ka kontwole lanvi l’ ankò, si l’ wè se nesesè pou yo marye, yo mèt marye jan l’ vle l’ la. Li pa fè ankenn peche pou sa.
37 Konsa tou, si jenn gason an pran fèm desizyon pou l’ pa marye, si l’ kapab kontwole volonte l’, si li deside nan tèt li se sa pou l’ fè, enben, li fè byen si l’ pa marye ak jenn fi a.
38 Konsa, jenn gason ki marye ak fiyanse l’ la fè byen. Men, sa ki pa marye a fè pi byen toujou.
39  Yon fanm marye gen angajman ak mari l’ toutotan mari a vivan. Men, si mari a mouri, li lib marye ak moun li vle, depi se ak yon moun ki patizan Kris la.
40 Men, l’ap gen mwens tèt chaje si l’ rete jan l’ ye a. Sa se lide pa mwen. Epi mwen kwè poutèt pa m’ mwen gen Lespri Bondye a avè mwen.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

1 Corinthiens 7               

1 Pour ce qui concerne les choses dont vous m’avez écrit, je pense qu’il est bon pour l’homme de ne point toucher de femme.
Toutefois, pour éviter l’impudicité, que chacun ait sa femme, et que chaque femme ait son mari.
Que le mari rende à sa femme ce qu’il lui doit, et que la femme agisse de même envers son mari.
La femme n’a pas autorité sur son propre corps, mais c’est le mari; et pareillement, le mari n’a pas autorité sur son propre corps, mais c’est la femme.
Ne vous privez point l’un de l’autre, si ce n’est d’un commun accord pour un temps, afin de vaquer à la prière; puis retournez ensemble, de peur que Satan ne vous tente par votre incontinence.
Je dis cela par condescendance, je n’en fais pas un ordre.
Je voudrais que tous les hommes fussent comme moi; mais chacun tient de Dieu un don particulier, l’un d’une manière, l’autre d’une autre.
A ceux qui ne sont pas mariés et aux veuves, je dis qu’il leur est bon de rester comme moi.
Mais s’ils manquent de continence, qu’ils se marient; car il vaut mieux se marier que de brûler.
10 A ceux qui sont mariés, j’ordonne, non pas moi, mais le Seigneur, que la femme ne se sépare point de son mari
11 (si elle est séparée, qu’elle demeure sans se marier ou qu’elle se réconcilie avec son mari), et que le mari ne répudie point sa femme.
12 Aux autres, ce n’est pas le Seigneur, c’est moi qui dis: Si un frère a une femme non-croyante, et qu’elle consente à habiter avec lui, qu’il ne la répudie point;
13 et si une femme a un mari non-croyant, et qu’il consente à habiter avec elle, qu’elle ne répudie point son mari.
14 Car le mari non-croyant est sanctifié par la femme, et la femme non-croyante est sanctifiée par le frère; autrement, vos enfants seraient impurs, tandis que maintenant ils sont saints.
15 Si le non-croyant se sépare, qu’il se sépare; le frère ou la soeur ne sont pas liés dans ces cas-là. Dieu nous a appelés à vivre en paix.
16 Car que sais-tu, femme, si tu sauveras ton mari? Ou que sais-tu, mari, si tu sauveras ta femme?
17 Seulement, que chacun marche selon la part que le Seigneur lui a faite, selon l’appel qu’il a reçu de Dieu. C’est ainsi que je l’ordonne dans toutes les Églises.
18 Quelqu’un a-t-il été appelé étant circoncis, qu’il demeure circoncis; quelqu’un a-t-il été appelé étant incirconcis, qu’il ne se fasse pas circoncire.
19 La circoncision n’est rien, et l’incirconcision n’est rien, mais l’observation des commandements de Dieu est tout.
20 Que chacun demeure dans l’état où il était lorsqu’il a été appelé.
21 As-tu été appelé étant esclave, ne t’en inquiète pas; mais si tu peux devenir libre, profites-en plutôt.
22 Car l’esclave qui a été appelé dans le Seigneur est un affranchi du Seigneur; de même, l’homme libre qui a été appelé est un esclave de Christ.
23 Vous avez été rachetés à un grand prix; ne devenez pas esclaves des hommes.
24 Que chacun, frères, demeure devant Dieu dans l’état où il était lorsqu’il a été appelé.
25 Pour ce qui est des vierges, je n’ai point d’ordre du Seigneur; mais je donne un avis, comme ayant reçu du Seigneur miséricorde pour être fidèle.
26 Voici donc ce que j’estime bon, à cause des temps difficiles qui s’approchent: il est bon à un homme d’être ainsi.
27 Es-tu lié à une femme, ne cherche pas à rompre ce lien; n’es-tu pas lié à une femme, ne cherche pas une femme.
28 Si tu t’es marié, tu n’as point péché; et si la vierge s’est mariée, elle n’a point péché; mais ces personnes auront des tribulations dans la chair, et je voudrais vous les épargner.
29 Voici ce que je dis, frères, c’est que le temps est court; que désormais ceux qui ont des femmes soient comme n’en ayant pas,
30 ceux qui pleurent comme ne pleurant pas, ceux qui se réjouissent comme ne se réjouissant pas, ceux qui achètent comme ne possédant pas,
31 et ceux qui usent du monde comme n’en usant pas, car la figure de ce monde passe.
32 Or, je voudrais que vous fussiez sans inquiétude. Celui qui n’est pas marié s’inquiète des choses du Seigneur, des moyens de plaire au Seigneur;
33 et celui qui est marié s’inquiète des choses du monde, des moyens de plaire à sa femme.
34 Il y a de même une différence entre la femme et la vierge: celle qui n’est pas mariée s’inquiète des choses du Seigneur, afin d’être sainte de corps et d’esprit; et celle qui est mariée s’inquiète des choses du monde, des moyens de plaire à son mari.
35 Je dis cela dans votre intérêt; ce n’est pas pour vous prendre au piège, c’est pour vous porter à ce qui est bienséant et propre à vous attacher au Seigneur sans distraction.
36 Si quelqu’un regarde comme déshonorant pour sa fille de dépasser l’âge nubile, et comme nécessaire de la marier, qu’il fasse ce qu’il veut, il ne pèche point; qu’on se marie.
37 Mais celui qui a pris une ferme résolution, sans contrainte et avec l’exercice de sa propre volonté, et qui a décidé en son coeur de garder sa fille vierge, celui-là fait bien.
38 Ainsi, celui qui marie sa fille fait bien, et celui qui ne la marie pas fait mieux.
39 Une femme est liée aussi longtemps que son mari est vivant; mais si le mari meurt, elle est libre de se marier à qui elle veut; seulement, que ce soit dans le Seigneur.
40 Elle est plus heureuse, néanmoins, si elle demeure comme elle est, suivant mon avis. Et moi aussi, je crois avoir l’Esprit de Dieu.

Louis Segond {LSG}

1 Corinthians 7        

1 Now concerning the things whereof ye wrote unto me: It is good for a man not to touch a woman.
Nevertheless, to avoid fornication, let every man have his own wife, and let every woman have her own husband.
Let the husband render unto the wife due benevolence: and likewise also the wife unto the husband.
The wife hath not power of her own body, but the husband: and likewise also the husband hath not power of his own body, but the wife.
Defraud ye not one the other, except it be with consent for a time, that ye may give yourselves to fasting and prayer; and come together again, that Satan tempt you not for your incontinency.
But I speak this by permission, and not of commandment.
For I would that all men were even as I myself. But every man hath his proper gift of God, one after this manner, and another after that.
I say therefore to the unmarried and widows, it is good for them if they abide even as I.
But if they cannot contain, let them marry: for it is better to marry than to burn.
10 And unto the married I command, yet not I, but the Lord, Let not the wife depart from her husband:
11 But and if she depart, let her remain unmarried or be reconciled to her husband: and let not the husband put away his wife.
12 But to the rest speak I, not the Lord: If any brother hath a wife that believeth not, and she be pleased to dwell with him, let him not put her away.
13 And the woman which hath an husband that believeth not, and if he be pleased to dwell with her, let her not leave him.
14 For the unbelieving husband is sanctified by the wife, and the unbelieving wife is sanctified by the husband: else were your children unclean; but now are they holy.
15 But if the unbelieving depart, let him depart. A brother or a sister is not under bondage in such cases: but God hath called us to peace.
16 For what knowest thou, O wife, whether thou shalt save thy husband? or how knowest thou, O man, whether thou shalt save thy wife?
17 But as God hath distributed to every man, as the Lord hath called every one, so let him walk. And so ordain I in all churches.
18 Is any man called being circumcised? let him not become uncircumcised. Is any called in uncircumcision? let him not be circumcised.
19 Circumcision is nothing, and uncircumcision is nothing, but the keeping of the commandments of God.
20 Let every man abide in the same calling wherein he was called.
21 Art thou called being a servant? care not for it: but if thou mayest be made free, use it rather.
22 For he that is called in the Lord, being a servant, is the Lord’s freeman: likewise also he that is called, being free, is Christ’s servant.
23 Ye are bought with a price; be not ye the servants of men.
24 Brethren, let every man, wherein he is called, therein abide with God.
25 Now concerning virgins I have no commandment of the Lord: yet I give my judgment, as one that hath obtained mercy of the Lord to be faithful.
26 I suppose therefore that this is good for the present distress, I say, that it is good for a man so to be.
27 Art thou bound unto a wife? seek not to be loosed. Art thou loosed from a wife? seek not a wife.
28 But and if thou marry, thou hast not sinned; and if a virgin marry, she hath not sinned. Nevertheless such shall have trouble in the flesh: but I spare you.
29 But this I say, brethren, the time is short: it remaineth, that both they that have wives be as though they had none;
30 And they that weep, as though they wept not; and they that rejoice, as though they rejoiced not; and they that buy, as though they possessed not;
31 And they that use this world, as not abusing it: for the fashion of this world passeth away.
32 But I would have you without carefulness. He that is unmarried careth for the things that belong to the Lord, how he may please the Lord:
33 But he that is married careth for the things that are of the world, how he may please his wife.
34 There is difference also between a wife and a virgin. The unmarried woman careth for the things of the Lord, that she may be holy both in body and in spirit: but she that is married careth for the things of the world, how she may please her husband.
35 And this I speak for your own profit; not that I may cast a snare upon you, but for that which is comely, and that ye may attend upon the Lord without distraction.
36 But if any man think that he behaveth himself uncomely toward his virgin, if she pass the flower of her age, and need so require, let him do what he will, he sinneth not: let them marry.
37 Nevertheless he that standeth stedfast in his heart, having no necessity, but hath power over his own will, and hath so decreed in his heart that he will keep his virgin, doeth well.
38 So then he that giveth her in marriage doeth well; but he that giveth her not in marriage doeth better.
39 The wife is bound by the law as long as her husband liveth; but if her husband be dead, she is at liberty to be married to whom she will; only in the Lord.
40 But she is happier if she so abide, after my judgment: and I think also that I have the Spirit of God.    
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}