Liv Jeremi / Jérémie / Jeremiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jeremi 15   

1 Lè sa a, Seyè a di m’ konsa: -Menm si Moyiz ak Samyèl ta kanpe la pou plede avè m’ pou yo, mwen pa t’ap gen pitye pou pèp sa a. Wete yo devan je m’. Fè yo ale.
Lè y’a mande ou kote pou yo ale, w’a di yo: Men sa Seyè a di: Sa ki la pou mouri anba maladi pral mouri anba maladi! Sa ki la pou mouri nan lagè pral mouri nan lagè! Sa ki la pou mouri grangou pral mouri grangou! Sa ki la pou depòte, yo pral depòte yo!
Mwen pral voye kat kalite malè sou yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa: Nepe pou touye yo, chen pou trennen yo pote ale, zwezo nan syèl pou devore yo, bèt nan bwa pou fini ak yo.
M’ap fè tout nasyon sou latè sezi lè y’a wè sa ki rive yo poutèt sa Manase, pitit gason Ezekyas la, te fè nan lavil Jerizalèm lè li te wa nan peyi Jida a.
Seyè a di: -Ki moun ki va gen pitye pou nou, nou menm moun lavil Jerizalèm? Ki moun ki va pran lapenn pou nou? Ki moun ki va kite sa y’ap fè pou vin pran nouvèl nou?
Se nou menm ki voye m’ jete. Se Seyè a menm ki di sa. Se nou menm ki vire do ban mwen. Se konsa, mwen leve men m’ sou nou pou m’ detwi nou, paske mwen bouke pran pasyans ak nou.
Nan tout ti bouk nan peyi a, mwen mete nou nan laye pou vannen nou tankou pay. Mwen detwi pèp mwen an, mwen kite yo san pitit. Men, yo pa kite move chemen yo t’ap swiv la.
Mwen fè gen plis madanm ki pèdi mari yo nan peyi a pase gen grenn sab bò lanmè. Mwen touye jenn gason nou yo ki te fèk parèt nan lavi a. Mwen mete manman yo nan lapenn. M’ rete konsa m’ ba yo kè sere ak kè sote.
Manman ki pèdi sèt pitit la tonbe san konesans. Souf li kout. Gwo midi, solèy kouche pou li. Li wont, li pa konn sa pou l’ fè ankò. M’ap lage sa ki vivan toujou nan nou yo nan men lènmi k’ap touye yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
10  Ala yon malè pou mwen! O manman mwen, poukisa ou te fè m’? Mwen nan kont, mwen nan pale anpil ak tout moun nan peyi a. Mwen pa prete moun lajan, mwen pa prete lajan nan men moun. Malgre sa, tout moun ap ban m’ madichon.
11 Seyè, se pou tout madichon yo rive m’ vre si mwen pa sèvi ou byen, si mwen pa t’ plede avè ou pou tout lènmi m’ yo, lè yo te nan malè, lè yo te nan tou sak pa bon.
12 Pesonn pa ka kraze bout fè k’ap soti nan nò a, fè ki melanje ak kwiv la.
13 Seyè a di m’ ankò: -M’ap pran tout richès ak tout trezò pèp mwen an, m’ap lage yo nan piyay. Se konsa yo pral peye pou tout peche yo te fè toupatou nan peyi a.
14 M’ap fè nou tounen domestik lènmi nou yo nan yon peyi nou pa konnen, paske nou fè m’ fè kolè. Tankou yon dife m’ap boule nou.
15  Lè sa a mwen di: -Ou menm, Seyè, ou konn tout bagay. Pa bliye m’ non! Vin pote m’ sekou! Tire revanj pou mwen sou moun k’ap pèsekite m’ yo! Pa al twò dousman ak yo pou yo pa gen tan touye m’. Chonje se poutèt ou y’ap joure m’ konsa!
16 Lè ou pale avè m’, mwen koute tou sa ou di m’. Pawòl ou yo, se tout plezi m’. Yo fè kè m’ kontan, paske yo mete m’ apa pou ou, Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a.
17 Mwen pa pèdi tan m’ chita ak moun k’ap bay blag pou m’ pran plezi m’ ak yo. Ou te pran m’ anba ponyèt ou. M’ mete kò m’ sou kote, paske ou te fè m’ fache menm jan avè ou!
18 Poukisa m’ap soufri san rete konsa? Poukisa kote m’ blese a pa ka geri? M’ pa ka jwenn renmèd pou li. Gen lè ou soti pou ou woule m’? Ou tankou yon sous ki bay dlo lè l’ vle.
19 Men sa Seyè a reponn mwen: -Si ou tounen vin jwenn mwen, m’ap resevwa ou, w’a kanpe devan m’ ankò pou ou sèvi m’. Si ou sispann pale anlè pou se bon pawòl k’ap soti nan bouch ou ase, m’a fè ou pale pou mwen ankò. Lè sa a, se pèp la ki va tounen vin jwenn ou. Ou p’ap bezwen al dèyè yo.
20 M’ap fè ou kanpe devan moun sa yo tankou yon miray fèt an kwiv byen solid. Y’a goumen avè ou, men yo p’ap ka fè ou anyen. M’ap kanpe la avè ou pou m’ pwoteje ou, pou m’ delivre ou. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
21 M’ap delivre ou anba men mechan yo, m’ap fè ou soti anba ponyèt lwijanboje yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Jérémie 15

1 L’Éternel me dit: Quand Moïse et Samuel se présenteraient devant moi, Je ne serais pas favorable à ce peuple. Chasse-le loin de ma face, qu’il s’en aille!
Et s’ils te disent: Où irons-nous? Tu leur répondras: Ainsi parle l’Éternel: A la mort ceux qui sont pour la mort, A l’épée ceux qui sont pour l’épée, A la famine ceux qui sont pour la famine, A la captivité ceux qui sont pour la captivité!
J’enverrai contre eux quatre espèces de fléaux, dit l’Éternel, L’épée pour les tuer, Les chiens pour les traîner, Les oiseaux du ciel et les bêtes de la terre Pour les dévorer et les détruire.
Je les rendrai un objet d’effroi pour tous les royaumes de la terre, A cause de Manassé, fils d’Ézéchias, roi de Juda, Et de tout ce qu’il a fait dans Jérusalem.
Qui aura pitié de toi, Jérusalem, Qui te plaindra? Qui ira s’informer de ton état?
Tu m’as abandonné, dit l’Éternel, tu es allée en arrière; Mais j’étends ma main sur toi, et je te détruis, Je suis las d’avoir compassion.
Je les vanne avec le vent aux portes du pays; Je prive d’enfants, je fais périr mon peuple, Qui ne s’est pas détourné de ses voies.
Ses veuves sont plus nombreuses que les grains de sable de la mer; J’amène sur eux, sur la mère du jeune homme, Le dévastateur en plein midi; Je fais soudain tomber sur elle l’angoisse et la terreur.
Celle qui avait enfanté sept fils est désolée, Elle rend l’âme; Son soleil se couche quand il est encore jour; Elle est confuse, couverte de honte. Ceux qui restent, je les livre à l’épée devant leurs ennemis, Dit l’Éternel.
10 Malheur à moi, ma mère, de ce que tu m’as fait naître Homme de dispute et de querelle pour tout le pays! Je n’emprunte ni ne prête, Et cependant tous me maudissent.
11 L’Éternel dit: Certes, tu auras un avenir heureux; Certes, je forcerai l’ennemi à t’adresser ses supplications, Au temps du malheur et au temps de la détresse.
12 Le fer brisera-t-il le fer du septentrion et l’airain?
13 Je livre gratuitement au pillage tes biens et tes trésors, A cause de tous tes péchés, sur tout ton territoire.
14 Je te fais passer avec ton ennemi dans un pays que tu ne connais pas, Car le feu de ma colère s’est allumé, Il brûle sur vous.
15 Tu sais tout, ô Éternel, souviens-toi de moi, ne m’oublie pas, Venge-moi de mes persécuteurs! Ne m’enlève pas, tandis que tu te montres lent à la colère! Sache que je supporte l’opprobre à cause de toi.
16 J’ai recueilli tes paroles, et je les ai dévorées; Tes paroles ont fait la joie et l’allégresse de mon coeur; Car ton nom est invoqué sur moi, Éternel, Dieu des armées!
17 Je ne me suis point assis dans l’assemblée des moqueurs, afin de m’y réjouir; Mais à cause de ta puissance, je me suis assis solitaire, Car tu me remplissais de fureur.
18 Pourquoi ma souffrance est-elle continuelle? Pourquoi ma plaie est-elle douloureuse, et ne veut-elle pas se guérir? Serais-tu pour moi comme une source trompeuse, Comme une eau dont on n’est pas sûr?
19 C’est pourquoi ainsi parle l’Éternel: Si tu te rattaches à moi, je te répondrai, et tu te tiendras devant moi; Si tu sépares ce qui est précieux de ce qui est vil, tu seras comme ma bouche. C’est à eux de revenir à toi, Mais ce n’est pas à toi de retourner vers eux.
20 Je te rendrai pour ce peuple comme une forte muraille d’airain; Ils te feront la guerre, mais ils ne te vaincront pas; Car je serai avec toi pour te sauver et te délivrer, Dit l’Éternel.
21 Je te délivrerai de la main des méchants, Je te sauverai de la main des violents.

Louis Segond {LSG}

Jeremiah 15 

 1 Then said the Lord unto me, Though Moses and Samuel stood before me, yet my mind could not be toward this people: cast them out of my sight, and let them go forth.
And it shall come to pass, if they say unto thee, Whither shall we go forth? then thou shalt tell them, Thus saith the Lord; Such as are for death, to death; and such as are for the sword, to the sword; and such as are for the famine, to the famine; and such as are for the captivity, to the captivity.
And I will appoint over them four kinds, saith the Lord: the sword to slay, and the dogs to tear, and the fowls of the heaven, and the beasts of the earth, to devour and destroy.
And I will cause them to be removed into all kingdoms of the earth, because of Manasseh the son of Hezekiah king of Judah, for that which he did in Jerusalem.
For who shall have pity upon thee, O Jerusalem? or who shall bemoan thee? or who shall go aside to ask how thou doest?
Thou hast forsaken me, saith the Lord, thou art gone backward: therefore will I stretch out my hand against thee, and destroy thee; I am weary with repenting.
And I will fan them with a fan in the gates of the land; I will bereave them of children, I will destroy my people since they return not from their ways.
Their widows are increased to me above the sand of the seas: I have brought upon them against the mother of the young men a spoiler at noonday: I have caused him to fall upon it suddenly, and terrors upon the city.
She that hath borne seven languisheth: she hath given up the ghost; her sun is gone down while it was yet day: she hath been ashamed and confounded: and the residue of them will I deliver to the sword before their enemies, saith the Lord.
10 Woe is me, my mother, that thou hast borne me a man of strife and a man of contention to the whole earth! I have neither lent on usury, nor men have lent to me on usury; yet every one of them doth curse me.
11 The Lord said, Verily it shall be well with thy remnant; verily I will cause the enemy to entreat thee well in the time of evil and in the time of affliction.
12 Shall iron break the northern iron and the steel?
13 Thy substance and thy treasures will I give to the spoil without price, and that for all thy sins, even in all thy borders.
14 And I will make thee to pass with thine enemies into a land which thou knowest not: for a fire is kindled in mine anger, which shall burn upon you.
15 Lord, thou knowest: remember me, and visit me, and revenge me of my persecutors; take me not away in thy longsuffering: know that for thy sake I have suffered rebuke.
16 Thy words were found, and I did eat them; and thy word was unto me the joy and rejoicing of mine heart: for I am called by thy name, O Lord God of hosts.
17 I sat not in the assembly of the mockers, nor rejoiced; I sat alone because of thy hand: for thou hast filled me with indignation.
18 Why is my pain perpetual, and my wound incurable, which refuseth to be healed? wilt thou be altogether unto me as a liar, and as waters that fail?
19 Therefore thus saith the Lord, If thou return, then will I bring thee again, and thou shalt stand before me: and if thou take forth the precious from the vile, thou shalt be as my mouth: let them return unto thee; but return not thou unto them.
20 And I will make thee unto this people a fenced brasen wall: and they shall fight against thee, but they shall not prevail against thee: for I am with thee to save thee and to deliver thee, saith the Lord.
21 And I will deliver thee out of the hand of the wicked, and I will redeem thee out of the hand of the terrible.  
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}