www.bibkreyol.com

"Sit Ofisyèl Bib La"

 Jozye 1:8 Se pou pawòl ki nan liv lalwa a toujou nan bouch ou. Se pou w’ap kalkile yo nan tèt ou lajounen kou lannwit, pou ou ka viv dapre sa ki ekri nan liv la. Se konsa w’a mennen bak ou byen. Tout zafè ou va mache byen… 

10 Oktòb 2010-2022 Bib Kreyol Ministè Gen plis ke 12 Zan Depi Nap Leve Bib Kreyol La Anlè.

AN NOU Leve bib Kreyol la AN LÈ

Pawol la te la anvan nou.

JAN 1 Anvan Bondye te kreye anyen, Pawòl la te la. Pawòl la te avèk Bondye. Sa Bondye te ye, se sa Pawòl la te ye tou. 2 Pawòl la te la avèk Bondye depi nan konmansman. 3 Se ak Pawòl la Bondye fè tout bagay. Nan tou sa ki te fèt, pa t’ gen anyen ki te fèt san Pawòl la. JOZYE 1 : 8 Se pou pawòl ki nan liv lalwa a toujou nan bouch ou. Se pou w’ap kalkile yo nan tèt ou lajounen kou lannwit, pou ou ka viv dapre sa ki ekri nan liv la. Se konsa w’a mennen bak ou byen. Tout zafè ou va mache byen.

© fotografik

Eske'w li Bib La chak jou?

1 TIMOTE :13 Pandan w’ap tann mwen vini an, pa janm sispann li Liv la pou tout moun. Ankouraje frè yo, moutre yo tout bagay.

2 Timote 3 : 16

Tou sa ki ekri nan Liv la, se nan Lespri Bondye a yo soti. Y’ap sèvi pou moutre moun verite a, pou konbat moun ki nan lerè, pou korije moun k’ap fè fòt, pou moutre yo ki jan pou yo viv byen devan Bondye.

Pwoveb 4 : 20, 21

20 Pitit mwen, louvri lespri ou pou ou konprann byen sa m’ap di ou la a. Louvri zòrèy ou pou ou koute pawòl k’ap soti nan bouch mwen. 21 Pa janm kite yo soti devan je ou. Kenbe yo nan kè ou. Pa janm bliye yo.

Som 119 : 105 Jan 8 : 31

Jan 8 v 31 Jezi di jwif ki te kwè nan li yo: Si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou se disip mwen vre. 32 N’a konnen verite a, lè sa a verite a va ban nou libète nou.

Bib Kreyol La Se Ministè Pa'm

EFÈZ 3 : 2 Mwen kwè nou konnen deja ki jan Bondye, nan bon kè l’, te ban m’ travay sa a pou m’ te fè pou nou. 9 Li ban m’ privilèj sa a pou m’ fè tout moun wè aklè ki jan plan travay Bondye te sere nan kè li a ap reyalize, paske Bondye ki kreye tout bagay te kenbe plan sa a nan kè l’ depi lontan. 21 Wi, tout lwanj lan pou Bondye nan legliz la ak nan Jezikri, pou tout tan ak pou tout tan. Amèn. Se sa menm!

  TOUT GLWA SE POU SEYÈ A 

www.bazkretyen.com

Pandan wap navige sou sit la  si’ w ta wè yon erè kelkonk, ekri nou, fè nou konnen sa pou nou ka korije’l, Mèsi anpil.
Bwat Pou Voye Yon Mesaj